vendredi 7 août 2020

Rèl Dezespwa


Daprè Archibald Joseph Cronin (1896-1981), lanfè, se lè w pèdi lespwa. Kifè, paradi se lè w ap viv lespwa. Konsa, tout moun k ap viv san lespwa deja ap viv nan lanfè yo.

Dèyè anpil souri k ap fè elòj pou kè kontan, gen anpil detrès k ap kabicha. Gen silans k ap fè bri men pa gen zòrèy pou tande.

Chaje ka men pa gen kapab. Nou tout la men anpil nan nou delala. Je nou wè ase, zòrèy nou koute ase, men nou frape ase, se lè pou lavi di yon mo nan tristès li lage sou kè nou k ap fredone lajounen kou lannwit.

RÈL DEZESPWA se kalkil, zen, kondoleyans,
move nouvèl, revandikasyon, reziyasyon e silans. Se yon tablo ki sal ak penti dimil koulè pou ekspoze imaj lakay.

Ekstrè

Pèsekisyon

Listwa ap nwi memwa m
Mizè kidnape lavi m
Pwoblèm nan tèt mwen
Demen sot nan kalandriye m
Pon lavi kraze devan m
Lakay pran dife dèyè m
Lajistis efase non m nan kaye l
Kowona nan kò m
Plètil lanmò !

Paj 7


JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...