jeudi 2 juillet 2020

Poukisa gen moun ki pa dakò avè w?


Si w panse w entèlijan oswa yo konn di w entèlijan, ou kiltive, ou gen anpil konesans, li fasil pou w ap fè fas ak sitiyasyon kote depi moun pa dakò ak sa w di, ou panse yo kont ou jis ou ka vin enmi yo. Pa panike, repons kesyon sa a ka ede w. 

Konsepsyon w se pwoblèm nan

Chak moun gen yon fason yo wè bagay yo ki fè panse w ak reyaksyon w pa menm jan ak yo. Se sa n aprann nan filozofi, antandman ak imajinasyon. Chak moun gen filozofi pa yo, se sa ki fè w diferan yo e ki fè gen yon gwoup moun ou renmen e ou pa renmen. An reyalite, se pa renmen w lan ki fè yon moun gen valè. Li gen valè paske l se moun. Imajine w si l pa ta renmen w, ou pa t ap gen valè tou. Kidonk, sa w panse a, lòt moun ka panse l tou. Se libète. 

Konsepyon w ki fè w ka panse e reyaji diferan se vrè pwoblèm pou w rezoud la: pa met nan lespri w tout moun ap dakò avè w, paske yo tout pa gen menm konsepsyon avè w. Ou pa ka chanje sa. Se Bondye ki te kreye lòm konsa. Moun ou renmen an ka pataje menm panse ak ou men pa imajine li menm jan ak ou. Li rejwenn li nan filozofi w, men li ka gen pa l tou. 

Konprann moun se pi gwo etid ki ta egziste 

Remake malgre tout eksplwa lòm ap fè rasis, grangou, enjistis sosyal ak lagè ap ogmante. Li senp: anpil moun pa konprann moun. Anpil envansyon nou yo se mwayen pi entèlijan nou itilize pou n detwi tèt nou ak jenerasyon k ap vini yo. Poukisa gen zam, bonm, poud, pwazon, viris ak tout danje ki plane sou lemonn. Si n ta pran tan pou n etidye moun nan sans wè byenèt monn lan avan n aji, lapè t ap tabli deja. 

Pa etone si m di w reyaksyon w kont ideyoloji kontrè pa w fè pati pwoblèm monn lan. Se sa ki fè n pa ka met ansanm pou n pote chanjman. Depi w pa dakò avè m, nou divize. Nou fè 10 gwoup ap travay sou yon sèl pwoblèm san jwenn yon solisyon pandanke pi gwo solisyon an se inite, rekonsilasyon. 

Konpwomi: pi gwo remèd la

Diferans nou nan tout sans pa retire kapasite nou, bonte nou e bon volonte nou pou n wè chanjman. Menm nonm ki pi vyolan an ka tounen yon ajan pou lapè. Sa depan de sikonstans yo ak bon lidèchip. Poko gen yon gwoup menm 3 moun ki dakò 100% sou misyon yo. Pale apa ak chak, w ap wè se 3 tandans ki gen divèjans. Toutfwa, pou yon repons kolektif, yo dakò sou yon pwen konsepsyon yo dezapwouve. Menmsi nou pa dakò sou 99 pwen, toujou gen yon dènye ki ka mete nou ansanm. Se li ki pi difisil la e plis nou pa vle chita pou n montre vrè entansyon nou, entèlijans nou p ap itil twòp ladan. 

Vrè enmi w la

Moun ou ka konvenk la pa vrè enmi w. Li poko konprann ou e se nan dyalòg sa ka plis posib. Alò, m panse apati jodi a, omwen, ou pral fè efò pou w konprann rezon ki fè yon moun pa dakò avè w e ou pral travay pou w met ansanm pou w fè enpak nan zòn ou oswa kote w ap evolye a. 

[PUB: 509 3639-6642]


JDE

Poukisa w chache konnen?


Tout moun bezwen konnen menm moun ki konnen l pa konn anyen, alewè pou moun ki gentan konnen enpòtans konesans. 

Gen yon pwovèb chinwa ki di: " Moun ki konnen li pa konnen, edike l. Moun ki konnen li konnen, tande l. Moun ki pa konnen li konnen, reveye l. Moun ki pa konnen li pa konnen, kouri pou li". Nan ki kategori ou ye ak konesans ou? 

Gen plizyè mwayen ou ka konnen, pami yo, lekti, lekòl, eksperyans, tande ak reflechi. Pakonsekan, tout moun konnen e ka konnen, menm yon avèg oswa yon bèbè. Anreyalite, pa gen inyoran total menm jan pa gen pèsonn ki konnen tout bagay.

Men poukisa w ap chache konnen si w konnen deja? 

Gen plizyè rezon ki ka montre sa. 

1. Konesans bay limyè 

Fè nwa senbolize inyorans. Li fè w pa ka wè kote w ye, ki moun ki la, ki kote pou w fè e ki koulè ak karaktè sa ki nan anviwonman an. Konesans se opoze yo tout paske l klere lespri w e li met tout bagay aklè devan je w.

2. Konesans itil 

Konesans itil paske l ba w anpil avantaj yon inyoran pa ka jwi. Li fè w konprann sa w t ap oblije peye pou w aprann e li fè w pase de elèv a pwofesè,  de anplwaye ak anplwayè, de anyen a kichòy. 

3. Konesans se pouvwa 

Depi w gen yon enfòmasyon, ou gen yon pouvwa. Ou konnen kisa pou w fè pou w jwenn sa w bezwen. San zam, ou ka fè moun pè. Popilarite w antanke konesè fè w vin enfliyan. 

4. Konesans bay libète 

Tout esklavaj la se rezilta inyorans. Pèsonn pa dwe rann ou esklav men si w pa konnen gen libète, ou p ap janm batay pou w vin lib. Depi w pa konnen, yo ka di w e fè w fè nenpòt mal men nèg ak fanm konesans pa kite yo mennen yo tankou bèf.

5. Konesans pot chanjman 

Se pwoblèm ki fè gen soufrans, enjistis, lamizè, kriminalite, pou n site sa yo sèlman. Ebyen, depi w gen konesans, ou ka kontribye nan chanjman.  

Èske gen yon lòt rezon ki fè w ap chache gen konesans? Si youn omwen nan lis la, èske li se verite? 

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...