samedi 27 octobre 2018

8 BON ABITID ANVE BIB LA





Premye koze

Gen yon Bib lakay ou (achte, prete oswa kado), nan men w, nan biwo ou, nan valiz ou se youn, men itilize l pou l vin itil nan lavi w lajounen kou lannwit se yon lòt.

Si gen kretyen ki nan inyorans pawòl la, se pa paske yo pa gen Bib osinon yo pa konn li, se paske yo pa bay Bib la enpòtans. Wi, yo konnen li se pawòl Bondye a, li se liv ki pi ansyen an men nan lavi anpil nan yo, li se dènye liv. Sa tèlman reyèl, li vin pi fasil pou yon moun gade plizyè seri san manke yon epizòd pandan yo poko menm li yon liv antye nan Bib la. Poutan, yon kretyen ta dwe li Bib la pou pi piti 2 fwa nan yon jounen : maten avan li soti, aswè avan li dòmi. Li vèsè sa yo pou w wè sa : Jozye 1.8, Sòm 1.1-2 ; 119.11.

Pou ede w dekouvri enpòtans Bib la nan lavi w, men 8 bon atitid ou ta dwe genyen. Pran san w li l pou w ka benefisye sa ki ladan.

1. PWÒPTE

Premye konpòtman ki montre Bib la enpòtan pou ou se jan ou itilize l ak kote w mete l. Depi Bib ou sal, li kòmanse detwi paske tout tan li
pwòp, li atire plis pwoteksyon, li gen valè e nenpòt moun pa ka itilize fèy yo pou fè lòt bagay. Kidonk, ou dwe kenbe Bib ou pwòp! Se yon fason pou w montre w valorize l.

Atansyon! Ou pa dwe adore Bib la !

2. PWOTEJE

Yo fè Bib ak papye. Papye gen anpil enmi tankou grès, tibèt, dife, twòp solèy, pousyè ak dlo. Ou bezwen pwoteje Bib ou a kont sis bagay sa yo omwen pou li ka dire w e itil ou tout kote w pase. Dayè, yon Bib konplè pa fasil pou jwenn tout tan. Genyen ki vann chè, e menmsi l ta gratis ou pap jwenn li tout tan (Sitou pou Bib la). Anplis, se pa paske li
gratis pou w pa vle pwoteje l. Lavi ou genyen an gratis, ou pwoteje l. Ebyen Bib ou merite pwoteksyon tou kit li se yon acha oswa yon kado.

1) Ou pa dwe manyen Bib ou lè men w nan grès,
2) evite mete l kote l ka pran mit oswa kote sourit ka jwenn li,
3) pa kite l kote ki gen dife
4) ni kote solèy klere tout tan,
5) toujou siye Bib ou epi frape l pou etire pousyè
6) evite mete l atè kote dlo koule,

Lapli tonbe, sou bokit dlo, sou tab..elatriye. Mete Bib ou sou etajè, nan bifèt, nan valiz, sou kabann oswa lòt kote ki ansekirite. Menm jan
ou pwoteje kanè bank ou, paspò w, batistè w, kat lopital ou, telefòn ou, ou dwe pwoteje Bib ou konsa tou.

3. LEKTI

Si gen moun ki bezwen Bib yo pa jwenn, gen moun ki posede l men ki itilize l tankou yon biblo. Li ekspoze nan kay la pou dekore, li se yon bèl mèb pou fè bèl nan lari pral Legliz e nan Legliz. Gen moun ki achte l chè men ki pa janm itilize l menmsi li ta Legliz. Ou pa dwe gen atitid sa anvè Bib ou. Li se yon liv, tout liv fèt pou li. Sitou se pawòl Bondye a ki ekri ladan. Anplis, li ekri nan pi fò lang : ou pa oblije achte yon Bib fransè si se kreyòl ou ka li paske fransè a pap fè w konprann Bondye plis e se pou sa yo tradwi l nan pi fò lang ki egziste sou latè. Lè w pa li Bib ou, se kòmsi ou meprize Bondye. Anpil fwa, w ap poze Bondye kesyon li reponn nan Bib la deja, si w pa li, ou pap janm konnen. Pa
janm bliye : ou dwe lapriyè avan ou li Bib la pou Lespri Bondye ka eklere w.

4. ETIDYE

Li ak etidye Bib la se de bagay diferan. Ou ka li yon chapit, youn a kèk vèsè pou w konnen men se etidye a kap fè w konprann li pi byen.
Se sa ki fè gen etid biblik ak lekòl biblik. Etidye vle di egzamine pou konnen, chache byen konnen, analize. Kidonk, gen bagay ou tande oswa ou li, ou pap konprann yo si w pa mete tan pou w etidye yo. Ou ka etidye Bib la pou kont ou gras ak fòmasyon e èd Sentespri (1 Korent 2.14-15) oswa liv ki ekri pou sa. Konsa tou, ou ka ale nan yon lekòl oswa patisipe nan seminè biblik. Men pa bliye : lè w fin etidye, fò w pratike sa w aprann lan paske gen moun ki etidye pou plezi, pou fè wè, men lavi yo pa janm chanje malgre yo gen anpil konesans sou Bondye. (Esdras 7.10, Travay 17.11 ; 2 Timote 3.16-17).

5. MEDITE

Nan Jozye 1.8, Sòm 1.1-2, otè yo pale de “meditasyon” (repase nan tèt). Yo aprann nou nou ka fè siksè nan lavi nou, nan tout nivo, si nou repase pawòl nou li yo epi mete yo an pratik. Konsa, lè w fin li oswa etidye yon vèsè, ou ka mete yon ti tan tou kout pou w medite sa w te li a. Pandan w ap repase l, w ap reponn kèk kesyon sa yo : kilès ki di sa ? Ak kilès l ap pale? Kisa li di pou m fè? Eske m ka fè l ? Anpil fwa, gen moun ki kritike lòt moun ki pap fè Levanjil, poutan yo menm yo pa fè sa yo li, tande e konprann. Imajine w si chak kretyen
tap li e pratike sa yo li a kòman Legliz Kris la tap briye.

6. PRATIKE

Jan nou sot wè l nan medite a, pratik la trè enpòtan. Konn anpil vèsè, gen plizyè sètifika, patisipe nan etid biblik ak lòt seminè pa fè
pèsonn kretyen pou sa. Daprè Jezi, moun kap antre nan wayòm Bondye a se moun ki fè volonte Bondye (Matye 7.21). Konsa, lè w fin li yon tèks nan Bib la, fòk ou mete l an pratik. Ou dwe evite li twòp tou paske kiryozite ka fè w parese nan poze bon aksyon si w pa janm fè sa w konnen. Anvi konnen, anvi wè pa vle di anvi pratike. Byenke se sa ki pi difisil la, pratike sa w konnen se pi bon mwayen pou w montre w se
kretyen. Epi tou, si w pa pratike sa w li ak sa w etidye, sa vle di w pa kwè tout bon vre (Jan 14.15).

7. MEMORIZE

Nan Som 119.11, David te di : « Mwen sere pawòl ou yo nan kè m pou m pa fè peche kont ou ». Daprè tèks sa a, lè ou memorize yon vèsè oswa yon pawòl, li ka anpeche w fè sa Bondye pa vle. Trè souvan, se inyorans ak bliye ki fè nou peche. Pafwa, nou fè eksprè men konsyans nou repwoche nou aprè. Plis w ap li Bib la, se plis w ap konnen sa Bondye vle ak sa li pa vle e jan w dwe viv tou. Plis w ap pratike se plis w ap kenbe sa w konnen. Ou pa bezwen kenbe anpil vèsè nan tèt ou. Sa ki pi enpòtan an se konprann epi memorize a ap vin fasil pandan w ap pratike l.

8. PATAJE

Si sa ou li yo bon jis ou pratike yo, ou ka fè lòt moun pratike yo tou. Pou w fè sa, fòk ou pataje sa w te dekouvri ak yo : lakay ou, nan
lekòl…nenpòt kote ou ye ak nenpòt zanmi an. Pataje sa w konnen se dezyèm mwayen pou w kenbe l, aprè pratike. Pa kenbe sa ki bon pou
ou, se sa ki pou fè w gen konpasyon pou moun ki pa konvèti yo ak frè e sè ou kap viv nan peche.

Dènye koze

Yon Bib pa ka montre w se kretyen men se sa ki ladan yo ki kapab. Malerezman, genyen l pa sifi, sinon, tout moun kap vann Bib te ka kretyen. Li enpòtan pou w kòmanse chanje abitid e atitid ou anvè Bib ou paske li gen pawòl pou beni w e jije w tou.

Jerome Dorsonne Emerson Jde

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...