jeudi 16 juillet 2020

Sis BON KOTE nan echèk

MOTIVASYON JOUNEN AN

Lè w echwe, premye santiman w genyen se bay vag. Lè sa rive plizyèfwa, ou konn di w pa gen chans. Moun sa rive twòp yo konn reziye yo ak sò yo.

Jodi a m vin pale w toukout de sis bon kote ki gen nan echèk.

1. Ou te eseye

Se pa tout moun ki gen yon ide ki eseye. Yo souvan pè echwe. Se pa lafen si w pa atenn objektif ou te fikse a. Yo p ap blame w paske kontrèman ak parese e pesimis yo, ou te eseye.

2. Ou kapab

Si w te eseye, sa vle di w kapab. Echèk pa vle di w fèb ni w kreten. Gen reyalizasyon ki mande tan, kolaborasyon ak plis estrateji. Echèk la ka vle di w pran pasyans oswa chanje estrateji.

3. Ou fè yon eksperyans

Gen yon ide ak konfwonte ide a nan reyalite a se pa menm bagay. Pale anpil e di bèl pawòl pa vle di ou entèlijan. Eksperyans ka ba w konesans, fè w konprann lavi e gen sajès. Se pa siksè ki fè moun, siksè se rezilta plizyè echèk.

4. Ou pran yon leson

Lè w echwe, pa gade defèt la ak desepsyon an. Gade pito rezon ki fè w echwe a epi di tèt ou pwochèn fwa, w ap aji yon lòt fason. Pa fè menm erè a, sinon ou pa t aprann anyen.

5. Ou venk perèz ki te nan ou a

Lè w doute sou reyisit ou, premye santiman li ba w se perèz. Ou pa vle kòmanse pou w pa fini ni travay pou w pa jwenn rezilta. Ebyen, chak fwa w echwe, konnen ou reyisi devan perèz ki te ka fè w pa eseye.

6. Ou te ka reyisi

Kote w echwe a, se kote w rate okazyon an. Kidonk, se la w t ap reyisi. Pa panse twòp ak echèk la, panse ak lòt okazyon ki ka fè w reyisi.

JDE
-------------------------
Ou ta vle fè Jeunesse et Lecture yon don?
PayPal: profesame@gmail.com
MonCash: 34154213


On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...