mercredi 14 novembre 2018

PA KOUTE VWA KAP POUSE W DEZOBEYI

Gen twa aksyon mwen ta renmen ou analize nan tantasyon Èv la nan kontèks sijè sa a :

1. Bondye pase yon lòd,
2. Sèpan an di Bondye pap pini Èv vre,
3. Sèpan an pat ka defann Èv.

1. Bondye pase yon lòd

Nou esplike deja kisa yon lòd ye: se yon kòmandman yon moun ki gen otorite pase : Bondye, chèf, paran oubyen tout moun ki plase pi wo yon lòt.

Nou pa nan plas Èv men nou ka imajine Bondye te fin kreye bèt avan, e li te bay lòm pouvwa pou bay bèt non epi se bèt ankò ki pral fè lòm dezobeyi Bondye. Se kòmsi sèpan an te gen plis pouvwa ak plis otorite pase Bondye nan je fanm nan. Se sa ki rive lè yon kretyen konnen sa Bondye pa vle epi l kite lòt moun ap pouse l fè l.

Nan Bib la, li ekri : « Kouri pou dezòd lachè » (1 Korent 6.18). Poutan, gen swadizan kretyen kap vin anbrase lachè. Lè yon pastè osinon yon predikatè di sa pa bon pou fè oubyen gade, kategori kretyen Èv devan sèpan an jwenn pou di : se pa anyen, ou ka fè sa, sa a pa peche, pa okipe entèl, pale l ap pale,…

Tout pawòl sa yo se eskiz pou dezobeyi. Lòd Bondye pase dwe prime sou sa tout moun ap di, kit se te paran, zanmi ak
fiyanse. Sinon, koupab la ap peye konsekans la aprè.

Respekte lòd Bondye pase se « wi, amèn ». Tout « men » mennen nan dezobeyisans. Pa gade sou sa w santi, sa k ap fè w plezi, sa tout moun ap fè pou w meprize pawòl Bondye yo paske kretyen an dwe diferan. Li pap gade sou sa moun ap fè pou l viv, li swiv Bib la ki se limyè sou chemen li.


Pa bliye : Moun k ap pouse w nan dife a pa
ponpye!

2. Sèpan an di Bondye pap pini Èv vre

« Se pa vre. Nou pap mouri kras. » (Jenèz 3.4) Èv te plis kwè nan doutans sèpan an te mete nan li ke l te kwè nan lòd Bondye te pase ak pinisyon li te prevwa : « ...jou w manje l, w ap mouri » (Jenèz 2.17).

Se sa ki rive chak fwa yon moun di w fònikasyon pa peche, li pap fè w anyen. An reyalite, sèks bay plezi.

« Sèks bay plezi
Konsa l fè soufri
Sèks bay lavi
Konsa li ka detwi… »

Jan yo toujou di l, « zonbi goute li pa mande rete ». Depi w kòmanse pran gou fè sèks, ou pap mande rete. Konsa tou, lè w kòmanse soufri, sa pap rete. Sèks se yon pratik ki gen plezi menm jan fwi a te gou men pinisyon an pat dous. Se konsa tou fònikatè yo ap jwenn sanksyon. Li bon lè w ap fè sèks men konsekans yo pa dous menm. Sou pwen sa, gen yon bagay enpòtan nou dwe konnen !

Eske Bondye pini tout peche ?

Tout peche se dezobeyisans lalwa Bondye e tout dezobeyisans merite pinisyon, men èske Bondye pini tout peche, tout sa yon kretyen fè ki mal ? Eske Bondye pini chak fwa yon kretyen tonbe nan fònikasyon ?

Li difisil pou nou ta di wi epi demontre li paske antanke lòm, nou pa konn tout bagay. Jan nou te eksplike l nan premye pati a, yon peche ka piti nan je nou, epi se li ki devaste lavi fizik e espirityèl nou. Yon grenn alimèt piti, men li ka mete dife nan yon kay.

Nan sans sa a, sa ka rive kretyen fònikatè a pa wè egzakteman konsekans yon peche men sa pa vle di li pa gen konsekans. Travay di, egzistans lopital, prizon, mòg ak simityè se konsekans peche Adan ak Èv (Jenèz 3.19).

Gen yon rezon pou chak bagay. Lafimen pa soti san dife. Ann pran egzanp sou de vèsè sa yo :

« Si yon moun manje pen sa a, li bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Senyè a, se rale lap rale yon jijman sou tèt li lè lap manje pen an ak lè lap bwè nan gode a. Se sa k fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun kap soufri feblès, san konte sa ki mouri déjà ». (1 Korent 11.29-30)

Ta sanble pou anpil moun, maladi ak soufrans sa yo te natirèl, poutan se konsekans peche yo te ye.

Apot Pòl di yo « se sa k fè ». Gen pwoblèm w ap sibi ki se konsekans peche ou te fè. Ou pa ka wè sa petèt paske ou pa pran tan pou w egzamine l men soufrans nan lavi kretyen toujou gen yon koz (Jak 1.13-15).

Fònikasyon fè anpil moun rate sali yo, kite lekòl, marye ak moun yo pat janm swete, divòse, fè adiltè, trape maladi, fè plizyè pitit yo pa ka okipe…Chak konsekans sa yo ka bay plizyè lòt.

Bondye pa di egzakteman men kòman li pini nou, ni men sa l bannou pou pinisyon men nou konnen tout sa k ap rive nan lavi kretyen an gen pou pi piti yon rezon. Rezon an ka pozitif, li ka negatif. Pozitif si l ap soufri pou sa ki byen (Matye 5.10) e negatif si se pou sa ki mal (1 Pyè 4.15).

3. Sèpan an pat ka defann Èv

Lè Bondye te mande fanm nan poukisa li te manje fwi li te defann manje a, fanm nan di se sèpan an ki te sedwi l. Malerezman, sèpan an pat ka di anyen pou defann li. Yo tou de te jwenn santans pa yo. Konsa tou, moun k ap pouse w fònike a pap la pou mande Bondye gras pou ou. Anpil fwa, li pap menm ede w soufri.

 Zanmi k ap pouse w fònike a pap ede w pran swen pitit ou lè ansent la tonbe.

Ou se pitit Bondye, tout moun k ap pouse w dezobeyi l yo pa vle byen pou ou. Koute sa salmis la te di : « Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun kap pase Bondye nan betiz, men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, kap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit. » (Som 1.1-2).

Yon bon zanmi kretyen pap janm konseye w antre nan relasyon seksyèl avan ou marye. Li konnen Bondye pa vle sa, anplis antanke zanmi w, li pa wete mal pou ou. Lè se Bondye ki di w fè, ou mèt aji je fèmen san enkyete w pou sa lòm ap di men lè se lòm ki di w fè, fò w chache konnen sa Bondye di paske sa lòm di se pa sa li di, e li gen jijman pou ni moun ki te di, ni moun ki te fè.

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...