vendredi 8 avril 2016

Pi gwo koz enfidelite nan fwaye kretyen yo

Meditasyon pou jodi a, No 163
Vandredi 08 avril 2016
Pi gwo koz enfidelite nan fwaye kretyen yo

Yon moun ki enfidèl se yon moun ki chanje lide li, tandans li ak santiman li fasil fasil nan yon relasyon anmourèz oubyen nan maryaj (adiltè). Li pa respekte angajman li te fè ak konjwen li. Men, kisa ki ka koze enfidelite a? Annou wè vit kisa maryaj la vle di avan nou reponn kesyon sa a.
Maryaj la se yon angajman sakre k’ap dire jiskaske lanmò pase (1 Korent 7.39). Angajman sa a konsène de moun ki renmen. Se yon chwa, se pa yon bagay yo fòse moun fè. Sepandan, chwazi pou w pa marye pa kraze prensip maryaj la. Konsa, fòk ou evite tout relasyon ki gen rapò ak maryaj, tankou fè lanmou, dòmi ansanm, vin chèf fiyanse ou, pou n site sa yo sèlman.
Koulye a, annou wè kèk bagay ki ka lakoz enfidelite oubyen sa nou rele adiltè a nan fwaye kretyen an.
1. Maryaj fòse
2. Moun ki pa ka kontwole dezi seksyèl yo
3. Distansant moun ki marye yo
4. Pwoblèm ekonomik
5. Pwoblèm satisfaksyon seksyèl
6. Iresponsablite
Si nou analize tout koz sa yo anpwofondè, n’ap remake ke sa ki pi gran an se iresponsablite mari a oubyen fanm nan. Poukisa ?
Maryaj la oubyen menm vrè renmen an pa retire dezi pou w gen relasyon seksyèl ak yon lòt moun. Poligami (yon mari ki gen plizyè madanm/yon madanm ki gen plizyè mari) se yon prèv byenke li pat yon peche nan Ansyen Kontra a jan li ye nan Nouvo a. Levanjil entèdi li : « Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo » (1 Korent 7.2).
Chwazi pa marye dwe yon angajman pou refize tout dezi ki ka fè w twonpe konjwen ou epi evite tout okazyon ki favorab. Ak angajman sa a, mari a oubyen madanm nan dwe lite pou evite enfidelite a.
Kisa w ta dwe fè pou evite enfidelite ? Repons la se pou demen, si Bondye vle.
Se pou w yon mari responsab,
yon madanm reponsab.
Pase yon bon jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...