vendredi 16 novembre 2018

KISA TANTASYON YE ?


Tantasyon se tout sa ki mete lakay yon moun yon enterè, yon dezi oswa yon anvi pou l di oswa fè yon bagay.

Nan sa ki gen pou wè ak relijyon, sitou nan Krisyanis la, tantasyon se yon fòs ki pouse moun fè peche. Se yon mouvman ki soti anndan yon moun e ki pouse l fè sa ki mal.

Sa ki tante nou an atire nou nan yon plezi, yon bagay ki bon men ki pa dire pou anpil tan. Se premye bagay ki ta pou fè yon kretyen reziste anba tantasyon paske sa ki tante l la pap rete pou lontan.

Pou n ale pi lwen, tantasyon sou yon dezi ki pouse nou fè yon bagay yo defann oswa dekonseye.

BIB LA PALE SOU TANTASYON

"Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pèsonn pou fè l fè sa ki mal. Men lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k ap rale l, k ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò".

Jak 1.13-15

Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba Satan.

Matye 6.13

Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

Matye 26.41

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li : li p ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l a bannou fòs pou nou ka sipòte l, pou ka sòti anba li.

1 Korent 10.13

Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k ap fè moun pèdi tout sa yo genyen, k ap fini nèt ak yo. Paske renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.

1 Timote 6.9-11

POUKISA NOU TANTE ?

Nou tante paske nou gen move entansyon ki nan nou. Se entansyon sa yo ki fè nou tonbe nan peche. Tantasyon yo la pou fè nou wè sa ki pa bon nan nou. Men nou pa peche lè nou tante. Se lè nou kite tantasyon an fè nou dezobeyi lòd Bondye yo nou peche.

Egzanp, si yon moun di l ap ba w lajan pou w fè yon vye aksyon, li tante w. Si w pran lajan an e ou fè sa l di w fè a, se lè sa a ou peche. Kontrèman, si ou pa pran lajan an e ou pa fè sa l di w fè a, ou pa peche.

Tout sa ki parèt devan w pou fè w dezobeyi pawòl Bondye yo se tantasyon. Si w fè oswa di sa w santi a, ou peche.

KÒMAN TANTASYON VIN SOU WOUT NOU?

Pèsonn pa ka di li pa janm tante paske tout moun gen move lide nan tèt yo. Sa tout kretyen dwe evite se pa kite yo tonbe nan tantasyon. Men sa Bib la revele sou sa :

1. Pwòp dezi ou rale w, pouse w

 Jezi te di : « Se nan kè l tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlè, lide fè manti sou moun, lide bay manti » (Matye 15.19). Se nan entansyon ou genyen peche a soti. Sa vle di, si w ap fè move panse, w ap di move pawòl e fè move aksyon. Plis ou koute move pawòl, se plis w ap gen move lanvi. Plis ou gen move lanvi, se plis w ap fè vye aksyon. Se poutèt sa kretyen an dwe evite mizike imaj imoral e gade videyo oswa fim k ap kreye dezi pou l aji kont pawòl Bondye a. Se pa egare ou ye si w pa gade, imajine e tande tout sa ki ka fè w tonbe nan tantasyon, se paske w pa vle dezobeyi Bondye.

2. Move dezi a travay nan kè w

Se pat yon sèl kou Jida te chwazi trayi Jezi, li te gen move panse sa lontan avan sa. David te gen lanvi kouche Batcheba e Amnon te anvi fè lanmou ak Tama avan menm li te nan chanm nan avèk li. Dezi pou l fè sa a travay nan li jis li fè l tande move konsèy pou tonbe nan tantasyon. Kontrèman, Jozèf pat gen vye lide nan tèt li, se sa k fè l te reziste ak madan Potifa.

3. Move dezi a fè w peche

Se pa rad gason an wè sou fi a ki fè l fè peche paske tout moun pa tante nan rad. Se pa lajan an ki te fè Jida vann Jezi paske gen moun ki te ka refize l. Se dezi pou fè peche a ki lakoz peche, dezi pou vann Jezi a ki lakoz Jida aksepte lajan an. Se poutèt sa, Bib la mande pou nou pa mete vye lide nan tèt nou paske vye lide yo ka fè n fè sa n pa tap janm swete.

Gen moun ki fè krim jis pou yon jouman, gen lòt ki tiye tèt li akoz yon dèt. Depi w ap riminen move panse nan lespri w kont
yon moun ou rayi, li ka fè w fè aksyon negatif.

Kidonk, se pa pou fè n pase pou pi mal ki fè
Bondye di n pa rayi, se pou evite nou fè zak imoral. Trè souvan, aprè n fin fè yon peche, nou
regrèt. Poutan, avan nou te fè peche a, li te posib pou evite regrè a. Bondye vle pwoteje nou kont
aksyon malonèt, se sa k fè li bannou Bib la pou n konnen sa l vle e sa li pa vle (Som 119.11).

4. Peche a bay lanmò

Bib la di: “ Peche peye nou kach : li ban nou lanmò. Men kado Bondye ban nou gratis la, se lavi
ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, yon lavi ki pap janm fini » (Women 6.23). Gen de fason nou ka
abòde lanmò tankou konsekans peche. Tout moun ka mouri paske yo tout se pechè akoz peche gran paran nou yo.

Answit, nan nenpòt peche yon moun pèsevere, l ap mennen nan lanmò. Se sa ki te rive Amnon: li te pèsevere nan lide pou l kouche ak sè li a. Li fè sa vre, li peche men finalman li te jwenn lanmò pou sa (2 Samyèl 13.1, 14, 33).

Aswiv...

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...