samedi 6 septembre 2025

Kraze baryè selibatè: ekriven Jean Reynold mete tout verite yo deyò!

 


Si gen anpil jèn fi ki gentan marye e k ap byen viv nan fwaye yo paske yo jwenn moun yo t ap chache a, pou anpil lòt, se yon kastèt chinwa. Bagay yo pa klè ditou. Ant tann Bondye ak fè yon chwa pèsonèl, gen yon veritab konfizyon ki konstui baryè santimantal.

 Nan nenpòt konferans sou kòman pou fè yon chwa ideyal pou fiyanse oswa marye, jèn yo pa sispann poze kesyon sa, tankou: “Kòman m ap fè konnen kilès Bondye chwazi pou mwen?” E repons yo pa janm sifi puiske nan yon lòt okazyon, se menm kalite kesyon yo k ap poze. Sa montre nesesite pou bay agiman solid pou ede jèn sa yo reyisi nan chwa y ap fè.

 Se pou rezon sa, Jean Reynold Joseph vin ak sijè sa : KRAZE BARYÈ SELIBATÈ. Nan chedèv sa, li prezante ak eksplike dis erè estratejik jèn fi selibatè toujou ap fè ki anpeche yo jwenn yon gason pou marye. Franchman, se yon zouti efikas, yon kokenn chenn analiz, egzanp ak konsèy pou jèn fi kretyen yo. Jean Reynold pa kache enkyetid li ak reyalite yo tout moun ka konstate. Li itilize pwòp eksperyans li pou konvenk tout jèn fi k ap rive li liv sa kraze baryè selibatè. Paske, se pa volonte Bondye pou yon jèn fi tann jiskaske li oblije fè yon move chwa.

Mwen rekòmande liv sa a pou tout moun li konsène. E m di Jean mèsi pou enspirasyon sa ki pral ede plis jèn reyisi nan maryaj yo. Tout glwa pou Bondye.

 Jérôme D. Emerson

1 commentaire:

🔺 On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...