samedi 7 mars 2020

Lajan ak entèlijans : kisa w genyen ?



Nan youn nan chapit liv m ap ekri alèkile, m pale de entèlijans ki se kaotchou sou chemen siksè. M ap eseye devlope l sou yon lòt ang nan atik sa a pou ede w fè diferans ant lajan ak entèijans nan lide pou w konnen kòman pou w envesti e fè siksè ak entèlijans. 

Pa gen dout nan sa, gen anpil moun ki gen lajan, petèt ou menm, men pa gen anpil ki entèlijan. M swete w pa fè pati de yo, paske se entèlijans ki fè lajan. 

Annou pran egzanp Jozèf ki gen 25 mil goud, li di tèt li li pral envesti l nan yon depo bwason gazez. Ide a bon paske depo gazez ka bay kòb men èske Jozèf fè etid mache a pou l konnen si biznismann ki fè depo yo reyisi e kisa ki lakoz echèk yo. 

Èske Jozèf oblije fè yon depo gazez pou l fè siksè? Non. Poukisa?

     1.      Depo gazez se yon biznis, li pa ide Jozèf.
     2.      Gen plizyè lòt moun ki propriyetè depo gazez
     3.      Gen moun ki reyisi e lòt ki echwe ladan
     4.      Fè depo gazez pa sèl mwayen pou fè lajan
     5.      Konsomatè bwason yo gentan gen kliyan

Jozèf dwe reflechi sou chak pwen sa yo avan li deside envesti kòb li a. Sinon, lè l reyalize li echwe, men sa ki pral rive:

     1.      L ap regrèt li te envesti kòb li a ladan
     2.      L ap pran tout kliyan ki pa achte nan men l pou enmi
     3.      Li gen dwa pa gen kòb pou l reenvesti
     4.      L ap pran tout machann parèy li pou enmi
     5.      L ap mal akeyi kliyan nan plizyè ka : monnen, kredi, mank estòk
     6.      L ap fè defisi nan kòb lweyay
     7.      L ap pèdi tan
     8.      Bwason ap ekspire nan men l akoz pa vann
     9.      L ap oblije vann kredi e li ap gen lajan pou l reachte
     10.  L ap oblije fèmen finalman

M panse w ka reponn kesyon an koulye a ak konklizyon pa w. 

Èske Jozèf te gen lajan oswa entèlijans? 

Pa bliye, m ekri pou m fè w reflechi, patisipe nan sijè ki konsène w. M ta ap renmen jwenn repons ou nan kòmantè anba atik sa a epi abòne w ak email ou pou w ka jwenn notifikasyon sou nouvo atik. 

Jérome Dorsonne Emerson
Ann antreprann pou n devlope Ayiti!

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...