mardi 14 juillet 2020

Tes faux amis ne sont pas forcément tes ennemis



|AMITIÉ 

T'est-il déjà arrivé de te sentir peu supporté par tes amis dans une initiative ou abandonné quand tout va mal? Ce billet est pour toi. 

En effet, qu'est-ce que l'amitié? C'est un sentiment réciproque qui engage deux personnes l'une envers l'autre. Il ne peut donc avoir d'amitié entre toi et une personne qui ne s'engage pas envers toi. En réalité, c'est toi qui te trompes souvent en croyant que telle personne est ton amie. Au fond, elle ne l'est pas et souvent, elle ne te le dit pas. Une circonstance, un besoin, un intérêt, tout peut occasionner une amitié mais la vraie est partagée. 

Un faux ami serait celui qui ne s'engage pas envers toi, donc qui n'a pas un sentiment réciproque de ce que tu ressens pour lui. Mais, cette fausseté ne fait pas de ce dernier ton ennemi qui, contrairement, te veut, naturellement, du mal. Il peut être un hypocrite, un espion ou un opportuniste. Et, peut-être, il pourra devenir ton vrai ami un jour. 

JDE

Sa w pa dwe bliye nan fè pitit ou bèl



|EDIKASYON FAMILYAL 

Se bèl bagay lè yon paran pran swen pitit li. Li trime pou l ba li tout sa l bezwen: kote pou rete, manje, bwè, peye lekòl, rad, swen sante ak mwayen pou lwazi. Yon ti moun ki jwenn tout sa yo ka di l ap byen viv parapò ak lòt ki pa kapab e ki konn òfelen. 

Men, nan ka yon tifi k ap leve nan sosyete sa a san  kontwòl sou konpòtman li, zanmitay li, moun k ap kotwaye l, felisite l, koutize l e menm fè l pwopozisyon malonèt, se yon gwo danje pou avni li e pou envestisman paran li. 

Paran ayisyen sitou plis kwè nan depans pou fè pitit fi yo bèl men non pou edike yo. Sa ki fè malgre tout efò yo, timoun sa yo malelve, enpridan, ekstravagan. Tou kout, yo frajil. Paran ki konprann nesesite pou bay yon edikasyon konplè, pou majorite, itilize, malerezman, vyolans vèbal e fizik pou tante jwenn bon rezilta. Si sa mache pou kèk ka, li pa yon bon metòd pou byen leve timoun.

Bay timoun bon levasyon pa chita sèlman sou tout sa n sot site nan kòmansman tèks la. Li anglobe tout sa timoun sa ka jwenn pou devlopman kò li ak lespri li. Entèlijan lekòl pa vle di byenelve. San edikasyon seksyèl ak konfyans paran, tout timoun, sitou tifi yo, ka vin sous imoralite, delenkans, povrete, restavèk, pwostitisyon, analfebetis, elatriye. 

Twòp inegalite nan edikasyon timoun ki gen bon ak paran ki pa kapab fè anpil efò pa bay bon rezilta. Paske, lè timoun ki byen leve yo toujou ap viv pami sa ki pa yo, devlopman yo tounen danje e eskiz pou vyòl ak abi seksyèl. 

Ou menm ki se paran, li pa twò ta pou w evite pi mal. Chita ak pitit ou pou w fè moral li. Bote l ka yon opòtinite pou l reyisi men san edikasyon, se yon chans. Lè pitit ou bèl, entelijan lekòl e byen edike seksyèlman, ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm pou reyisit li nan lavi. Se baz yon siksè asire.

Ann asire edikasyon pitit nou okonplè. 

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...