jeudi 20 février 2020

Kèk konsèy pou kwayans ou pa lakoz ou nan pwoblèm

Trè souvan, ou konn santi w estomake, eksite paske lòt moun wè moun pa pataje oswa pa konprann kwayans ou. M ap kòmanse pou m di w se yon fè nòmal paske si l pa t nòmal, ou pa t ap gen chwa pou w gen yon kwayans. Si w gen dwa pou w kwè nan sa w vle, tout moun genyen l tou, men pwoblèm nan se kòman pou w reyaji fas ak moun ki pa gen menm kwayans ak ou, sitou lè w rankontre moun sa souvan, ou fè afè avè l, li ret nan menm kay ak ou, l ap travay menm kote ak ou?

Premye reyaksyon ou fas ak yon moun ki meprize oswa rejte kwayans ou se montre w trè ofansif opwen ou ka itilize tout vye tèm pou w kalifye l. Lè konsa, ou ka fè plis pase sa. Men kèk konsèy m ap pataje ak ou jodi a pou w evite gen pwoblèm ak moun chak fwa kwayans ou ta konsène. Ke w se vodouyizan, kretyen, ate, konsèy yo aplikab pou nou tout.

1. Ou gen dwa pou w kwè, li gen dwa pou l kwè. Pa reyaji kòmsi se ou sèlman ki ka kwè.

2. Tout moun gen dwa pou pa kwè nan sa w kwè. Pa kwè nan sa w kwè pa dwe minimize fwa w. Ou pa oblije depase limit ou si moun nan depase l.

3.  Pa enpoze kwayans ou nan relasyon ou ak moun, sitou nan sosyete a, lekòl, nan travay. Tout moun pa oblije gen menm konpòtman ak ou ni gen menm fason yo pale. Se ou ki kwè se pa yo. Nan sans sa a, avan ou angaje ou nan yo asosyasyon, yon ONG, avan ou aksepte yon travay, avan ou enskri nan yon lekò, chache konnen tout sa ki ka kont kwayans ou. L ap pi saj pou w pa angaje w pase pou w enpoze kwayans ou aprè angajman w. Konsa tou, si w ka reziste, se pi byen.

4. Pa fache ak moun ki pa vle kwè nan pawòl ak pratik ki soti nan kwayans ou. Yo pa fòse anseye moun. Tout ansèyman yon kwayans ki chita sou fòse, manti ak manipilasyon ap fini nan ipokrizi. Se sa k fè, ou ka wè yon moun di w li kwè nan yon prensip pandan l ap vyole l an piblik. Se fòse ki mete l nan sitiyasyon sa a. Si w pa renmen lè yon kwayan ipokrit, pa enpoze l sa w kwè ni ba l pawòl pou l kwè. 

5. Pa jije pawòl yon moun nan linèt kwayans ou kòmsi se paske l pa gen menm kwayans ak ou ki fè l di yon koze. Sa w gen nan entansyon w lan pa toujou sa moun nan genyen. Kite l devlope sa l di a, pran tan w pou w tande l, ou ka menm ba l rezon.

6. Pa minimize yon moun ki diferan ak ou malgre li gen menm kwayans ak ou. Yon zanmi ka nan menm gwoup ak ou, li konn tout disiplin gwoup la e li defann yo poutan ak etonman, ou aprann yon nouvo pawòl de li. Pa bliye! Konesans laj anpil e ou pa dwe limite sa w konnen ak sa yo di w oswa sa w leve ap tande depi w piti. Sa ka fè w kwè nan yon manti oswa yon demi verite jis w ale anba tè. Lè yon deklarasyon etone w, gen de reyaksyon ou ka fè: 1. Poze kesyon pou w konprann, 2. Fè rechèch pou w konnen sous sa ki di a. 

Gen lòt konsèy toujou men m rete nan 6 sa yo e m espere yo ede w konprann lòt moun e jwenn lòt rezon pou w pa janm nan pwoblèm akoz kwayans ou. 

Pa bliye! 

Si kwayans ou fè w rayi moun, li p ap ede w viv byen ak moun. Ann aprann viv ansanm menmsi nou pa kwè nan menm valè, prensip ak pratik.

JDE





   

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...