lundi 13 juillet 2020

Plizyè fason nou inyore divèsite nan sosyete a

Reyalite pa w pa reyalite pa m, ni pa l, ni pa pèsonn. Lavi a gen sans men l pa gen menm sans pou nou tout. Ki fè, nou pa ka fè menm bagay, ni konprann monn lan menm jan paske nou chak se yon moun e chak moun gen yon bagay li ka fè, swa gras ak yon don oswa yon aprantisaj. 

Poutan, anpil fwa, nou minimize travay, kreyativite lòt moun jis paske yo p ap fè sa n ap fè oswa n pa renmen sa y ap fè. 

Jodi a, m pot kèk deklarasyon nou konn itilize ki montre nou pa dakò moun diferan nou. 

1. Misye pa konn sa l ap fè a.
2. M ka fè sa a tou. 
3. Sa l ap fè a pa bon.
4. M pa renmen metye sa pou li.
5. Sa a li chwazi fè?
6. Li bezwen fè tout bagay. 

Kalite panse sa yo kreye kreye santiman negatif lakay nou, tankou endiferans, jalouzi, egri ak mechanste. E se sa ki fè jèn ki gen talan yo pa ka viv sou sa y ap fè. Yo oblije ret ap jemi oswa fè sa tout moun ap fè jiskaske yo echwe nan alkòl, imoralite seksyèl ak delenkans. 

Èske se povrete ki fè jèn yo pa jwenn ankadreman? Non. Nou pa konn apresye ak viv nan solidarite. Nou pito sipòte tout sa k ap detwi nou mantalman pase pou n sipòte sa k ap fè nou pwogrese. 

Nou pa ka fè menm bagay men nou chak ka sipòte sa yon lòt ap fè paske se pwogrè chak moun ki pote chanjman kolektif. 

Ann sipòte chak moun nan sa l ap fè san nou pa bezwen jije chwa li. Nou tout pa ka fè menm bagay men nou youn ka sipòte lòt nan sa l ap fè. 

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...