jeudi 12 mars 2020

W ap jwenn sans lavi

Jou w deside kòmanse fè yon pa nan 100 w gen pou w fè yo, w ap rete 99.

Jou w deside kòmanse mete premye jou nan 4 lane w gen pou w fè etid ou a, ou pa ret 4 lane ankò.

Nan jou w ap plenyen di sa ap pran twòp tan an, gen yon moun ki gen 1 segonn depi l fèk fini.

Pi gwo pwoblèm ki fè w pa vle kòmanse se paske w ap konpare tan w genyen ak moun ki gen tan pa l.

Jou w kite gade jan lòt moun ap itilize tan l e jan w deside itilize pa w, m garanti w ap jwenn sans lavi w sou latè.

JDE

Sou baz kritik ou yo chita?


Gen yon moun ki te di: Depi yo kòmanse kritike w, sa vle di w egziste. Anpil moun konn di kritik pa ka anpeche yo avanse e gen lòt moun ki kwè kritik enpòtan pou dekouvri feblès yon pwodwi oswa yon zèv.

Yo fè diferans tou ant kritik pozitif e konstriktif ak kritik negatif e destriktif. Tout konsiderasyon sa yo ta montre kritik gen bon ak move kote l. Sa depan de kilès k ap kritike oswa jije a.

Mete sou sa, li difisil, pou n pa di enposib, pou yon moun pa kritike sa w panse, sa w fè menmsi l ta parèt san defo pou yon gwoup moun: relativite (filozofi).

Menmsi w pa ta  renmen yo kritike w, li fasil pou w kritike sa w wè, sa w tande, sa yo vle fè w aksepte. E se menm sa k rive lè yon lòt moun ap kritike w tou. Kidonk, sa w dwe konnen, lè y ap kritike w, se asire sa w ap fè a bon, se sa w vle, se sa k dwe fèt. Tande kritik yo, pot koreksyon si posib, pa pran moun k ap kritike w pou enmi menm lè se sa l ta ye. Toutfwa, fò w pa kite sa moun panse fè efè negatif sou sa w kwè, ni sou enpak ou vle fè.

Antouka, se pa yon bagay ki fasil pou fè fas ak kritik, sitou lè w santi w fyè, konfòtab, eksperimante nan sa w ap fè. Ankò pi mal, lè travay ou fè a se rezilta anpil efò san asistans finansye ak teknik, alewè moral.

Lòt rezon ki konn fè w ka pa dakò kritik, se lè moun k ap pote jijman an pa konnen efò w fè. Li plis jije sou konsepsyon li, chwa li, vizyon pa l. Li pa ka fè diferans ant chwa w ak chwa pa l. E se la a tou pou w pa ta kite kritik destabilize w lè w konnen sa w ap fè a. Paske trè souvan kritik yo konn plis detwi pase yo konstwi. Gen moun ki p ap manke w menm si sa w fè a bon, jis pou l montre l konnen.

Nan ka w ta konprann tout sa n di la a parapò ak kritik ou konn resevwa, m ta renmen w panse kòman sa ka ye lè se ou k ap kritike. Paske, li konn pi dous pou jije pa moun pase l dous pou yo jije pa w. Asireman, se youn nan rezon ki fè Jezi te di pa jije pou yo pa jije w. Antouka...

Koulye a, pou n pa inyore vini kritik yo, men kèk baz (daprè mwen) ki ka kenbe yon kritik. Reflechi sou yo pou w pa twò negatif ni twò pozitif lè w a gen pou w jije yon moun, yon pwodwi oswa yon sèvis.

YON KRITIK KA CHITA SOU:

❌Jalouzi (1)
👉 Sa w kritike a bon men w tèlman jalou de moun ki reyalize l la, ou chache move kote a, piti kou l ye, pou w eseye detwi tout.

☑️❌Konesans (2)
👉 Kritik ou a soti nan sa w konnen. Men konesans sa a ka mal oswa byen dirije kritik ou a selon aryè panse w, nivo tolerans ou, edikasyon w, kilti w...

❌Pesimis (3)
👉 Natirèlman, ou toujou wè move kote tout bagay e tout moun. Kidonk, kritik negatif se pasyon w. Lè plizyè moun pataje jijman w lan menm, ou nan bòl ou nèt.

☑️Optimis (4)
👉 Natirèlman, ou renmen wè bon kote tout bagay e tout moun. Kifè, avan w kritike, ou apresye epi w korije, konseye  ak tout sajès. Ou pa sousou tou, ou met koze a kote l dwe ye a: travay pwofesyonèl!

❌☑️Konpetisyon (5)
👉 Kritik ou a chita sou konparezon w ap oswa vle fè sou sa w fè ki menm jan ak sa yon lòt moun fè: trè popilè kote devlopman pa depann de leta. Pwiske gen konpetisyon lwayal e delwayal, youn ka detèmine entansyon w.

☑️❌ Lespri deba (6)
👉 Se defo oswa kalite w menm: pale sou tout sa w wè ak tande menmsi w pa konn anyen ladan. Sa fè, tout sijè nan bouch ou men si se nan lespri pou w agimante, konprann, fè wè kèk ti detay san bezwen detwi sa w ap kritike a, se byen. Kontrèman, se konplètman negatif.

☑️❌ Inyorans (7)
👉 Sa poko rive w konn fin kritike yon moun, yon sèvis, yon pwodwi, yon pati politik, yon ekip, yon peyi, yon ideyoloji, yon kwayans epi aprè se ou k ap defann li, damou li e menm prè pou w riske vi w pou li? 😊Sa montre a 90% ou te inyoran. Sa vle di w pa t gen ase agiman solid pou w kritike. Evite nimewo sa a paske l lakoz konfli, enmi jire, sitou nan epòk sa a kote tout moun ki gen aksè entènèt panse yo ka di yo sa yo vle san bon sans.

Men kisa kritike vle di menm? M kite w k devwa sa pou jodi a.

Pou plis tèks m ekri, vizite blog mwen an nan www.lestextesdejde.blogspot.com.

Mèsi pou tan w te mete pou w li l.

Toujou sonje lave men w ak savon pou fè prevansyon kont Corona viris.

😊 Ak anpil lanmou

JDE
11 mas 2020

Fè LAFWA ak fè PRIDANS: kisa pou m fè? Kilè pou m fè l?


Si lafwa se kwè nan pouvwa Bondye, li pa twò enpòtan pou m pridan nan ka yon danje potansyèl paske Bondye fidèl, li renmen m, l ap pwoteje m. Dayè, nan Bib la, li di epidemi p ap frape m (Som 91.5-7). Se lojik sa a anpil kretyen konn fè (sitou an Ayiti) chak fwa gen yon danje, yon epidemi, ensekirite e sitou pandemi Corona virus la k ap lote kadav e ospitalize viktim li yo nan lemonn.

Èske se yon bon atitid?
Èske se pa inyorans oswa perèz ki akouche lafwa pay mayi sa a?
Èske l sifi pou m pridan?

Nou pral fouye nan refleksyon nou pou n konnen.

❓Kisa lafwa ye?

Jeneralman, lafwa se kwayans ou gen nan Bondye oswa nan verite sou Bondye, nan relijyon Kris la.

- Paske l se kwayans, lafwa baze sou konesans yon moun konsidere ki se verite absoli san l pa bezwen gen prèv pou l demontre l, kontrèman ak larezon ki mande l. E se sa ki fè anpil moun pa kwè nan Jezi/Bondye fot prèv egzistans oswa manifestasyon vizib yo nan kreyasyon an. Yon lòt deba!

👉 Abraram te gen lafwa.

❓Kisa pridans ye?

Pridans se atitid yon moun genyen pou l reflechi sou aksyon l ap fè ak konsekans aksyon an ap genyen sou li oswa sou lòt.

- Li pran tout dispozisyon pou l evite erè oswa fot ( se pa menm bagay) ak danje ki ka genyen.

- Li rete lwen tout sa l konnen ki ka koze domaj osinon ki ka parèt anòmal nan je lòt moun.

👉 Se mèt kò ki veye kò.
👉 Prekosyon pa kapon.

Kesyon pou n desann sou latè:

1️⃣ Èske si m aplike tout mezi yo bay pou m pa trape korona viris la, sa fè m pa gen lafwa?

2️⃣ Si m di tèt mwen m gen lafwa, anyen p ap rive m pandan m okouran de danje viris la reprezante, èske m gen lafwa oswa m pa pridan?

3️⃣ Èske lafwa vle di m pa bezwen pran prekosyon parapò ak konsèy ki nan liv Eklezyas la?

4️⃣ Si m ta youn nan moun ki pa trape viris la aprè l fin pase, èske m gen lafwa, chans oswa m te pridan?

5️⃣ Èske m ka priye ak lafwa pou m fè viris la pa vin nan zòn mwen an oswa pou l pase?

6️⃣ Nan peyi kote viris la deja pase yo, èske se moun ki pa gen lafwa oswa ki pa pridan ki mouri?

M konnen w ap li tèks sa a ak lespri pou w konn repons pa m. Se byen, men m abòde sijè sa a pou m fè w reflechi sou atitid ou fas ak danje reyèl pandemi sa a. Alò, ki repons ou sou 6 kesyon ki poze anlè yo?

M ta byen renmen konnen yo.

JDE

E-mail: profesame@gmail.com
Blog: www.lestextesdejde.blogspot.com
Facebook: Jerome Dorsonne Emerson Jde
Mesaj: AKSEPTE KRIS AVAN W MOURI

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...