mercredi 5 août 2020

Ede JDE touche 10 mil timoun!


|EDIKASYON SEKSYÈL

Èske w kwè tout bon vre gen anpil timoun, sitou tifi yo, ki pa resevwa edikasyon seksyèl an Ayiti?

Si n ta pran pou n pale de sa, jounen an pa t ap sifi paske nou gen anpil prèv e sa p ap chanje, se ogmante l ap ogmante. Ou ka remake nan zòn ou oswa nan lòt zòn, tifi ap ansent depi laj 14 lane. Parapò ak mwayen ki pa genyen, se to analfabetis, chomaj, ensekirite alimantè k ap ogmante k ap frajilize sosyete a chak jou. Anpil deba fèt sou sa men kanta pou aksyon an, pa genyen l ase.

Se poutèt sa, m chwazi touche 10,000 ti gason ak tifi nan yon mesaj ki trè senp nan yon tiliv ki titre "ESKE W PRÈ?". Se yon dyalòg tèt frèt ak tout timoun ki gen laj pou renmen e li kreyòl. Ladan, m fè yo wè enpòtans otorite ak konsèy paran yo, poukisa Bondye te kreye yo e yo gen pou renmen ak fonde fwaye yo menm jan ak paran yo.

ESKE W PRÈ gen sèlman 20 paj nenpòt timoun ka li nan 60 minit pou pi plis. Paran li oswa nenpòt moun ka mande sa l aprann e m garanti w, l ap jwenn kichòy. Se vre, ti liv sa a pa sifi pou touche tout timoun ni tout sa ki konsène edikasyon seksyèl men li se yon boustè, yon zouti nenpòt paran ka itilize pou akonpaye pitit li nan chwa l ap fè bonè avan li ta jwenn move konsèy.

Mwen menm ak ou gen 3 posiblite pou rive touche 10,000 timoun sa yo:

1. Pwodwi liv
2. Distribye liv (sou fòma papye oswa PDF)
3. Ankouraje timoun ki nan zòn ou li l

Si w entèrese, ou ka kontakte m pou plis detay. Pou w li liv sa a sou telefòn, ou ka klike la a pou w Telechaje ESKE W PRÈ? gratis!

Nou pa ka fè edikasyon seksyèl tout timoun, men nou ka fè pa sa ki pi prè nou yo. Volonte sèlman nou bezwen!

Jeunesse et Lecture
Dawou 2020

Ou pa bezwen kretyen pou w fè abstinans seksyèl



Fè abstinans seksyèl pa yon kesyon fòseman kretyen, se tout jèn ki vle prepare avni yo ki dwe evite antre nan relasyon seksyèl avan yo marye. Kidonk, ou pa oblije kretyen pou  w pa nan fè bagay. Ou jis pa fè l pou evite danje sa yo:

1. Ansent avan lè
2. Kanpe nan etid ou
3. Trape enfeksyon moun pran nan rapò seksyèl
4. Marye ak yon moun ki pa t destine m
5. Divòse paske m pa ka viv ak konjwen m
6. Pèdi vrè sans renmen

Danje sa yo pa pou kretyen sèlman, se pou tout moun yo ye, kit se nonkwayan, vodouyizan, mason, elt. Kidonk, li enpòtan pou ou menm ki jèn, k ap etidye, k ap aprann metye pou w pwoteje tèt ou kont yo.

An reyalite, se pa ansent la ki pwoblèm nan men se preparasyon pou w pran swen pitit la, paske Leta ni Legliz pa gen kès pou pran swen timoun san papa. Se sa l te ka ye men fòk nou menm jèn nou kale je nou pou n wè kòman nou te pase mizè pou n san ye jodi a epi nan kèk segond pou tout lavi nou vole nan yon senp plezi ki dire kèk minit.

Pa koute moun, tankou Rock Fam di l, k ap di w pa gen yon bagay pou w pèdi. Kwè m, se vye entansyon ki nan tèt yo. Toutotan w ap bay, toutotan y ap pran...se sa k montre ke yo jèn jan.

Fè sèks se yon aktivite nòmal paske se Bondye ki te fè lòm ka fè l. San sèks, mwen menm ak ou pa t ap egziste. Se Bondye ki te pase Adan ak madanm li Èv pou yo fè pitit. Kòman sa t ap fè posib si pa t gen sèks? Ki sans maryaj t ap genyen si mari pa t konnen li t ap la fè sèks ak madanm li? Anfen...

Sèks bay plezi e li motive moun fonde fwaye. Men konsa tou, jan Jacky 2 Regle di l, sèks bay plezi konsa l fè soufri, sèks bay lavi konsa l ka detwi. Kidonk, panse ak konsekans chwa w ap fè lè w tonbe nan fè sèks pou w pa bay leta, paran w, legliz responsab pwoblèm ou.

Pa bliye Bondye ba w entèlijans ak volonte pou w viv. Pa fin gaspiye jenès ou pandan w gen fòs pou demen feblès ou pa fè w reziye w viv.

Kenbe diyite w
Kenbe kò w
Kenbe prestij ou

Avni Ayiti,
Avni Fanmi w
Avni w nan men w

JDE
© Jeunesse et Lecture
4 septanm 2019

Ou la pou w etone e non detwone moun ki egri


|MOTIVASYON

Bay tèt ou minimò 2 ak 3 moun pou li, tande oswa gade e reyaji ak sa w ap fè. Epi fè efò, selon sa w ap fè a, pou w fè yon bagay chak jou, an piblik oswa an prive.

Konsantre w. Ret fokis. Pasyone. Vin fou. Konsakre w. Fè erè. Mande konsèy. Korije. Aprann. Li. Swiv. Fè silans.

Nan yon ti tan ankò, 2 a 3 moun sa yo ap mennen 10 a 20. Pa gade foul la. Vize 10 moun ou santi ki konprann ou, valorize w, sansib pou ou, respekte e apresye w. Se yo k ap fè w konnen w ap pwogrese.

Pa janm bliye sa! Pwogrè w pi enpòtan pase bravo. Si w kenbe prensip sa a pou lontan e san rankin, chalbari, mepri, desepsyon, dout gen pou tounen pi gwo sous motivasyon pou fè w grandi e pete plafon.

Pa kite anyen ni pèsonn fè w tire revanj lè w atenn objektif ou paske istwa w, pakou w, eksperyans ou twò bèl pou l fini nan medyokrite ak divizyon.

OU LA POU ETONE MONN LAN MEN PA POU DETWONE OKENN EGRI AK JALOU!

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...