vendredi 21 février 2020

10 rezon ki fè gen inisyativ ki komanse ki pa ka fini

Èske pou yon fwa ou pa t patisipe nan yon rankont pou entegre oswa pran yon inisyativ? Se te ka nan zòn ou, nan Legliz ou, nan lekòl ou oswa nan travay ou. Epi, se gade w gade w w pa wè sa ki te pwomèt yo fèt. Moun ki te angaje yo rale kò yo epi tout bagay tounen menm jan e pafwa pi mal. Paske sa vin yon abitid, nou tout vin dakò sou deklarasyon sa a: ANYEN PA JANM KOMANSE POU L FINI ISIT! Men èske se vre? Olye m reponn kesyon sa a, annou wè ansanm kèk rezon ki ka fè non sèlman nou jwenn repons la men pou n pa pran repons yo sèvi eskiz. Se sa ki pi grav la nan yon reyalite konsa. Lè nou konnen pwoblèm yo epi n pran plezi ap pale de yo, eskiz se pi gwo mwayen pou n pa janm rezoud yo.


 1. VIZYON AN PA KLÈ

Yon inisyativ ka yon vizyon. Sa vle di yon sitiyasyon, yon moun nou swete chanje aprè yon tan. N ap viv pwoblèm nan, nou vle konbat li pou n jwenn yon lòt rezilta. Tout moun ki angaje yo nan vizyon sa a dwe byen konprann li pou yo pa dekouraje oswa fè lòt panse ki pral kraze mouvman an. Se sa ki fè, lidè mouvman an dwe byen kominike sa ki nan tèt li a pou tout moun k ap swiv li yo ka konnen kote yo prale. Si vizyon an pa klè, nenpòt moun ka ba l fòm li vle e trè souvan se move fòm yo ki fè plis enpak sou manm yo ak moun ki ta vle sipòte inisyativ la.


2. LIDÈ A PA ENSPIRE MOUN KONFYANS

Swiv yon moun san w pa wè sa l ap di w yo e sitou si l pa ka genyen anyen nan moman l ap fè pwomès la pa fasil. Poutan, se sa ki pou fè yon lidè serye, lè moun kwè nan ou malgre yo pa wè men yo fè w konfyans paske yo konnen ou ka atenn objektif ki vize a. Toutfwa, si w ap aji kòmsi se ou ki ka fè l pou kont ou, w ap pèdi konfyans kolaboratè w yo paske y ap wè kapasite yo, konsèy yo, enplikasyon yo pa enpòtan.

3. LIDÈ INISYATIV LA PA KONN MOTIVE


Fin patisipe nan yon reyinyon ki te trè enteresan gras ak bèl lide pa yon asirans angajman yo pral respekte vre. Se jis yon bon kòmansman men pi fò travay la rete pou fèt aprè. Dayè, pi souvan, lide ki te bwase yo, ou te konn pale yo ak zanmi oswa nan deba deja. Men pa t gen yon lidè ki te pran l fè cheval batay li. Ou menm tou, ou pa t janm wè nesesite pou w fè sa. Ebyen, si mèt inisyativ ou te patisipe a pa gen estrateji pou l fè enèji li te degaje a toujou motive w, domine w, pasyone w, w ap finalman dekouraje. Pi rèd ankò, ou gen dwa pa janm entèrese ak yon lòt inisyativ parèy paske w ap panse se menm penpenp la. 

4. KOLABORATÈ YO PA RESPEKTE VIZYON INISYATÈ YO

Toujou raple w yon vizyon rete yon vizyon. Ou te ka genyen l tou e w te ka mennen l pi byen pase inisyatè a. Men ou pa oblije opoze ak li paske l p ap mennen l jan w ta swete l la. Konsa tou, ou ka itilize estrateji pou w enfliyanse l nan fason pozitif, tankou pwopoze l lide w yo san w pa enpoze yo, fache oswa demisyone. Anpil moun bezwen bay konsèy men yo pa ka fè diferans ant konsèy ak lòd. Tout sa w di w vle se li ki pou fèt pa konsèy, se yon lòd. Si w ap bay yon bon konsèy, ou dwe kòmanse nan respè pou moun nan, answit nan renmen epi nan sajès. Moun nan gen dwa pou rejte konsèy ou a, reflechi sou li oswa aksepte l. Se pa t li menm ki te fè lide w fè a e pa gen anyen ki di l ki plan ki kache dèyè lide w la. Kidonk, li enpòtan pou w respekte vizyon lidè ki nan tèt gwoup a san w pa neglije ede l, sipòte l e konseye l. 

5. RESPONSAB YO PA VLE TRAVAY AN EKIP


Refize travay an ekip se pi gwo pwazon k ap detwi anpil rèv, vizyon, plan ki genyen pou kominote w la, Legliz ou a, gwoup ou a. Li fasil pou konnen rezon ki fè moun pa vle travay an ekip. M ap gen pou m ekri yon atik sou sa pèsonèlman. Pou koulye a, m ta renmen w konnen si manm nan kominote w la pa vle travay an ekip, menmsi vizyon yo a ta pi bèl nan monn lan, li p ap ka reyalize. Sepandan, ou ka gen yon ekip ki pa ka bay rezilta. Sa a ankò se yon lòt sijè pou n trete apa.

6.  PA GEN PLANIFIKASYON NAN PLAN AKSYON YO


Planifikasyon se yon pouvwa. Li ka fè w prevwa tout obstak e prepare pou fè fas ak yo. Malerezman, endisponiblite ak iresponsablite fè anpil lidè pa renmen oswa pa konn planifye sa y ap fè. Se sa k fè menm lè gen lajan, gen moun, anpil aktivite pa ka reyalize. Lè konsa, dekourajman, plenyen, kritik sifi pou kraze tout inisyativ la. N ap viv nan yon epòk kote moun pa gen pasyans, sitou nan sa ki mande yo pou chita, tande, fè lekti. Tout sa k ap fèt dwe planifye pou evite pèdtan, denigreman ak fristasyon.

7. MANK RESPÈ POU PLANIFIKASYON YO

E si ta gen planifikasyon, èske sa vle di tout bagay ap byen mache? Non. Aprè planifikasyon an, moun ki konsène yo dwe respekte plan ki te detèmine a. Premye sa ki pou respekte se lè, aprè se pwotokòl, answit se pozisyon e finalman aksyon ki dwe fèt. Pi gwo enmi planifikasyon se eskiz. Depi w te gentan di 'wi', tout sa k ap lakoz 'wi' sa a vin 'non' pa dwe sou responsablite w, sof nan ka majè, egzanp pou aksidan, maladi. Pwoblèm transpò, blokis se eskiz si koz la se yon abitid. Egzanp, w ap sot Kafou pou vin Pòtoprens, blokis pa ka eskiz pou ou. Ou te dwe deplase yon lè oswa ret pi prè evenman an. Tout sa dwe antre nan planifikasyon an, ou ta dwe prevwa yo pou si sa ta rive pou gentan gen ranplasman.


8. ENPASYANS NAN TANN REZILTA YO

M pa kwè w ap ka konte kantite asosyasyon ki te pran nesans nan zòn ou, poutan prèske youn pa rive atenn objektif yo menmsi yo kontinye egziste. Jodi a m vin di w pi gwo pwoblèm nan se ENPASYANS! Se pa menm tan an ou bezwen pou tann yon diri k ap kwit lakay ou ak yon jaden diri ki fèk plante. Tou de se diri men yo pa pran menm tan. Se konsa pou w wè inisyativ ou fè pati a. Nan konbyen tan sa y ap pale a ap rive? Nan konbyen tan w ap jwenn sa yo pwomèt ou a e ki aksyon ou dwe fè pou w jwenn li? Paske si w kanpe devan yon pòt ap tann li louvri, ou p ap janm antre si se ou ki dwe jwenn kle a epi louvri l. Ou pa dwe ap tann sèlman, fòk ou aji tou. Dayè, lè w ap tann san fè aksyon, sa kreye plis dezespwa. Se pa yon lòt asosyasyon pou n fè, se sa ki la deja yo pou n ranfòse paske si lòt ki la yo pa bay rezilta ak ou menm, nouvo a gen dwa pa bay li tou. Kidonk, avan ou pran yon lòt inisyativ, gade pou w wè si pa gen lòt deja ou ka entegre oswa sipòte pou l reyisi. Lè sa a, li ka sèvi w modèl. Men si nou tout ap fè pa nou paske n pa ka tann, nou p ap janm gen yon egzanp pou n swiv.

9. JALOUZI POU ENPAK VIZYON AN

Tout vizyon k ap reyalize gen yon enpak l ap fè. Si w wè l, sa vle di li ka fèt. E si li ka fèt, ou dwe mete men pou l reyalize. M panse se rezon sa a ki fè w fè pati yon gwoup deja. Jalouzi a pral manifeste sou plizyè fòm, tankou: ou pa entèrese ak aktivite vizyon an, ou swete echèk pou aktivite l yo, w ap denigre inisyativ la, ou sispèk tout bon rezilta, ou minimize siksè l fè e finalman ou kontan paske l pa la ankò. 




10. DIVIZYON
Divizyon an se dènye etap la nan tout sa n soti site la yo. Plis gen gwoup k ap divize, se plis travay nan tèt ansanm nan ap difisil. Ap gen mwens moun ki vle pou sa chanje men plis moun ki pa prè pou kolabore. Divizyon lakoz anpil inisyativ ret nan wout e lòt ki kraze. Poutan si nou ta chita pale sou koz divizyon yo nou t ap wè se feblès nou, inyorans ak lògèy ki fè n pa ka rete ini. Nou dakò viv yon kote n ap mouri ansanm men n refize poze aksyon kote n ap reyisi ansanm. 

Apati jodi a, lè w wè yon inisyativ pa reyisi nan zòn ou an, poze tèt ou kesyon sa a: ÈSKE MWEN PA YOUN NAN RESPONSAB YO? 

JDE 

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...