jeudi 12 mars 2020

Fè LAFWA ak fè PRIDANS: kisa pou m fè? Kilè pou m fè l?


Si lafwa se kwè nan pouvwa Bondye, li pa twò enpòtan pou m pridan nan ka yon danje potansyèl paske Bondye fidèl, li renmen m, l ap pwoteje m. Dayè, nan Bib la, li di epidemi p ap frape m (Som 91.5-7). Se lojik sa a anpil kretyen konn fè (sitou an Ayiti) chak fwa gen yon danje, yon epidemi, ensekirite e sitou pandemi Corona virus la k ap lote kadav e ospitalize viktim li yo nan lemonn.

Èske se yon bon atitid?
Èske se pa inyorans oswa perèz ki akouche lafwa pay mayi sa a?
Èske l sifi pou m pridan?

Nou pral fouye nan refleksyon nou pou n konnen.

❓Kisa lafwa ye?

Jeneralman, lafwa se kwayans ou gen nan Bondye oswa nan verite sou Bondye, nan relijyon Kris la.

- Paske l se kwayans, lafwa baze sou konesans yon moun konsidere ki se verite absoli san l pa bezwen gen prèv pou l demontre l, kontrèman ak larezon ki mande l. E se sa ki fè anpil moun pa kwè nan Jezi/Bondye fot prèv egzistans oswa manifestasyon vizib yo nan kreyasyon an. Yon lòt deba!

👉 Abraram te gen lafwa.

❓Kisa pridans ye?

Pridans se atitid yon moun genyen pou l reflechi sou aksyon l ap fè ak konsekans aksyon an ap genyen sou li oswa sou lòt.

- Li pran tout dispozisyon pou l evite erè oswa fot ( se pa menm bagay) ak danje ki ka genyen.

- Li rete lwen tout sa l konnen ki ka koze domaj osinon ki ka parèt anòmal nan je lòt moun.

👉 Se mèt kò ki veye kò.
👉 Prekosyon pa kapon.

Kesyon pou n desann sou latè:

1️⃣ Èske si m aplike tout mezi yo bay pou m pa trape korona viris la, sa fè m pa gen lafwa?

2️⃣ Si m di tèt mwen m gen lafwa, anyen p ap rive m pandan m okouran de danje viris la reprezante, èske m gen lafwa oswa m pa pridan?

3️⃣ Èske lafwa vle di m pa bezwen pran prekosyon parapò ak konsèy ki nan liv Eklezyas la?

4️⃣ Si m ta youn nan moun ki pa trape viris la aprè l fin pase, èske m gen lafwa, chans oswa m te pridan?

5️⃣ Èske m ka priye ak lafwa pou m fè viris la pa vin nan zòn mwen an oswa pou l pase?

6️⃣ Nan peyi kote viris la deja pase yo, èske se moun ki pa gen lafwa oswa ki pa pridan ki mouri?

M konnen w ap li tèks sa a ak lespri pou w konn repons pa m. Se byen, men m abòde sijè sa a pou m fè w reflechi sou atitid ou fas ak danje reyèl pandemi sa a. Alò, ki repons ou sou 6 kesyon ki poze anlè yo?

M ta byen renmen konnen yo.

JDE

E-mail: profesame@gmail.com
Blog: www.lestextesdejde.blogspot.com
Facebook: Jerome Dorsonne Emerson Jde
Mesaj: AKSEPTE KRIS AVAN W MOURI

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...