lundi 18 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #82 : Poukisa sa tèlman difisil ?



Ou konnen ke se sèl Jezi ki ka mennen w kot Bondye. Li ekri nan Bib la (Jan 14.6). Men ou kwè nan yon lòt moun kanmèm.

Ou konnen ke pa gen anyen ki enposib pou moun ki kwè a. Li ekri nan Bib la (Mak 9.23). Men ou pa sispann plenyen pou pwoblèm ou.

Ou pa konnen pa gen anyen ki ka kache devan je Bondye. Li ekri nan Bib la (Ebre 4.13). Men ou kontinye ap fè peche.

Ou konnen mou k ap sèvi zidòl p ap antre nan wayòm Bondye a. Li ekri nan Bib la (1 Korent 6.9-10). Men ou chaje idòl.

Ou konnen Legliz la se pou Jezi li ye. Li ekri nan Bib la (Matye 16.18). Men ou dirije l kòmsi se te zafè pa’w.

Ou konnen fòk ou padone moun ki fè w kichòy. Li ekri nan Bib la (Matye 6.12,14). Men ou toujou ap kenbe moun nan kè w.

Ou konnen demen pa janm sèten. Li ekri nan Bib la (Jak 4.13-16). Men sa w ka fè jodi a, ou kite l pou demen.

Ou konnen yon kretyen dwe fè tout bagay pou fè lwanj Bondye. Li ekri nan Bib la (1 Korent 10.31). Men pawòl ou ak aksyon ou ap fè yo pale non Bondye mal.
Ou konnen ke kò ou se Tanp Sentespri a. Li ekri nan Bib la (1 Korent 6.19-20). Men ou pa vle kite fònikasyon, adiltè, mastibasyon ak lòt bagay ki menm jan avè l yo.

Ou konnen ou dwe separe byen ou ak moun k’ap anseye ou a. Li ekri nan Bib la (Galat 6.6). Men ou chwazi kanmèm rele pastè yo raketè.

Mwen pa di anyen ki pa ekri nan Bib la. Ou konnen se verite, men ou di ke li twò difisil. E poukisa sa difisil konsa ? Repons la ekri nan Bib la tou (2 Timote 3.1-5).

Sepandan, Bondye fè pitit li ka obeyi ak kòmandman li yo. Li ekri nan Bib la (Filipyen 2.13). Si ou se pitit Bondye, ou p ap di sa l di w fè yo difisil. Tout sa ekri nan Bib la. (1 Jan 5.3)

 Pase yon bon jounen !

Jérôme Dorsonne Emerson
*******************
Telechaje mizik mwen san kòb sou Souncloud epi pataje l ak moun ki pa kretyen. https://soundcloud.com/eff-pako-mayette/bay-jezi-laviw-fr-emerson.

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...