mercredi 12 août 2020

3 kalite endispansab yon lidè dwe kiltive


Kalite se tout sa ki ka fè moun ap ba w felisitasyon. Egzanp, pasyans ak renmen moun, se de (2) kalite. Epi tou se kalite ki fè nou ka diferansye bon ak move moun yo. Se diferan kalite yo k ap pèmèt nou chwazi bon moun ki pou dirije nou.

Yon lidè pa dwe menm viv e reyaji menm jan ak tout moun. Se yon moun k ap bay egzanp. Nou pral wè twa (3) kalite ki pa dwe neglije lakay yon dirijan konsa.

1. Yon lidè dwe onèt

Onètete se premye kalite pou n siveye kay yon lidè paske se onètete k ap di nou si l ap pran bon dezisyon yo. Yon moun ki onèt se yon moun, nan nenpòt sitiyasyon, menm si sa ap koute l lavi l, ki chwazi sa k ap benefik pou tout moun.  Li se yon lidè ki chwazi jistis sou inegalite e verite sou manti. Depi yon moun onèt ap pale, tout moun ap fè silans pou yo tande l. Alò, si yon lidè pa ka respekte pawòl l ap di, poukisa yon moun ta dwe respekte l?

2. Yon lidè dwe gen imilite

Gen yon sitasyon Gene Brown ki di: « Pwoblèm imilite a se paske w pa ka vante tèt ou pou w di w genyen l ». Imilite a se yon kalite tout moun ap wè nan ou. Se pa ou ki pral di w genyen l. Se youn nan pi bon kalite yon lidè dwe genyen. Sa ap pèmèt li sèvi lòt moun yo avan li sèvi tèt li.

3. Yon lidè dwe byenveyan

Yon moun ki byenveyan se yon moun ki vle byen ak bonè pou lòt moun yo. Se yon kalite endispansab pou yon lidè paske l ap vle pou moun k ap swiv li yo viv pi byen chak jou. L ap pran desizyon ki favorab ak kondisyon lavi yo.

Twa (3) kalite sa yo ap pèmèt yon lidè montre a klè kiyès li ye. L ap toujou vle fè enterè moun l ap dirije yo pase avan enterè pa l. Menmsi wout n ap pran yo konn souvan di pou nou, avèk yon lidè ki onèt, m ap kiltive imilite ak byenveyans, n ap sèten chimen an ap rive nan bout li.

Ou se lidè? Èske w kiltive twa (3) kalite sa yo?

Jefferson Ed Baptiste 

6 commentaires:

  1. Mwen vle vin yon lidè.

    RépondreEffacer
  2. Mwen vrèman apresye travay ou an
    Se trèbyen Mesye Jefferson Ed Baptiste

    Men gen anpil lòt bagay ou te ka di toujou
    Pa egzanp
    Yon bon lidè ta dwe gen yon longè davans sou moun l ap egzèse lidèchip li an
    Yon bon lidè ta dwe fleksib pafwa, pou l aprann jere resous
    Yon bon lidè ta dwe aprann moun vi n lidè menm jan avèl...



    Menderson Evenot Etienne
    +509 4499-4204

    RépondreEffacer
    Réponses
    1. Jefferson Ed. Baptiste13 août 2020 à 09 h 17

      Mèsi pou ankourajman an Mesye Menderson Evenot Etienne.
      Wi, gen yon pil lòt kalite ki pa di nan tèks sa ke lidè yo ta dwe genyen oubyen genyen. M byen kontan ke w pataje kèk ladan yo ak nou. Men jan m te di l la, m te vle pataje (3) twa kalite endispansab ke yon lidè dwe genyen. Men gen lòt toujou.

      Effacer
  3. Réponses
    1. Jefferson Ed Baptiste13 août 2020 à 17 h 46

      Travay ou an pa pou granmesi. Pa gen siksè san siksesè.

      Effacer

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...