mercredi 3 juin 2020

TI KOZE AK PIT FI M


Pa konprann kisa renmen ye fè jèn yo pran renmen pou plezi e san kontwòl. Kòm nan tout plezi gen danje, paran yo wè renmen se youn nan relasyon ki ka lakoz pitit yo echwe. Se yon verite, men li t ap pi bon si chak papa, chak manman te pran pitit yo, sitou ti fi yo, pou eksplike yo kisa renmen ye, avantaj ak dezavantaj ki ladan. Malerezman, nan lespri pou pwoteje yo, yo lakoz yo fè move chwa.

Nan anpil istwa mwen ekri, mwen toujou vle fè wè renmen pa yon pwoblèm ni yon peche. Se dwa tout moun ki egziste. An menm tan, mwen souvan montre danje ki gen ladan, sitou lè yon jèn chwazi fè l ankachèt e antre nan relasyon seksyèl avan li marye. An gwo, lè n ap reflechi, nou wè se pa renmen twò bonè a ki pwoblèm vre men se konsekans la parapò ak mank matirite. Se pa fè sèks la ki pwoblèm men se konsekans la, sitou maryaj fòse, gwosès avan lè, parapò ak preparasyon pou pran swen timoun ki fèt la.

Nan yon sosyete tankou Ayiti kote to natalite ak mizè ap ogmante chak peryòd, gwosès prekòs vin youn nan koz majè, paske si pa gen twòp timoun pou ale lekòl, p ap genyen ki pa prale. Konsa, leta, malgre li pa pran responsablite li nèt nan sans sa a, jan li ekri nan Atik 32.1 an, t ap gen plis mwayen pou l pèmèt plis timoun ale lekòl. Malerezman, se menm rezilta pa ale lekòl la ki ogmante pwoblèm pa ka eskolarize timoun k ap fèt nan move kondisyon.

“Ti koze ak pit fi m” se plis yon ti liv, plis yon dyalòg ant yon papa ak pitit fi l, plis sis tèks pou pale de renmen. Se yon vwa k ap pale pou papa yo, yon vwa k ap pale ak pitit fi kou pitit gason yo pou fè yo konnen yo gen dwa renmen, men si yo pa tann lè yo pou fè sa, dwa sa ka trase wout echèk yo.

Nan lòt peyi ki devlope yo, tankou Etazini, renmen pa yon sousi pou paran ni sa pa enkyete leta paske pandan yon jèn fi renmen, li ka ale lekòl, li jwenn inivèsite, li ka travay e leta pran responsablite l kòmsadwa. Sa fè, menm si li ta rive tonbe ansent twò bonè, se pa yon mal paske pitit la ap jwenn tout kalite swen nesesè.
Se diferan nan peyi sou devlope yo, tankou Ayiti, kote gen mwens chans pou yon jèn reyisi lè li paran bonè nan chomaj. Lè nou fè yon ti kout pye nan anpil zòn andeyò, nou remake anpil jèn fi, soti laj 15 pou rive 20 lane, gen pou pi piti yon pitit. Daprè yon atik sou LoppHaiti (20 me 2019), sou chak 100 jèn fi an Ayiti, gen 21 ki dja manman oswa ansent nan laj 19 lane. Nan menm sous sa a, yo endike avan 15 lane, gen sou chak 100 ti fi, gen 13 ki gentan nan fè sèks.

Trè souvan, fè pitit se pi gwo okipasyon jèn manman sa yo, pi gran rezilta yo, pi gwo mizè yo. Y ap leve timoun pou yon sosyete ki pa t prepare yo pou sa. Yo alafwa viktim e responsab. Yo inosan, yo antò men yo se pitit sistèm nan tou.

Devan tout reyalite sa yo ak anpil lòt nou p ap ka site la, se plis yon dwa pou nou itilize tout mwayen posib pou n eseye touche jèn sa yo. Nou p ap ka rezoud pwoblèm yo nèt, mwen konsyan, men nou ka redwi konsekans yo e prepare yon lòt jenerasyon k ap gen pou pran desten Ayiti an men.

Tèks ou pral li yo pa t janm rive nan reyalite. Se pa istwa yon moun espesyalman mwen rakonte ni mwen pa ekri pou m soulve okenn jèn kont paran yo ki se viktim sistèm nan tou. E se sa ki fè y ap viktim tou. Konsa, nan lide pou konsyantize chak jèn fi ak jèn gason, liv sa ekri pou di anpil koze kèk paran p ap oze di pitit yo akoz pwoblèm tan oswa kouraj.

Anpil moun bliye si renmen soti nan Bondye. Kit renmen ou gen pou li, pou lanati, pou paran w ak pou zanmi w soti nan Bondye. E si se pa t renmen, kòman pitit t ap fèt ? Mwen menm ki ekri a ak ou menm k ap li a se rezilta yon relasyon seksyèl. Yon jou, yon aswè, yon kote kèlkonk, yon fanm te rankontre ak yon gason epi yon mwa aprè, fanm nan tonbe ansent. Se li ki manman mwen, se li ki manman w. Pa gen fanmi san manman, papa ak pitit e pa gen sosyete tou san fanmi.

Si nou toujou wè moun, se paske sèks toujou fèt. Jezi te vin mouri pou l sove nou men chak moun l ap sove te fèt gras ak sèks. POUKISA NOU PA KA RENMEN? POUKISA NOU DYABOLIZE SÈKS?

POUKISA NOU PA DI TIMOUN YO VERITE? Y ap grandi, y ap reflechi, y ap konprann e se yo k ap ranplase nou demen. Ki kalite granmoun nou prepare pou yo vin ye demen?

Kwake li adrese ak pitit fi, Ti koze ak pit fi m se pou tout gason, tout paran, tout fòmatè, tout pastè, tout prezidan lajenès nan legliz, tout animatè nan sant kiltirèl.

Mwen pa sispann fè pa m nan, sekle ran pa m nan, fè devwa m daprè kapasite m genyen. Si pa gen rezilta, m pa responsab paske se ansanm pou n rive fè tout sa k ap patisipe nan chanjman an.

San move entansyon!
JDE

Yo wè w byen pwòp

Yo wè w byen pwòp. Dayè, gen bagay yo konnen de ou, an byen ou mal, yo p ap janm di w li. Men y ap tann yon jou kou w eklate pou yo di yo te kwè nan ou. Men si sa rive w desann pi ba, y ap di w yo te gentan konnen w pa ta pral pi lwen.

Pa kite se bravo k ap motive w nan sa w ap fè a. Yon sèl grenn moun k ap sipòte w ka sifi pase 1 milyon paske nan move moman yo, se li k ap la pou l ede w jan li kapab e soutyen li toujou satisfè paske l fè l ak tout kè l. Wi, manje de twa mango ak bon patnè w ka bay plis lajwa pase manje 3 pòm ak yon moun k ap pwofite siksè w.

M di w yo wè w, yo konnen w men gen yon nivo pou w rive avan yo admèt sa w ye a e ba w sa w merite a. Jou sa, raple w m di w sa, se p ap chans, kado ni rezilta tisousou. Se va rezilta travay ou, pasyon w, detèminasyon w, pèseverans ou, konfyans ou, vizyon w. Kenbe tèt ou wo. Se p ap ògèy non, okontrè, se jou sa Bondye fikse pou l leve w pi wo pase otè w pa t janm imajine.

Lè konsa, yo va di w ap pran pòz ou, w ap fè estil, ou bliye kote w soti, ou bliye sa yo te fè pou ou. Yo va di w tout pawòl ki pou rabese w, denigre w, devalorize tout privilèj w ap jwi. Men se yo k ap bliye se pa t pou mouri yo t ap wouze pye bwa. Se te pou l grandi. Yo p ap konprann tout pousad yo t ap ba w yo se te pou fè w monte mach yo.

Sonje! Raple w! Ekri sa! Kenbe sa! Yo wè w byen pwòp. Yo konnen w. Yo konn kapasite w e yo kwè nan ou, se jou a ki poko rive ki fè w panse yo bliye w.

Ret nan liy lan. Kenbe plan an. Pa lage. Ret pozitif. Menmsi w anvi kite sa, pran kouraj. Si w te bay vag, retounen. Pa dekouraje si malgre w ap plante pye bwa depi lontan epi se ebenis ak machann fwi k ap fè kòb sèlman. Pye bwa w yo rale lapli pou peyizan ak lanati, yon jou w ap sezi wè kòman y ap rekonpanse w.

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...