mercredi 5 décembre 2018

9 atitid nan moman ou fè yon peche



5 pou pratike, 4 pou evite

Sove pa vle di w se yon moun ki pap janm fè peche ni yon moun k ap pwofite fè peche paske w sove nèt. Okontrè, atitid ou devan peche ka detèmine si w sove ou pa.

Bondye konnen nou ka peche, e Bib la montre sa : « Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n ap twonpe. Verite a pa nan nou. Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li… » (1 Jan 8.8-9). Parapò ak tèks sa a, annou wè 9 fason ou ka konpòte w lè w fè yon peche.

1. Ou inyore peche a

Inyore yon bagay ka gen de sans : 1) ou pa konnen l, 2) ou pa pran sa an konsiderasyon. Toulède posib lè w fè yon peche. Premye a ka yon peche envolontè, dezyèm nan ka eksprè. Nou ka pran 1 Jan 1.8-9 la pou egzanp. Anplis de sa, inyore yon peche, nan dezyèm sans la, ka mennen andisisman kè. Si w ap kontinye
inyore sa w fè ki pa bon, sa ka vin yon abitid nan vi w, e se la w gen dwa pa janm jwenn wout repantans. Men, èske yon vrè kretyen ka inyore yon peche ? Wi, nan premye sans la. Toutfwa, Sentespri ki nan li ap konvenk li de sa (1 Korent 2.14-15). Nan dezyèm sans la, li pa posib paske gras ak konesans li genyen, li dwe konnen sa Bondye vle ak sa li pa vle : « Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li (1 Jan 2.3). Kidonk, inyorans lapawòl ka mennen inyorans peche.

2. Ou bay lòt moun responsab peche a

« Senyè Bondye a mande fanm nan : Poukisa ou fè sa ? Fanm lan reponn li : Se pa mwen non ! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l » (Jenèz 3.13). Nou dwe konnen peche a se responsablite nou nenpòt rezon ki ta lakoz li a. Lè w ap defann tèt ou, ou ka peche : ou tiye yon moun ki te vle tiye w. Lè w pa tande konsèy, ou ka peche (Pwovèb 1.5). Lè w pa li Bib ou pou w konnen sa Bondye pa vle, ou ka peche. Lè w kite zanmi pran tèt ou, twonpe w, ba w vye konsèy, ou ka peche (Som 1.1-2 ; 1 Korent 15.33). Finalman, lè w pa vle reziste anba tantasyon, ou ka peche (1 Pyè 5.8). Èv te byen konnen li pat dwe manje fwi a (Jenèz 3.2-3), men li te kite avantaj yo fè l tonbe. Bay lòt moun responsab peche osinon erè w fè se meprize travay Sentespri a. Anplis de sa, se ka yon mechanste tou paske w prefere yon lòt
moun sibi konsekans la nan plas ou, menm jan Èv te fè l pou sèpan an e Adan pou Èv. Kidonk, pa pran konsyans ka double pèn ou. Bondye pa yon jij ki bezwen tande avoka avan l bay santans li paske li te la, li te wè e li pa nan patipri. Toutfwa, Jezi se sèl avoka ki ka plede pou nou bò kote Bondye (1 Jan 2.1-2), men fò w rekonèt peche w fè a.

3. Ou inyore konsekans peche a

Gen moun ki byen konnen sa l ap fè a pa bon e li konnen sa k ap tann li kòm konsekans men sa pa anpeche l fè l. Se nan ka sa a anpil sèvitè Bondye te pran. Nou gen egzanp popilè yo : Adan ak Èv devan fwi a, David devan Batcheba, Amnon devan Tama, Ananyas e Safira devan apot yo, pou n site sa yo sèlman. Lè w fè kòmsi pa gen anyen w ap sibi lè fè yon peche, ou tante plizyè bagay : 1) ou vle twonpe Bondye (sa w pap janm ka fè), 2) ou vle pase pou yon kretyen espesyal (pèsonn pa konsa devan Bondye), 3) ou minimize pèsonalite Bondye. Poutan, krentif pou Bondye (Pwovèb 1.7) ta dwe fè w pè fè peche. Domaj, gen kretyen ki chwazi fè peche a jis pou l ka fè lòt moun plezi oswa montre li pa diferan. Trè souvan, santiman sa kraze ministè anpil lidè. Se pa paske tout moun ap fè e di yon bagay ki fè l bon. Kou di pastè Marcello, se pa paske tout moun ap pratike yon manti ki fè l vin verite. Anpil fwa, sa tout moun ap fè yo se yo ki pa bon. Vle ale nan menm sans ak tout moun se pi gwo pyèj Satan mete pou fè w tonbe
nan peche. Nan inyore konsekans peche, Ananyas e Safira te jwenn lanmò. Pa janm bliye sa ! Bondye pa chanje. Sèl sa ki ka sove w lè w fè peche, se repanti. Sinon, se kòlè li k ap tonbe sou ou paske refize repanti pa ba w dwa gen avoka.

4. Ou rekonèt peche a

Rekonèt peche w fè se avwe li, konfese li. Sepandan, jan nou te di l nan atitid avan yo, fòk ou gen konesans pou w ka idantifiye peche a. Inyorans se tankou yon vwal ki anpeche w wè, yon andikap. Dèfwa, se pa eksprè yon moun fè lè l fè yon mal men li pa konnen si se yon mal. Chak fwa w fè yon peche, ou dwe rekonèt li paske se sa Bib la di : «…si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l ap fè sa gen pou fèt la : l a padone tout peche nou yo, l a netwaye nou anba tou sa ki mal. Men, si nou di nou pat fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò. Pawòl li pa nan kè nou. (1 Jan 1.9).

5. Ou regrèt peche a

Regrè se lè ou rekonèt ou koupab osinon ou responsab. Ou santi w anbarase akoz yon fristasyon osinon yon desepsyon ou fè Bondye oswa yon moun. Aprè David te fin peche, li te ekri pou l di : « Mwen rekonèt sa m fè a pa bon. Se tout tan peche m lan devan je m » (Som 51.3). Nan tèks sa, nou wè de bon atitid David nan repantans li : 1) li wè sa l fè a pa bon, ki diferan de Amnon ki pat rekonèt vyòl li te fè sou sè li Tama, 2) li twouble akoz peche a. Mo fransè « constamment » an vle di « avèk repetisyon, san kanpe ». Sa vle di, depi w fin fè yon peche, ou pap anpè toutotan Bondye pa padone w.

6. Ou mande padon

Nan konfesyon peche David la, nou wè padon Bondye a se yon gwo medikaman pou lè nan santi nou twouble. Nou wè lòt bon atitid ankò nan David, li te mande Bondye : gen pitye pou li, efase tout sa l fè ki mal, lave l, foubi l, netwaye l, fè l tande pawòl ki pou fè kè m kontan, pa kite move lide nan tèt li, pa voye l jete, pa retire Sentespri l nan li, pa kite yo tire revanj sou li, elatriye. Lè w regrèt peche w, ou pa dwe fè
awogans, chache eskiz e refize pinisyon. Se moman pou w lapriyè mande Bondye gras li pou l padone w, restore w e kontinye sèvi avè w. Gen twa gwo moman nan padon : mande padon, padone e santi w jwenn padon. Chak moman sa yo ka fè w santi w yon moun diferan. David te gen anpil pouvwa lè l tap fè peche a. Li pat mete l nan plas Ouri ki te ka sipliye l pa voye l devan lame a pou l mouri, ni li pat imajine kòman l tap reyaji si l ta konnen madanm li twonpe l. Li tap pwofite pouvwa li, poutan lè li vin rekonèt tò li, li te vin tankou yon timoun. Mande padon egzije imilite, souplès, brizman kè. Se sa k fè si w pa ka desann ou
devan Bondye lè w peche, ou pap ka jwenn padon li tou.

7. Ou aksepte sibi konsekans peche a

Antanke pitit Bondye tout bon, ou pa dwe panse peche w yo pap gen konsekans, byenke Bondye pa pini w pou tout sa w fè nan tout ti detay (Som 103.8-12). Nan Ebre 12.6, otè a di : « …Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat » (Ebre 12.6). Sa vle di, si w fè yon peche ki pa gen konsekans, sa ta vle di de bagay : 1) swa Bondye pa papa w vre, 2) swa ka w ka pi grav pi devan. Konsekans peche w yo fè pati disiplin nan lavi w, Bondye ap korije w pou l evite w pi mal. Ann pran
egzanp Jida, Pyè ak Ananyas. Yo twa te fè peche men Jida te pann tèt li, Pyè te repanti (e kriye) e Ananyas te jwenn lanmò. Pa janm bliye depi w se vrè kretyen, peche w yo pa gen menm konsiderasyon devan Bondye. Adiltè yon monden pa menm ak adiltè yon kretyen. Monden an ap viv nan peche men kretyen an dwe evite peche. Tankou salmis la te di : « Li te pini m byen pini. Men, li pat touye m » (Som
118.18). Nan moman w ap sibi konsekans peche w yo, ou bezwen pran konsyans, konsole w e kontinye mande Bondye fè w gras.

8. Ou deside pa refè peche a

Youn nan prèv ki montre w regrèt peche w fè se lè w deside pa refè l ankò. An reyalite, li ka difisil pou w pa refè yon peche men ou dwe toujou reziste, epi pa inyore l. Bondye wè efò w ap fè yo, li konn sa w vle ak sa w pa vle. Menmsi sa ta rive ou refè yon peche, pa kondane tèt ou ni di Bondye pap padone w paske Bib la di : « Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li pap janm sispann renmen nou » (Som 103.8). Konsa tou, pinga w pwofite fè peche paske w konnen Bondye renmen w. Kilès ki ta di Bondye tap pini David paske se li Bondye te chwazi ? Kilès ki ta panse se konsa Moyiz, bon zanmi Bondye, ta mouri ? Eske w ta imajine Bondye tap mete Adan e Èv deyò nan jaden an aprè l fin fè l ? Petèt non, men sa te fèt e w ap toujou gen sezisman chak fwa w ap inyore peche w yo nan lespri Bondye pap di anyen. Si w te deside pa refè yon peche e ou ta santi w pa ka reziste, raple w pawòl sa apot Pòl te ekri kretyen nan lavil Filip yo : « Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m ap degaje m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouray » (Filipyen 4.13). E pa bliye peche fè pati konba espirityèl la, se pa lapriyè pou chase demon sèlman, men pou w viv yon vi sanktifye. Kidonk, pa neglije pran e itilize zam Bondye mete pou sa (Efezyen 6.10-18).

9. Ou tire leson nan koz e konsekans peche a

Gen bagay ou te fè pou jwèt, pou plezi, jis paske w pat panse konsekans yo tap grav. Pa janm bliye moun ki tap sèvi Bondye lontan yo te konn fè peche tou. Jamè ni Èv ni Adan pa tap chwazi manje fwi a. JamèSayil pa tap dezobeyi lòd Bondye. Jamè, David pa tap al gade fanm kap benyen touni. Jamè Amnon pa
tap chwazi vyole yon lòt sè li. Jamè Ananyas pa tap di l vann yon lòt tè pou kòb li pa vo. Jamè, Pòl pa tap chwazi pèsekite legliz Kris la.. Yo tout te sibi konsekans peche yo men yo tout pat gen chans pran leson e rekòmanse. Kifè, si nan moman w ap li tèks sa, ou santi w koupab de yon peche, se moman pou w fè tout sa w santi ki nesesè nan tèks sa.

1. Pa inyore peche w fè
2. Pa bay moun responsab peche w fè
3. Pa inyore konsekans peche w fè
4. Rekonèt peche w fè
5. Regrèt peche w fè
6. Mande padon pou peche w fè
7. Aksepte sibi konsekans peche w fè
8. Pran leson nan sa ki te lakoz peche a e konsekans la.

Jérôme Dorsonne Emerson

@ Ou ka kopye, pataje e enprime tèks sa men pa retire non otè a.

5 desanm 2018, Lyankou, Ayiti

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...