vendredi 23 novembre 2018

Se nan moman difisil yo, tantasyon yo vin pi plis

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

14. Se nan moman difisil yo, tantasyon yo vin pi plis

Se lè w plis nan bezwen, ou tante. E se nan moman sa yo w ap konnen si w gen kapasite reziste tout bon vre. Toutfwa, toujou sonje se pa ou menm k ap bay tèt ou fòs la, li soti nan Kris la : « Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m ap degaje m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouray » (Filipyen 2.13).

Pa konte sou fòs ou lè w anfas tantasyon an. Pa di tèt ou w ap soti pandan w ap fonse. Li pi saj pou w evite ale pi lwen si w santi w nan move chemen an. Se nan moman difisil yo w ap jwenn plis rezon pou w peche paske w nan nesesite, bezwen yo presan e solisyon an tou prè w la. Ou jis bezwen di “wi”, leve pye w, lonje men w, antre, soti pou toutbagay fèt.

Pandan w ap tonbe nan peche a, ou pèdi fòs, ou pèdi lespwa, ou pèdi lonè, ou pèdi lafwa e finalman ou pèdi prezans Bondye. Poutan, se nan moman w santi w pa ka reziste yo pou
w reziste. Pou sa fèt, tankou Jozèf, ou ka kouri. Pito yo ba w tout non pote pou evite pase pou
eksè.

Yon lòt fason ou ka evite tonbe nan tantasyon nan moman difisil yo se evite ekspoze pwoblèm ou, rakonte sa w bezwen, di sa w vle fè. Sa yo ka fè moun bezwen ede w, e se la yo
pral ofri w opòtinite ki ka detounen w nan vrè chemen w ap swiv la.

Toujou sonje lavi a pa fasil, e levanjil pa rann li pi fasil jan anpil moun panse l la. Moman difisil w ap travèse yo se prèv w ap viv dwat. Se pa toujou konsekans peche, pa w oswa pa paran w, ki fè w ap soufri, se paske w pa aksepte viv menm jan lè w te nan lemond. Fason w te konn chache lavi a chanje, levanjil vin enfliyanse tout vi w, ou vin gen yon lòt atitid.

Eske w konn medite deklarasyon sa yo ?: « Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon » (2 Timote
3.12).

Jezi te di : « Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. » (Matye 5.10).

Apot Pyè te di : « …fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n a kontan nèt ale lè gwo pouvwa
Kris la va parèt. » (1 Pyè 4.13)

Apot Pòl te di : « Pou mwen, nou pa ka konpare sa n ap soufri kounye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou we yo. » (Women 8.18)

Repase pawòl sa yo chak fwa moman difisil yo vle fè w tonbe nan tantasyon.

Reziste!

Li lòt konsèy sou menm sijè sa e lòt atik sou blog JDE a nan www.lestextesdejde.blogspot.com

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...