samedi 4 juillet 2020

Volonte ak pasyon, kilès ki gen plis pouvwa sou ou?

|FILOZOFI SANTIMANTAL|

Kèk fwa, ou ta di renmen se yon santiman ki aktive lespri nou sou yon moun san n pa ba l lòd. E dèfwa, se nou menm ki dikte lespri nou kilès pou n renmen. 

Tout sa m vle ta dwe bon paske m reflechi avan m chwazi. Se dezi m, se chwa m, poukisa m pa jwenn sa m vle a? E yo di m: depi m vle, m kapab. M vle twòp m pa janm kapab. Kisa ki lakoz sa? Ta sanble volonte m pi fèb pase pasyon m. 

Pasyon m se yon bann santiman vagabon, vyolan, dechennen, rapid k ap dikte m, aji sou volonte m, fè m vle sa m pa dakò epi kou m fin reflechi, m wè m te nan erè. 

Èske se sa m vle ki domine m osinon pasyon m k ap mennen volonte m? Lè m byen gade, m wè m pa kapab men gen yon fòs k ap tingting mwen pou m aji kont mwen menm. Li tèlman nwi m, espyone m, bwase bil mwen, m pèdi kontwòp tèt mwen. 

Mwen di l mwen renmen l, li di m, yo di m fou. M pa wè nan je, kote m ka gen entèl. M pa vle kwè sa, m vle kwè sa volonte m vle a. Men, èske m pa fou vre? Kòman k fè pa ka wè sa yo wè a? Volonte m vle men genlè pasyon m pa dakò. 

San dout, se paske kapasite pou m konprann fèb ki fè m pa ka fè diferans ant lè volonte m ak pasyon m ap travay. 

JDE

Senk kalite moun pou w remèsye nan lavi w

|LEKÒL LAVI| 

Tèks sa a se premye nan ribrik LEKÒL LAVI. M ap pran plezi nan kòmante anpil bèl panse ki popilè sou rezo sosyal yo pou m rafrechi memwa lektè m yo sou devwa yo, gratitid yo ak aksyon yo nan sosyete a. 

Men senk moun pou w di mèsi nan lavi w. Lè w fin byen li e reflechi sou sa, w ap wè viv ak kè kontan an se ou ki pou bay tèt ou li. 

1. Moun ki enkyete pou ou 

Yon moun ki enkyete pou ou pa vle malè rive w. Li pa santi l an repo tout tan li pa wè w retounen kote w te ale a. Li vle gen nouvèl ou chak fwa li panse ak yon malè ki ka rive w. Remèsye moun sa yo anpil. 

2. Moun k ap korije w

Natirèlman, nou pa renmen koreksyon. Nou vle fyè nan tout sa n fè e di. Toutfwa, si w pa renmen yo pale mal nan do w, ou dwe renmen koreksyon paske se souvan moun ki pè oswa ki pa vle korije w la k ap pale w mal nan do w. Di moun sa a ki toujou ap korije w la mèsi. 

3. Moun ki toujou bò kote w

Kisa ki tèlman bon nan ou pou yon moun bezwen rete bò kote w? Valè moun ak plezi ki gen nan monn sa a, poukisa se kote w zanmi sa, fanmi sa a vle rete? Si w ta jis panse ak moun ki pa ka sipòte w, ou ta dwe di moun sa a mèsi paske li pwouve w pa move moun vre. 

4. Moun ki toujou vle wè w ap souri 

Souri vle di anpil: lajwa, sediksyon, lespwa, satisfkasyon. Moun ki vle wè w toujou ap souri vle pou w viv ere. Pa neglije di yo mèsi.

5. Moun k ap di w verite

Verite blese men manti tiye. Pito yon moun blese w, w a geri pase pou l tiye w. Si w pa renmen yo trèt ou, aprann apresye moun onèt. Yon senp mèsi ka sifi si m di w sa w fè a pa bon. 

Lavi a se yon lekòl. Ann pa sispann aprann. 
Sous👇

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...