jeudi 23 juillet 2020

Sis rezon ki ka fè yo manipile w


|DEVLOPMAN PÈSONÈL

Yo manipile w lè yo itilize w jan yo vle pou atenn yon obejektif. Yo abize ou san difikilte, e se alafen, w ap rann ou kont ou te nayif.

Nan yon moman nan lavi, nou chak te sibi manipilasyon e li toujou posib pou sa rive sitou lè nou inosan oswa inyoran nan yon domèn. Yon moun ka montre li nan enterè ou epi se mwayen l ap chache pou twonpe w. Konsa, gen anpil moun nan sosyete a yo itilize yo pou reyalize pwojè san yo pa konnen ni benefisye.

Nan atik sa a, nou pral wè sis nan plizyè rezon ki ka fè yo manipile w.

1. Inosans

Lè w inosan, ou pa nwi moun men feblès ou ka yon bon zouti pou yo manipile w paske li rann ou nayif. Ou kwè fasil nan sa yo di w e ou fè sa ki aranje yon moun san w pa wè se ou k ap travay pou malè w.

2. Imatirite

Depi w pa ka reflechi pou w konnen konsekans chwa ou ka genyen nan lavi w, y ap manipile w. W ap tankou yon avèg y ap mennen kote yo vle. Ou pa nan lojik, ou kwè tout sa yo di w e w pa pran konsèy nan men moun k ap klere w.

3. Inyorans

Lè w pa gen konesans nan yon domèn, ou inyoran. Kidonk, tout moun ka inyoran. Ebyen, si w pa entèlijan pou w konnen sa pou w fè lè w inyoran nan yon domèn, yo deja manipile w. Lè w pa sèten de sa w tande, pa kouri reyaji, mande lòt moun, y a fè w konnen.

4. Enstabilite

Ou chanje ide fasil, ou pa gen yon chwa ki defini karaktè w, gou w, kote w vle rive. Sa sifi pou yo manipile w. Nenpòt moun ka fè wpwomès, monte tèt ou jiskaske ou fè move chwa.

5. Mank konfyans

Mank konfyans fè w pa kwè ni fyè de chwa w fè e de moun ou ye a. Ou pa kwè w ka fè anyen ki gran. Sa ka lakoz ou reziye w e se konsa nenpòt moun ap ka mennen w.

6. Alamòd

Ou bezwen posede tout sa ki fèk parèt, nenpòt pri li koute a. Ebyen, y ap pwodwi pou satisfè w. W ap pran nan koukou pou tòt e w ap regrèt lè je w vin klè.

Gen yon gran diferans ant yon manipilatè ak yon lidè. Manipilatè a fè w swiv li pou l ka fè sa l vle e jwenn sa l bezwen tandike lidè a fè w swiv li pou l ka atenn yon objektif k ap bon pou tout moun.

Èske w santi yo te manipile w deja?
Ki youn nan sis pwen sa yo ki te lakoz?

JDE

Sauver? C'est facile mais très difficile!



|ÉVANGÉLIQUE

Il n'y a pas à discuter de la nature du salut, il est gratuit. C'est ce que la Bible déclare en plusieurs versets dont les plus connus sont Jean 3.16 et Éphésiens 2.8-9.

Toute personne peut être sauvée dès qu'elle se repente de ses péchés. Mais c'est ce qui rend le salut difficile, car comment se repentir de ses péchés? Peut-on continuer à commettre un péché confessé? Comment savoir si ses péchés sont vraiment pardonnés après la repentance?
On se pose souvent ces questions.

Dans une étude biblique ou une conférence sur le salut ou le péché, les auditeurs sortent souvent perplexes face aux prescriptions divines qui défient leur vie sur le plan social, culturel, sentimental et surtout, économique.

Prenons cet exemple d'une mère concubine qui doit prendre soin de ses trois enfants. Elle veut accepter Christ dans sa vie mais sa situation au foyer l'en empêche puisqu'elle devrait être mariée pour continuer sa vie sexuelle. Serait-ce facile de quitter son concubin pour être sauvé de l'immoralité sexuelle? Non, mais il est important de le faire puisqu'on ne peut vivre dans le péché après en avoir été sauvé.

Ce n'est donc pas le salut qui est difficile, mais la prise d'une décision pour se repentir de ses péchés et suivre Christ en dépit de tout obstacle (Mathieu  10.34-38).

Es-tu déjà sauvé?


JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...