samedi 17 novembre 2018

KONSÈY POU W EVITE TONBE NAN TANTASYON

TANTASYON (2)

Plis pase 20 konsèy de frè Jérôme Dorsonne Emerson.

1. Toujou sonje ou ka tante

Moun ki pi fò a se pa sila k ap mete l anfas danje a men se sila ki evite tout chemen, tout estrateji
ki ka mete l anfas li. Menm si w ta konn goumen, ou pa janm pèdi nan batay, se pa rezon pou w pote tèt ou bay lenmi an paske yon jou li ka konn estrateji w yo epi l pote laviktwa sou ou.

Nan menm sans sa a, menmsi ou ta konnen ou pap janm tonbe nan yon peche, oswa ou ta konnen gen kèk ka w pap janm ladan, ou pa dwe fè kòmsi ou ka afwonte l.

Apot Pyè pa di pou n afwonte Dyab la men li mande pou n « pran pozisyon » (reziste) kont Satan (Jak 4.7). Reziste se sispann goumen kont yon plezi oswa yon anvi. Kifè, chak fwa ou nan pozisyon pou w refize, se pou w kontinye refize paske se sa ki fè Bondye plezi. Sa ka rive li difisil pou w kontinye men gen
plizyè mwayen w ka itilize pou w kouri. Premye a se toujou mete nan tèt ou ou ka tante. Sa ap ede w sonje sa w dwe fè pou w reziste oswa sove.

2. Mond la chaje tantasyon

Bib la di : « Bagay ki soti nan lemond se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy kap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tout sa pa soti nan Papa a, se nan lemond yo soti. » (1 Jan
2.15). Tout kretyen ki konn li Bib la e ki gen Sentespri nan lavi li pa bezwen linèt pou wè pawòl ki nan vèsè sa a se reyalite, paske plis mond lan ap evolye, se plis moun pa vle bay tan yo pou sèvi Bondye akoz presyon, sousi e lògèy ki fè majorite moun bezwen posede bagay materyèl.

Levanjil la, pou anpil moun, tounen yon fab, yon listwa yo rakonte pou fè lòm dòmi paske sa li
mande pou fè yo ale kont sa anpil moun aspire. Si nou fè yon ti medite sou enfliyans rezo sosyal yo, mizik yo, fim yo, imaj k ap sikile e atitid anpil jèn, n ap reyalize lemond pa ka ede nou fè Bondye plezi. Se sa ki fè, si w vle reziste anba tantasyon, ou bezwen fikse je w sou Kris e sou tout sa ki ka fè w vin pi prè li chak jou. Nou dwe toujou repase pawòl Jak la ki di : «Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k ap woule de bò » (Jak 4.8).

3. Tantasyon pa yon peche

Lè nou li nan Matye 4.1-10, nou konstate Jezi te anba tantasyon. Nan twa okazyon, Jezi repouse Satan nan sondaj li san li pat janm peche. Kidonk, tante pa vle di w peche men si w pa gen agiman ak taktik ou ka peche. Si w wè yon bagay ou pat dwe wè, ou tande sa w pat dwe tande, ou anfas yon sitiyasyon ki mete w mal alèz, pa kilpabilize tèt ou.

Ou pa peche toutotan w reziste kont santiman ou, òf ki mande w fè sa ki kont volonte Bondye. Pafwa, ou ka anvi joure yon moun ki fè w mal, ou ka vle fè oswa swete yon mal pou w vanje, men si w pa fè l, konnen ou pa
peche. Chak fwa yon move lide parèt nan kè w, yon moun ba w yon move konsèy, pa kouri aji. Reflechi. Kèk fwa menm, li bon pou w ta pase yon ti tan nan lapriyè. Konsa tou, ou ka mande kèk moun konsèy. Mwen sèten, nan gras Bondye ki gen tout pouvwa a, w ap genyen batay la.

4. Tantasyon yo bay anbisyon nou yo defi

Satan teste Jezi nan twa domèn k ap domine mond lan depi lontan : pouvwa fè mirak (v3) ;
lafwa nan pwomès Bondye yo (v6) e pouvwa pou dirije (v9). Fas ak tout, Jezi te reziste, li pat peche. Jezi te ka fè wòch yo tounen pen, li te ka lage kò l anba e li te ka aksepte dirije lemond,
men annou wè poukisa li te refize :
1) moun pa ka viv ak manje sèlman (v4) ;
2) ou pa dwe sonde
Bondye ;
3) se Bondye sèl ki merite adorasyon.

Byenke Jezi pat gen anbisyon, li pat kite Satan itilize tantasyon l yo pou l fè l obeyi l. Li pat okenn lòd pou l resevwa nan men Satan paske Bondye ka fè tout bagay e gen yon tan ki fikse pou sa. Konsa, trè souvan, ou tante nan sa w bezwen. Ou kouri aksepte san reflechi paske, pou ou, se plan Bondye yo kap akonpli. Poutan, se nan tantasyon ou tonbe. Se vre Bondye fè pwojè lapè pou nou men li pa mande nou prese ni dezobeyi l ; li bannou pouvwa pou n fè mirak men se pa pou n fè wè ni fè lajan ; li bannou
entèlijans pou dirije men li pa mande pou nou aksepte dirije nan nenpòt kondisyon.

Chak fwa ou
santi yon okazyon prezante pou w fè yon bagay ou te swete, poze tèt ou kesyon sa : Eske se pa yon tantasyon ?

Aswiv...

Jérôme Dorsonne Emerson
Li lòt atik:

1. sou blog http://lestextesdejde.blogspot.com/?m=1

2. sou Facebook:https://www.facebook.com/simervil.emerson

3. Entegre gwoup WhatsApp pou w resevwa mesaj chak jou:https://chat.whatsapp.com/8p1Pa7TAl9E6u

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...