dimanche 26 juillet 2020

John Smath e Midielot, 2 jèn benevòl k ap aji



|BENEVOLA

Direksyon Jeunesse et Lecture felisite John Smarth ak Midielot Elien, 2 jèn benevòl ki te swiv kou sou BENEVOLA ak anpil siksè. Kou sa a te fèt gratis an liy e li te touche anviwon 28 moun.

Gras ak kou sa a, yo chak te chwazi yon gwoup timoun nan zòn yo Savàn Tapyon pou ede nan fason pa yo.

John Smarth fonde AVAT (ASOSYASYON VOLONTÈ POU ANKADRE TIMOUN) nan dat 10 me 2020. Misyon li se ankadre timoun, aprann yo viv ansanm e ede yo epanouyi.

Elien fonde MOSET ( MOUVMAN SITWAYEN POU EDE TIMOUN). Misyon li se anseye timoun yo,ede  yo devlope entelijans yo e grandi nan fratènite.

Nan dat 20 jiyè 2020, mesye yo te al vizite yon rezèvwa dlo nan zòn Titon ak timoun yo. Rezèvwa sa a alimante Chandèl, Tiwoche, Chanklòt ak Dòjan. Li la depi 2015. Yo te anviwon 28, 15 tigason ak 13 tifi.

Direksyon Jeunesse et Lecture ap ankouraje chak manm nan BENEVOLA POU CHANJMAN kontinye travay nan tèt ansanm pou byen kominote yo.

J&L

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...