samedi 1 août 2020

Twa bon lide tout moun dwe genyen sou chanjman

|LIDÈCHIP


Nou repete sa nou tande, nou di sa nou panse e nou fè sa nou vle. Èske w te konnen twa bagay sa yo se gwo obstak nan yon pwosesis chanjman?

Se pa de yo m vin pale, men pito de twa lide ki pral montre w yo ka anpeche nou travay pou pote chanjman.

1. Moun k ap pwone oswa ki vle chanjman an dwe pran konsyans de aksyon ak pawòl li ki lakoz oswa kenbe sitiyasyon li vle chanje a.

Pandan w ap mande pou sa chanje, fòk ou gade si pawòl w ap di yo pa lwil w ap vide sou dife a. Reflechi pou w wè si aksyon w yo yo pa anpeche sa w vle a. Paske, si nan yon lit, sòlda yo pa ka fè refleksyon sa a, l ap difisil pou yo pote laviktwa.

2. Nou dwe chache konnen bezwen moun ki vle chanjman an, sila ki viktim yo. Mwen pale de sa anpil nan lòt tèks m ekri sou lidèchip k ap mennen chanjman. Pa ka gen lavi miyò si moun ki nan mizè yo pa jwenn soulajman nan lavi chè. Se pwoblèm yo ki pou rezoud pou gen chanjman. Sinon, sitiyasyon yo ap vin pi mal.

3. Nou pa dwe prese jwenn sa n ap chache. Chanjman nou wè a ka pa dire. Kite abitid pa fasil, men se san rannkont, nan fè l souvan, li rete. Ebyen, kite l pa fasil. Chanjman mande tan, sitou si pwoblèm yo la lontan. Nou bezwen konsidere tout ti detay e tout ti pwogrè san kanpe sou pwosesis la pou l pa pèdi enfliyans li.

Si pawòl w ap repete yo soti nan kè yon moun ki pa renmen chanjman, ou deja yon zouti k ap travay kont chanjman.

Si sa w ap panse se nan enterè pa w yo ye oswa se nan inyorans, ou pa ka patisipe nan chanjman paske se nan tèt ansanm sa fèt. E si w toujou vle fè sa w vle, egoyis ou se yon gwo obstak pou gen tèt ansanm.

Lè yo di chanjman difisil, se nou menm ki difisil nan panse nou, pawòl ak aksyon nou.

Ou vle chanjman tout bon? Reli twa lide m sot pataje ak ou yo.

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...