jeudi 25 avril 2019

Non, konnen pwoblèm yon moun pa sifi pou kondane l


Non, konnen sa yon zanmi ap sibi, move van l ap fè fas, akizasyon ki sou do l pa sifi pou w jije l e kondane l.

Si w te la, si w te nan plas li, si w te anfas li, si w te pran ti tan pou w pale avè l, m garanti w t ap konprann li e w t ap sispann fè move panse de li.

Li fasil pou n kouri di sa n panse paske n pa bezwen achte ni depanse yon pyas. Jis louvri bouch ou epi w pale. Ak rezo sosyal yo menm, ou pa nan fè efò menm. Pawòl gaye nan kat kwen mond lan nan yon pousyè segonn.

Men, reflechi byen, aprann sa, tout sa w wè ki vin fasil prale fasil. Jan w te pran nouvèl la san w pa t atann nan se konsa l prale san w pa t atann. Lè sa, pinga w etone non paske si te gen swivi nòmal ki te fèt, li pa t ap disparèt rapid.

M garanti w, yon zanmi ki leve nan menm lakou, zòn avèk ou pa menm ak sila ki fè tout klas li avè w ni kòlèg nan travay ou. Gen yon zanmi w toujou sonje menmsi l mouri, gen yon lòt ki soti nan lespri w nèt. Yo pa t vin menm jan.

Gen pwoblèm ou genyen ki pa la jodi a. L ap bouyi lontan, ou pran pasyans, ou itilize tout estrateji pou w rezoud li jis li vin sanble pa gen solisyon. Se souvan nan ka sa yo, gen moun ki tiye tèt yo, vin bandi, deraye, fou nan lari. Pa gen anyen ki fèt san rezon. Toutotan w pa konn vrè rezon an, evite pote jijman.

Gen moun k ap fini sou pye ki pa la manje, ki pa gen kè kontan e ki pap viv nan yon bon kay poutan l gen lajan. Men gen yon pwoblèm k ap trakase l, ki retire tout gou lavi, tout plezi, tout lwazi. Li fasil pou w di l chich, li kras, li salòp, li egare, l ap adore lajan, l ap sere lajan men anverite si w te konnen vrè koz pwoblèm li, ou te ka kriye nan plas li.

W ap toujou konnen lè yon moun malad, lè li razè, lè l fè yon vye zak, lè l mouri men w pap toujou konnen rezon ki lakoz sa. Alò, pwiske w pa konnen tout bagay, pa kouri jije pèsonn sou sa w tande.

Sajès pa vann nan mache, poutan li gratis tout kote men fò w rich anpil pou w jwenn li.

Lè w aprann reflechi w a konprann.

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...