mardi 19 avril 2016

Devwa yon vrè disip Jezikri

Meditasyon pou jodi a, No 174
Madi 19 avril 2016

Devwa yon vrè disip Jezikri

Yon kretyen se yon disip Jezikri, men yon disip Jezikri pa yon kretyen pou sa. Se Jezi menm ki te bay prensip la lè li te di jwif ki te kwè nan li yo: “ Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre” (Jan 8.31). Vrè disip Jezikri a kenbe pawòl li.

Wiliam MacDonald fè kòmantè sa a : “ Nan yon sans, kennenpòt moun ki vle aprann se yon disip, men se sèlman sila ki konsakre pou Senyè a, Jezikri, ki ka pretann li se yon vrè disip”. Men twa mwayen pratik pou w konnen si w se yon disip Jezi tout bon vre.

1. Adorasyon (disip la ap sèvi Bondye)

Adorasyon se pa chante kantik nan kilt yo. Sa pa tap gen sans pou adorasyon Bondye ta limite ak chante kantik. Jezi te di : « Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k’ap sèvi l, se pou yo sèvi l nan lespri yo jan sa dwe fèt la. » (Jan 4.24) Adore Bondye se pa chante, men chante se youn nan fason ou ka adore Bondye. Si se pa t sa, sèl moun ki konn chante tap ka adore Bondye. Bondye tout kote, adore li se sèvi li tout kote, se pa sèlman nan kilt yo chak dimanch.

2. Edifikasyon (disip la ap sèvi frè ak sè kretyen li yo)

Don espirityèl yo la pou edifye kwayan yo (Efezyen 4.11-12). Tout vrè disip Jezi yo te resevwa yo chak yon don (1 Korent 7.12). Poutèt sa, yo tout dwe mete don yo resevwa yo osèvis nan legliz la (1 Pyè 4.10). Yon vrè disip Jezi pa vin legliz pou kwaze bra li, patisipe nan kilt la epi retounen lakay pou tann lòt jou a ankò. Marcelo Tunasi t’ap di se yon obsèvatè, se pa yon aktè,

3. Evanjelizasyon (disip la sèvi moun ki pa kwè yo nan lemond)

Yon vrè disip Jezikri se yon moun k’ap chache nanm pou li. Jezi te di : « Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p’ap ede m ranmase, se gaye y’ap gaye » (Matye 12.30). Lè w se kretyen, ou avèk Kris, ou nan Kris e ou pou Kris. Si ou pa evanjelize, ou pa avèk li vre.

Koulye a, ou ka konnen si ou se yon vrè oubyen yon fo disip Jezikri, paske se pa nan pale ou wè vrè disip la, se nan aksyon.

Pase yon bon jounen!

Jérôme Dorsonne Emerson

Renmen paj mwen an sou Facebook https://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...