samedi 11 juillet 2020

Refleksyon sou jèn k ap fè pitit bonè san prepare yo



| GWOSÈS AVAN LÈ


📬 Ou gen kesyon? Ekri m nan profesame@gmail.com 


Alèkile, gen plis jèn k ap fè timoun pase adilt yo. Majorite gwosès sa yo pa fèt lè paran yo prè, sa nou rele gwosès avan lè a. Si pa gen otorite ki panche sou sa, se plis danje ki plane sou ekonomi ak edikasyon peyi a. 

Non sèlman jèn paran yo pa prè nan nivo ekonomik, yo pa prè pou edike yo nonplis paske yo pa t edike nonplis e, anpil fwa, se paske paran yo ki pa t resevwa ase tou, sa ki ap alonje chèn "timoun malelve" ak tout deriv ki mache ak li, tankou delenkans. 

Si nan yon tan, se te jèn  ki pa t rete lakay paran ki te konn ansent bonè, nou etone wè se plis timoun ki kay paran k ap viktim. Ant Ministè Edikasyon Nasyonal, direktè lekòl, legliz, pwofesè ak paran, kilès ki responsab? 

Si pa gen bon mezi ki pran kont monte enkontwolab to gwosès prekòs la, nan 10 lane ankò, n ap gen yon popilasyon k ap gen plis jèn k ap nan enkapasite pou viv. Mete sou sa, paran yo k ap gen plis pase 30-40 lane p ap ka ede yo. 

Yon lòt kote, anpil nan jèn paran sa yo ap debat pou siviv men yo manke sipò ki konn lakoz yon dezyèm gwosès pou pran swen premye pitit la. Men finalman, rezilta a pa satisfè pou lontan paske relasyon sikonstansyèl sa yo pa dire. Poutan, timoun yo toujou vivan. 

Kòman nou ka redwi to gwosès avan lè a parapò ak reyalite sa a?

Li lè li tan pou n aji pou sove timoun yo!

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...