vendredi 1 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #65: Bondye fidèl nan tout bagay


Wè premye jou nan ane a demontre kòman Bondye fidèl. Se yon gras pou sila yo ki vivan nan jou sa a e se okazyon tou pou yo planifye vi yo. Se kòmsi tout moun sou latè beni te fenk fèt. Gen moun ki bliye move jou nan ane pase a, gen lòt ki pa kapab bliye anyen. Tout moun ap bay swè yo. Sou vizaj pi fò ladan yo, ou wè yon souri k’ap briye. Nan tout bagay sa yo, yo louwe non Bondye pou fidelite li.

Bondye fidèl nan kreyasyon li

Fidelite Bondye kontine egziste menmsi lòm kontinye nye egzistans li. Men sa nou li nan Som : « Tout tan tout tan, w ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l’ap rete fèm. Jouk jounen jodi a, tout bagay sou latè rete jan ou vel l la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye » (Som 199.90-91)

Bondye fidèl menm lè nou enfidèl

Apot Pòl di Timote konsa : « Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l’ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li. » (2 Timote 2.13). Vèsè sa pa di ke Bondye p’ap pini moun ki enfidèl yo, sa pa tap mache ak moun li ye a. Sa Bondye di ak bouch li, men li yo ap fè l, se vre, men bouch li pale sou jijman. Apot Pòl te ekri kretyen nan Lavil Wòm pou di yo konsa : « Daprè Bòn Nouvèl m ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive è Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t’ap fè an kachèt “ (Women 2.16).

Bondye fidèl nan pwomès li yo

Delivrans Bondye bannou nan Jezikri jwenn pwoteksyon anba tout pouvwa li genyen. Jezi te di konsa : « Mwen ba yo lavi ki pap janm fini an. Yo p’ap janm peri, pèsonn pap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. » (Jan 10.28-29) Kilès ki defèt sa Bondye fè ? Pèsonn !

Bondye fidèl nan jijman li.

Si se gras Bondye ki fè ou wè premye jou nan ane a, konnen tou ke w ap wè jou jijman an paske Bondye fidèl nan tout bagay. Mwen swete ou pase yon lane nan obeyisans pawòl Bondye a ki se sèl sous k’ap ba w lajwa tout bon an. Chache Bondye ak tout kè w, l’ap kite w jwenn li.

« Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo. » (Som 119.10)

« N’a chache m, n’a jwenn mwen paske n’a chache m ak tout kè nou » (Jeremi 29.13)

Pase yon bon lane !

Jérôme Dorsonne Emerson

Méditation du jour #65: Dieu est fidèle en toute chose.



Voir le premier jour de l’an est une démonstration de la fidélité de Dieu. C’est une grâce pour ceux qui sont encore vivants en ce jour et c’est aussi l’occasion de planifier leur vie. C’est comme si tous les habitants de la terre viennent de naître. Certains oublient les mauvais jours de l’an précédent, d’autres ne peuvent pas s’en passer. Tout le monde est unanime à souhaiter les meilleurs vœux. Sur la majorité des visages, des sourires scintillent. En toutes ces choses, Dieu est loué pour sa fidélité.

Dieu est fidèle dans la création

La fidélité de Dieu subsiste même si les hommes continuent de nier son existence. Nous lisons dans les psaumes: « De génération en génération ta fidélité subsiste; Tu as fondé la terre, et elle demeure ferme. C'est d'après tes lois que tout subsiste aujourd'hui, car toutes choses te sont assujetties». (Ps 119.90-91)

Dieu est fidèle quand nous sommes infidèles

L’apôtre Paul a dit à Timothée : « Si nous sommes infidèles, il [Dieu] demeure fidèle, car il ne peut se renier lui-même ». (2 Timothée 2.13) Ce verset n’enseigne pas que Dieu ne punira pas les infidèles, ce serait contraire à son caractère. Ce que sa bouche a dit, sa main l’accomplira, certes, mais sa bouche parle du jugement. L’apôtre Paul a écrit aux chrétiens de Rome ceci: « C'est ce qui paraîtra au jour où, selon mon Évangile, Dieu jugera par Jésus Christ les actions secrètes des hommes » (Romains 2.16)

Dieu est fidèle dans ses promesses

Le salut que Dieu nous donne en Jésus-Christ est protégé par sa toute-puissance. Jésus a dit : « Je leur donne la vie éternelle; et elles ne périront jamais, et personne ne les ravira de ma main. Mon Père, qui me les a données, est plus grand que tous; et personne ne peut les ravir de la main de mon Père. » (Jean 10.28-29) Qui peut défaire ce que Dieu a fait ? Personne !

Dieu est fidèle dans son jugement

Si c’est par la grâce de Dieu que vous pouvez voir le premier jour du nouvel an, sachez aussi que vous verrez le jour du jugement car Dieu est fidèle en toute chose. Je vous souhaite une année dans l'obéissance à la parole de Dieu, seule source de joie parfaite. Cherchez Dieu de tout votre cœur, il vous laissera lui trouver.

« Je te cherche de tout mon cœur: Ne me laisse pas égarer loin de tes commandements! » (Ps 119.10)

« Vous me chercherez, et vous me trouverez, si vous me cherchez de tout votre coeur. » (Jérémie 29.13)

Bonne année !

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...