samedi 18 juillet 2020

Granmoun avan lè se konsekans iresponsablite paran


|FANMI

Lè yon paran pa ka pran swen pitit li kòmsadwa, premye pèt li se otorite l ki pral fè l pèdi respè li, wòl li, enfliyans li ak fyète li nan kay la. Se sa ki pral fè timoun sa a viv tankou li te fè tèt li. L ap pran desizyon pou kont li san panse ak konsekans yo nan fiti li.

Toutfwa, gen timoun ki toujou obeyi paran yo malgre yo pa jwenn sipò yo. Kalite timoun sa yo konn travay pou sove imaj fanmi an san yo pa blame paran yo ni kite yo avan lè. 

Gen anviwon sis posiblite lè yon paran pa ka okipe pitit li. 

1. Pitit la tounen granmoun nan kay la avan lè men li p ap kite l pou paran l paske l pa gen kote li prale. Li p ap pran lòd, l ap viv jan li vle e li ka menm plase la. 

2. Pitit la kite kay la pou li ale rete kay youn nan fanmi an (tonton, kouzen, frè...), kay yon zanmi, yon vwazen, yon patwon. Li ka kite zòn nan nèt. Li ka chwazi viv lib, plase e mennen yon vi egzanplè. 

3. Pitit la kite peyi a nèt. Li ka ale Chili, Sendomeng, Brezil, USA, selon mwayen li. Dabitid, fanmi ayisyen yo sansib pou fè pitit yo vwayaje. Konsa, li konn plis fasil pou yo jwenn kòb pou regle zafè pati pase reyalize lòt bagay. 

4. Pitit la oblije marye bonè paske li gen yon fiyanse ki pwomèt l ap retire l nan sa l ye a. Sa ka fini byen oswa mal. 

5. Pitit la vin paran avan lè. Li ka gen plizyè pitit e menm plase oswa marye nan kay la. Paran li oblije koube anba tout reyalite yo paske li pa t ka evite yo. Gen ka kote se paran an ki kite kay la pou pitit la. 

6. Pitit pitit la grandi nan menm kay la jiskaske li fè pitit ladan tou. Sa ki vin bay yon fanmi elaji. Si te gen maryaj oswa plasay, divòs ak kite ka bay yon fanm rekonpoze. Reyalite sa a nan anpil fanmi, sitou nan pwovens. Nan kapital oswa vil yo, timoun ki vin granmoun yo ka nan lweyay oswa al abite kay zanmi oswa fiyanse li. 

Èske w konn yon lòt ka? Ekri li nan yon kòmantè.

JDE

Ou ta vle fè Jeunesse et Lecture yon don? 
PayPal: profesame@gmail.com
MonCash: 34154213



On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...