mardi 10 novembre 2015

SALI A PESONEL

Si nap kontinye analize eskiz moun ap bay pou yo pa konvèti, nap konprann ke yo kwè se lòt moun ki dwe fè yo sove, alòske se Jezikri ki te vin mouri pou te fè sa. Yo pa di « Aksepte pastè a » men « Aksepte Kris». Lè yon moun ekri w yon lèt, yon mesaje pote l ba ou, si ou fè mesaje sa a malonèt oswa ou pa resevwa lèt la, se pa mesaje a ou fè malonèt, se moun ki ekriw lèt la menm. Konsa, Levanjil la se yon lèt ke Bondye ekri voye ba ou. Premye premye mesaje a ki se Kris te bay li ak moun nan tan pa li a. Pou koulye a, se sèvitè li yo nan lemondantye ki responsab fè travay sa a. Lè ou refize kwè nan Levanjil sou pretèks ke moun k'ap prechew la pa bon, se pa moun sa a ou pa refize vre, men se Jezi ki te voye li a. Koute sa li te di yo : «Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon » (Matye 28.19). Plizyè fwa, ou tande Levanjil men nan tout fwa sa yo, toujou gen yon rezon ki anpeche ou.

Sali a pèsonèl, paske se ou sèl ki pou deside fè sa. Menmsi manman ou ta kretyen, papa ou ta jwe gwo wòl nan Legliz, tout frè ak sè ou se kretyen, pi fò zanmi ou se kretyen, sa pa pi enpòtan pase desizyon paw pou w aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou.

Konsa tou, sali a pèsonèl pa vle di ou ka pran Levanjil la jan'w pito. Pa bliye gen moun ki la pou ba'w li. Si Bondye pa't voye Jezi, pa t'ap gen sali sa a. Oubyen si li te dezobeyi, nou tout tap kondane. Se menm jan an, si premye disip Jezi yo pa't obeyi ak misyon Jezi sa a, Levanjil la pa t'ap vin nan peyi nou, e nou pa t'ap ka jwenn lavi ki pap janm fini an.

Nou chak gen lavi pa nou, kè pa nou, souf pa nou, san pa nou, libète pa nou, konsyans pa nou. Nou chak gen chwa pou'n aksepte oubyen rejte mesaj delivrans nanm nou nan peche gras ak mesaj ke kretyen yo ap preche. Ou ka chwazi delivre oubyen kondane nan peche. Men sa Jezi te di : « Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondane. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondane, paske yo pat gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. » (Jan 3.18). Sove depann de ou, pèdi, kondane oubyen peri a depann de ou tou, se pa ni Bondye ni pèsonn ki anpeche ou fè youn oubyen lòt.

Jérôme Dorsonne Emerson
10 rezon pou yon moun konveti
Profesame

Eskiz ou yo pap valab

Eskiz se yon rezon ke ou bay pouw pa fè oubyen di yon bagay. Konsa, tout moun ki pa vle konvèti gen pou pi piti youn nan rezon ke nou te site nan entwodiksyon an: m pa gen tan, priye pou mwen, m ap gentan, m poko prè, nan sa m ye a m pa ka kretyen, Bondye ap fè m konvèti avan m mouri, m ap konvèti lè m fin lekòl, gen twòp plezi deyò a, moun legliz twò fèzè, yo preche moun reziyasyon nan legliz, pastè yo twò raketè, pa gen legliz nan zòn nan ki bon, m te la men m ap gentan tounen....

Konvèti se desizyon ou pran pouw kwè nan Jezikri lè ou fin tande pale de li nan lari a, nan lekòl la, nan travay la, nan mache a, nan jaden an, nan legliz la, nan machin lan, nan kwazad la, nan plenè a, nan kennenpòt sikonstans la. Depi ou fin tande pale de Levanjil la, ou pa inosan ankò, ou pa inyoran ankò. Angwo, ou pap gen pyès pawòl pouw bay nan jou jijman an pou jistifye rebelyon ou te fè lè ou te tande Levanjil ki tap anonse sa ki gen pou rive moun ki pa kwè nan Jezi yo.

Konvèti pa depann de jan yon kretyen ap viv, byenke jan yon kretyen ap viv ka ede ou konvenk pi fasil. Sa depann de ou menm menm, de volonte ou, konpreyansyon ou, akò ou lè ou fin tande Levanjil la. Tout sa ou genyen kòm rezon ki fèw pa vle konvèti se yon eskiz. Gen moun ki di Bondye ap pran yo lè li vle : eskiz. Lòt di, Bondye wè tout bagay : eskiz. Anfen, gen moun ki temwanye pou di ke Bondye pwoteje yo ak pitit yo depi lontan, malè pa rive yo e gen anpil mirak Bondye fè nan lavi yo : eskiz. Bondye renmen tout moun, li pwoteje tout moun e li rele tout moun vin jwenn li. Li pa gade moun sou figi, li jije tout moun menm jan. Ke Bondye te fè anpil mirak nan lavi ou pa gen anyen pou wè ak konvèsyon ou si malgre tout sa li fè yo, ou pa konvèti jis ou rive mouri.

Sonje sa ! Bondye pa fè anyen pou bay lòm libète fè sa ki mal. Se pa paske ou te chape nan yon danje oubyen nan yon aksidan ki fè si ou mouri demen, ou pap jije. Ou pral jije sou sa ou te fè e non sou sa Bondye te fè pou ou. Dayè, depi lè ou fèt, wap viv, Bondye fè ase pou w ta konvèti. Ti tan ou te pase nan vant manman'w lan sifi pou'w ta chwazi sèvi Bondye, malerezman sa pat posib, paske ou te inosan. Si jodi a, ou gran, ou gen ase nanm pou’w deside konvèti. Moman an rive paske eskiz ou yo pap valab nan jou jijman an.

Jérôme Dorsonne Emersob

9 tandans negatif pou w evite fas ak fònikasyon


Fònikasyon se lè ou antre nan fe bagay sanw pa marye (1 Korent 6.18). Le ou marye, yo rele sa "adiltè" (1 Korent 7.2). Se pa tout moun k ap sèvi Bondye ki dakò oswa konprann fònikasyon se yon peche. Pou sa, yo bay anpil eskiz pou demontre yo ka fè sa pandan y ap kontinye sèvi Bondye. Mwen ekri atik sa a pou fè w dekouvri kòman ou ka rive dekouvri yon bann tandans ki pa bon. 

Si pou yon kategori moun, fònikasyon se yon peche grav, pou yon lòt, se yon plezi. Sa pi dwòl toujou, lè se yon kretyen ki deklare li pa peche oswa li pa yon gwo peche. Anpil eskiz, anpil fo agiman, anpil pawòl pou sipòte yon pratik Bondye pa renmen. Men kèk tandans ou dwe evite pou kouri lwen fònikasyon.
                                       
1.    Tout moun ap fè l

Se pa paske tout moun ap fè yon bagay ki fè li bon. Dayè, tout moun pa kretyen, tout moun p ap swiv prensip Bondye yo. Si yon moun se kretyen pou l toujou ap viv selon sa tout moun ap di, li pa viv nan lafwa paske lafwa soti nan sa ou tande sou pawòl Kris la (Women 10.17).  Ou pa ka patizan Jezi epi se prensip ki fè Satan kontan w ap swiv. Yon kretyen se yon moun ki kwè nan ansèyman Jezi yo. Trè souvan, gen moun ki di yo se kretyen, men yo viv daprè panse pa yo, jijman pa yo, agiman pa yo. Se pa sa Bib la di. Apot Pòl di : « Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kòl nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li » (1 Korent 6.18). Kò kretyen an se Tanp Sentespri a, zafè Bondye te achte ak san Kris (v19-20). Si ou se kretyen tout bon, ou dwe konnen e toujou sonje kò ou pa fèt pou dezòd lachè. Zafè ki gade moun k ap fònike yo, Bondye va jije yo paske Bib la di : « Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte » (Galat 6.7). Si yon kretyen chwazi fònike, l ap rekòlte sa li te simen. Ou pa ka chita sou yon mal pou w jistifye yon aksyon.


2.    M ap mande Bondye padon aprè

Lè Bondye padone ou, Li pa sèlman efase peche ou yo, men Li bò w yon lòt vi, yon lòt kapasite, Li fè w vin yon lòt moun (2 Korent 5.17) e ou gen lajwa nan kè w. Anplis, ou vin pè peche sa a. Mete nan lide ke wap jwenn padon aprè se inyore kòmandman Bondye yo, meprize santans li tou. Panse w ap jwenn padon pou yon peche apre se deja peche, paske Sentespri Bondye deja konvenk ou li pa bon. Anplis de sa, pèsiste nan yon peche se prèv ou poko sove paske moun ki sove a p ap pran plezi l nan pratike peche (1 Jan 3.9). Yon fwa mennen 2 fwa, 2 mennen 3, 3 mennen yon vis. Kilès ki ta di Batcheba ta lakoz Wa David  tout pwoblèm sa yo? Ou kwè Ananyas ak Safira t ap bay manti si yo te konnen yo ta pral mouri ? Menm lè Bondye padone ou, sa pa toujou anpeche ou sibi konsekans yo. Konprann byen ! Padon Bondye se pou evite kondane ou paske chak lè ou peche, se kòmsi ou rekloure Jezi sou kwa a. Se poutèt sa, lè kretyen an peche, Bondye pa kondane li paske Jezi te vin mouri pou sa deja (Ebre 9.25-28). Pwovèb la di : « Evite miyò pase mande padon ». Olye ou mande padon, pito ou evite danje nan peche w ap fè a. Se vre Bondye toujou padone, men ou pa konnen si w ap gentan mande padon, sitou si sali ou pot ko asire. E ou pa janm konnen si peche w ap fè a pa p lakoz ou mouri sou plas e menm gen konsekans sou lot moun.

3.    Pa gen moun k ap konnen

David di nan Sòm 139.7 : « Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou ? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou ? ». Si se te pastè a, dyak la, paran ou oubyen nenpòt moun nan ki t ap fè peye konsekans peche, ala moun yo t ap dekouvri nan fè peche paske li fasil pou w fè yon bagay ankachèt pou lòm pa konnen. Sa fè, menm aprè yon moun fin fè peche, li posib pou l toujou patisipe nan sèvis Legliz la. Kretyen an konnen Bondye toupatou an menm tan (omniprezan). Anyen pa ka kache devan je li. Pyès moun pa wè w, men moun k ap jije w la wè w. Kidonk, lè yon pastè ap konseye w fònike, se yon byen l ap fè pou ou. Ou dwe remèsye l, onore li, priye Bondye pou pwoteje li. Malerezman, anpil jèn yo sitou, pa renmen egzòtasyon sou fònikasyon ak plizyè lòt pratik ki pa gen pa rapò ak lafwa. Yo pran predikatè yo pou enmi, moun k ap siveye zafè yo. Jan li ekri nan 1 Korent 5.24-25 la, yon jou kanmenm, y ap dekouvri fònikasyon an. Si ou entèlijan menm jan ak David, ou bezwen konfese peche w pou Bondye padone w. Si ou pa ta vle echwe demen, si ou ta renmen fè Bondye plezi, ou ta renmen vin yon modèl pou tout jèn kretyen, li enpòtan e trè presan pou w kite fònikasyon.

4.    Kòm se pa m li ye

Yon kretyen sensè p ap janm fè yon deklarasyon konsa paske men sa Bib la di: “ Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri Bondye te ban nou an ? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, Li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye. » (1 Korent 6.19-20). Nan ka sa a, fònikasyon pa bon paske li pa ka fè lwanj Bondye. Yon kretyen pa dwe estomake lè yo avèti li de konsekans peche, lè yo egzòte li pou yon mal li fè oubyen pou jan li konpòte li, paske pa gen moun ki pa fè peche, men sila ki pa rekonèt peche li p ap jwenn padon (1 Jan 1.8-9). Toujou nan menm Bib la, men sa nou li : “ Se sa k fè, kit n ap manje, kit n ap bwè, nenpòt kisa n ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye” (1 Korent 10.31). Kò w se pa w men ou pa ka fè sa w vle ak li. Lavi ou se pa w : wi, men ou pa ka deside viv tout tan ou vle. Je w se pa w, men w pa ka anpeche yo fèmen pou w dòmi. Kò kretyen an se pou Bondye paske li se kreyati Bondye e pitit Bondye gras ak redanmsyon an. Bib la plis mande nou pou n pa obeyi ak egzijans kò nou (Galat 5.16) paske moun k ap viv konsa pa ka fè Bondye plezi (Women 8.8). Se swa ou se kretyen pou w itilize kò w  pou fè lwanj Bondye oubyen ou pa chwazi sa pou w viv jan w vle.

5.    Pa jije m

Kisa “jije” vle di? Jije, se apresye yon bagay daprè sa ou panse, di yon pawòl pou pran posizyon w nan yon bagay. Se lè ou aji tankou yon abit pou w pran desizyon. Diksyonè Ilistre Lang Aysyen an defini l konsa : « Di si yon bagay bon oubyen move. Di si yon moun koupab ou inosan ». Diksyonè Kreyòl Karayib la di : « Bay opinyon, deside ki moun ki gen rezon, ki moun ki gen tò nan yon jijman. Nou tande souvan moun di : Pa jije m ! E
Èske sa vle di pinga yo di anyen de li ? Non ! Paske menm Bib ki di pa jije a (Matye 7.32 ; Lik 6.37) li di kòman nou ka jije (Jan 7.24; 1 Korent 2.15 ; 5.12 ;6.2-4).  Men 2 bagay nou dwe konnen an pasan :

1) Nou dwe jije sa ki mal (Efezyen 5.10-13 ; 1 Korent 5.3). Si w ap viv nan peche, yo pa ka tolere ou ladan, paske men sa Bib la deklare : « Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè. » (1 Timote 5.20).

2) Nou dwe byen jije (1 Samyèl 16.7, Jan 7.24; Jan 8.15). Menm Jezi ki di pa jije nan Matye 7.1 a, se Li menm ki di kòman pou jije nan Jan 7.24 : « Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat ». Apot Pòl pral di tou : « Zafè moun deyò pa gade m, mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, èske se pa sa devwa nou pou n jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n yo ? Tankou yo di l nan Liv la : Wete mechan an nan mitan nou. » (1 Korent 5.12-13). Nan 1 Timote 5.24-25, pawòl la pi klè sou jijman peche : « Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gentan wè tout peche yo akle konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal. Konsa tou, tout byen yon moun fè gen pou parèt aklè, menm sa ou pa wè lapoula. Yo pa ka rete kache.» Konsa, si se pou jije, yon pastè oubyen yon kretyen ap jije w ale pou vini, depi jijman li an baze sou sa ki dwat (Detewonòm 1.16). Bib la pa kont yon pastè siveye w paske men sa li fè konnen: « Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun kap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo p at chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k ap pale ak nou antan l nan syèl la. » (Ebre 12.25). Se nòmal pou yo jije w paske se peche w ap fè.


6.    Ou pa fè l tou ?

Souvan, sa rive moun k ap di pa jije l la pa manke jije li menm. Lè David te peche a, Bondye te voye pwofèt Natan repwoche li. David pa t fache ni li pa t nye peche a. Li te kouri pran sak li pou jene pou mande padon, paske li konsyan li te fè l vre : « Mwen rekonèt sa m fè a pa bon. Se tout tan peche m lan devan je m (Sòm 51.3). Lè nou fache kont yon moun paske nou tonbe nan peche, se rezon nou sanse ap chache. Devan Bondye pa gen gwo ni ti kretyen, depi w peche ou dwe konfese l. Yon kretyen yo jije paske li tonbe nan peche dwe di Bondye mèsi paske moun vin di l sa avan Bondye pini li, paske si se Bondye k ap pini li, pèsonn p ap ka mande sekou pou li. Farizyen yo te konn lalwa fen e byen, men yo pa t fè tout sa yo t ap di. Nan sitiyasyon sa a, men sa Jezi te di disip yo sou sa : « Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.” (Matye 23.3). An reyalite, Jezi pa ankouraje pastè a fè peche paske sa ka gen konsekans sou edifikasyon manb asanble a, men lè ou fè yon peche, yo reprann ou pou sa, ou pa dwe akize yo pou eskize w. Se pa t zanj Bondye te chwazi pou preche Levanjil, se moun menm jan ak ou : Pyè, Jan, Pòl…..Li posib pou w jwenn yon defo pou w rejte sa yon moun di w, men pa bliye se Bondye k ap fè fen an. Si ou pa vle moun antre nan zafè ou, ou sanlè pa gen plas ou nan Levanjil la paske nan Kris la nou fè yon sèl kò, yon sèl fanmi e se yon sèl Bondye n ap sèvi. Angwo, nou se frè ak sè, manman, papa ak pitit. Nou se manb yon sèl kò. Jan Pòl di a : « Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avèl tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li. » (1 Korent 12.26). Se pou evite ou soufri ki fè yo jije aksyon w. Lè bouch frape, li pa ka anpeche men manyen e siye san an. Yon fi pa ka sere pati entim li pou je li ak men li. Poukisa ? Paske je li ak men li nan kò li. Se nòmal, pou yo wè e touche. Kontrèman, kou se yon lòt moun, fi a p ap dakò. Ebyen se sa ki fè, pou de moun antre nan relasyon seksyèl, yo bezwen fè yon sèl nan maryaj. Pwiske yo se yon sèl, pa gen timidite ankò. Lè sa a, apot la pral di : « Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. » (1 Korent 7.4). Pou n fini, moun k ap fònike a epi k ap kritike ou menm k ap fònike tou, nou youn pa pi bon devan Bondye. Nou se de pechadò, n ap sibi menm pèn. Si ou entèlijan, lè yon kretyen oubyen nenpòt moun rale zòrèy ou pou sa w ap fè ki mal, se pou w di l mèsi, paske si se Bondye, li p ap dous pou ou.

7.    Se menaj mwen li ye

Nou sot wè pi wo a kò madanm lan pa pou li, ni kò mari a tou. Sa fè n konprann si de moun pa marye, youn pa gen dwa sou kò lòt. Fi a gen tout dwa li pou l refize tonbe nan peche, menm jan ak gason an tou. Kit nan fiyansay, kit ni maryaj, kò kretyen an se pou Bondye. Avan li marye, li dwe evite fònikasyon, e lè li fin marye, li dwe evite adiltè.  Kifè, menm si mari a ta di fanm lan pou l kouche ak yon lòt gason paske l se mèt kò a, sa p ap posib, pwiske sa pral lakoz adiltè e adiltè se yon enfidelite dabò kont Bondye, answit kont mari a. Menaj pa vle di madanm ni mari. Menm lè ou fiyanse, ou pral marye, ou pa gen otorizasyon pou w fònike paske kò nou youn poko pou lòt, se aprè maryaj la fin ini nou.

8.    Ou pa jenn jan
Si yon moun pa konnen valè li antanke sevitè, sèvant Bondye, l ap rive fè sa ki mal san li pa rann kont. Se sa ki fè, kretyen an bezwen konnen nan ki kan li kanpe pou li pa nan jwe marèl nan Levanjil. Prensip Bondye yo pa ka fè moun ki pa gen krentif pou li obeyi yo. Pa gen moun ki pi saj pase Bondye, pa vre? Ebyen, kilès ki ka pi byen dirije w aprè Bondye? Pèsonn! Pou sosyete a, lè yon jenn gason gen plizyè menaj oubyen li fè fònikasyon ak mennaj li, yo rele li jènjan, poutan nan je Bondye, sa rele imoralite seksyèl! Ou gen chwa pou w viv antanke jèn jan oubyen moun imoral, men ou dwe konnen tou pa gen pyès moun imoral k ap antre nan wayòm Bondye a (1 Korent 6.9-10). Lè ou kwè nan Jezi, ou chwazi soti nan fè nwa pou w vin nan limyè (Jan 3.19-21). Aksyon ou yo dwe rezilta limyè sa a (Efezyen 5.9). Si atout ou kretyen, w ap viv tankou monden, li pa t enpòtan pou w te konvèti. Se tèt ou w ap pase nan betiz. Ou pa t konn sa w te fè a. E li ka pi difisil pou w repran konsyans aprè w te fin konvèti avan. Se rezon sa  ki fè anpil moun ki chite pa ka repran plas yo. Nan yon sans, li ka pi fasil pou w konvenk yon moun ki pa t janm ko fè fònikasyon pase yon moun k ap fè l. Se sa ki fè, li bon pou w pa eseye menm yon fwa. Si yon moun di w pa jèn jan paske w pa vle fè fònikasyon, pran sa pou yon benediksyon paske se nòmal pou yo wè w konsa. Dèfwa, gen kretyen ki pa santi yo fyè lè yo kite peche. Yo regrèt yo kite rara, kanaval, plezi, banbòch. Achak fwa yo raple yo de pase yo, yo santi yo ta retounen ankò. Men koute sa Bib la di: “ Nan tan lontan, nou te nan fè nwa. Men koulyea, paske n ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k ap viv nan limyè a. » (Efezyen 5.8). Si ou fache pou sa yon moun ki nan fè nwa di w – paske yon kretyen p ap janm di w pa jèn jan – ou pap viv nan limyè. Fè nwa a toujou enfliyanse w. Malgre tout sa yo t ap di sou Jezi, Li pa t janm sispann fè volonte Bondye. Yo te akize l, yo te joure l, yo te souflete l jis yo te rive kloure l. Li pa t janm vire do bay kòmandman Bondye yo. Se konsa pou w fè tou paske ou se disip Jezi sa a. Tout sa yon moun ka di w de mal pou obeyisans ou ak Bondye, konsidere sa kòm benediksyon epi kontinye fè l.

9.    Manman Mari

Pou fi kretyèn yo menm, jouman an se “Manman Mari. Nan menm sans pou gason yo rele « mawozo » paske yo pa vle fè “fònikasyon”, fi yo dwe fyè lè yo di rele yo “manman Mari”. Malerezman, kèk nan nou plis swiv pou modèl moun ki pa kwè nan Bondye yo. Poutan kretyen an dwe gen kwayan yo kòm modèl. Nan 1 Pyè 3.5-7, apòt la mande madan marye yo pou swiv Sara kòm modèl. Si yon fi kretyèn pa fyè dèske yo rele li « vyèj mari », l ap fyè lè li pa vyèj. Jozèf te vle kite Mari ankachèt poutèt li te ansent san li pa t kouche avè l.(Matye 1.18-19) Bondye te chwazi Mari paske li te vyèj. Eske se yon wont  pou yon fanm pote non manman Jezikri Sovè a, sitou paske li kenbe kò li nan sentete ?  Eske se yon desepsyon pou yon gason pote non « pastè » paske l ap viv apa pou Bondye ? Non kretyen nou pote a, daprè sa nou aprann, se yon jouman li te ye pou disip yo nan epòk la (Travay 11.26). Nan 1 Pyè 4.16, apot la di : « Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la ». Si y ap pase w nan betiz, fawouchew  pou jan wap obeyi Bondye, gade w mal paske ou vyèj, mwen kwè ke sa ta dwe sèvi yon lwanj pou Bondye, paske se sa ki demontre vrèman ke ou fidèl (1 Tesalonisyen 4.3). 

Pa bliye!
Ou pa p pèdi anyen si w pa fe fònikasyon, men w ap genyen anpil si w tann lè w pou w antre nan relasyon seksyèl le ou marye! 

Jerome Dorsonne Emerson
Profesame@yahoo.fr 

(Pibliye sou tit Èske fonikasyon ka anpeche m sove

Méditation du jour #13


"Laissez la parole de Dieu vous corriger"

Si l'homme était parfait ou correct, Dieu n'aurait pas besoin d'envoyer son Unique Fils mourir sur la croix pour son salut (Romains 5.8). Même après avoir été sauvé, l'homme, nouvelle créature, peut faillir aux commandements de Dieu. Nous lisons ceci dans la Bible:" Toute Écriture est inspirée de Dieu; et utile pour enseigner la vérité, réfuter l'erreur, corriger les fautes et former à une juste manière de vivre afin que l'homme de Dieu soit parfaitement préparé et équipé pour faire toute action bonne."(2 Timothée 3.16_17, fr courant)

Un soi-disant chrétien qui n'accepte pas d'être corrigé, soit dans son attitude soit dans ses paroles ne pourra pas produire de bonnes œuvres. On ne nait pas chrétien, on le devient. De ce fait, le croyant a des règles de conduite à suivre. Nous ne devenons pas chrétiens en appliquant des règles mais grâce au baptême du Saint-Esprit, nous sommes capables de les appliquer, car "nous sommes [l'ouvrage de Dieu ], ayant été créés en Jésus Christ pour de bonnes œuvres, que Dieu a préparées d'avance, afin que nous les pratiquions."(Ephésiens 2.10)

Dieu ne sauve pas des personnes parfaites. D'ailleurs, un homme sans défaut ne serait pas un pécheur. Par conséquent, il n'aurait pas besoin du salut de Dieu. Repentir, c'est changer d'attitude. Si donc je change d'attitude, j'ai accepté une correction. En effet, corriger signifie "faire disparaître une erreur, un défaut en rétablissant ce qui est exact, bon, correct". 

Vivre sans Christ est l'erreur la plus grave qu'un homme peut commettre durant toute son existence. Cette erreur est corrigée quand il se repent de ses péchés. Et il continue à corriger d'autres erreurs tout le long de sa vie chrétienne grâce à la pratique de la parole de Dieu. L'apôtre Paul a écrit: “Ne vous conformez pas au siècle présent, mais soyez transformés par le renouvellement de l'intelligence, afin que vous discerniez quelle est la volonté de Dieu, ce qui est bon, agréable et parfait."(Romains 12.2)

La parole de Dieu nous apprend à nous découvrir. Cette découverte nous permet d'identifier les fruits de la chair et ceux de l'Esprit. C'est ainsi que nous pouvons plaire à Dieu. Nous avons tous des points faibles et nos défauts nous suivent tous les jours. Aller à l'Eglise est une bonne action mais si nous n'obéissons pas à la vérité qu'on nous enseigne, nous passons à côté du but pour lequel nous avons été créés or il est impossible que l'enfant de Dieu habité du Saint-Esprit ne puisse pas obéir à la parole de Dieu.

Cette journée est la vôtre, vivez-la. Partagez les moments agréables à vos proches et laissez la parole de Dieu vous corriger.

Bonne journée!

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...