samedi 27 juin 2020

Le sens des mots de mon histoire

Je ne me plains plus de ceux pour qui je ne suis pas aimable. Je me tourne vers ceux qui complètent mon amabilité. 

Je ne regarde plus en arrière pour voir mes erreurs, je profite du temps qui me reste pour appliquer les leçons de mes erreurs. 

Je ne veux plus d'amis qui m'exigent la tête d'un ange sur le tronc d'un homme. 

Je ne pense plus aux maux qu'on m'a fait, je m'efforce de faire du bien à mes proches. 

Je n'ai plus le temps de reprocher ceux qui ont trop reçu, je donne maintenant à ceux qui ont besoin de peu pour se sentir heureux. 

Non, je n'ai pas changé l'histoire mais j'essaie d'expliquer aux nouveaux lecteurs le sens des mots qui ont été souvent mésinterprétés. 

JDE

Reprann mayèt la pou w pouswiv rèv ou

Se pa paske w pou kont ou nan batay la, nan pozisyon w lan, nan konsepsyon w lan ki fè se ou ki koupab la, nan move chemen an. Se pa paske yon manti popilè ki fè l vin verite, ni paske 99 sou 100 moun rejte yon verite ki fè l vin manti. 

Jezi, Galile, Jean Huss ak anpil lòt revolisyonè, vizyonè te mouri pou kont yo pou verite yo t ap defann. 

Se petèt paske w vle pase pami lafoul, ou vle pou yo apwouve w pou w santi w moun, ou bezwen bravo pou w santi w fyè, ou bezwen yon plas pou w santi w valab, ki fè w panse fason w panse a, pozisyon w pa bon. Men an reyalite, se ou ki ka gen rezon. 

Ret nan liy ou an. Kenbe tèt ou. Reziste. Repanse. Kontinye travay. 

Mwen swete ti tan w te fè kanpe a te yon vakans. Ou t ap relakse w, defoule w. Se byen. Jodi a se jou pou w reprann mayèt la pou w pouswiv rèv ou. 

JDE

Gen plezi nan Levanjil



Ou pa oblije chache gen menm lide ak tout moun pou w santi w moun paske si w deside vin moun, se prèv pat gen ase moun ki te ka montre yo moun. 

Nesesite pou w vin moun, viv tankou moun se yon mesaj anviwonman an voye baw pou fè w dekouvri kapasite w, valè w ak enfliyans ou ka fè sou tout moun kap rankontre w.

Sa fè lontan wap di legliz pa bon, pastè raketè, kretyen pa bay gou epi kou w fin konvèti, se yo ou vle pran pou modèl jis yon jou ou di w kite levanjil pou yo. Ou nan konfizyon. 

Anpil moun panse vin kretyen se yon kontrent, yon vi ki pral anpeche yo viv byen e eksperimante libète yo. Sa fè gen anpil moun ki pa vle konvèti paske yo poko fin pran plezi. Yo kwè aprè konvesyon lap enposib, alò yap pwofite. 

Banm ale lwen avè w jodi a pou m di w menm kriminalite, enjistis ak mond envizib la gen plezi. Tout saw fè ak kè kontan, ki ba w lajwa se plezi. Konsa, se plezi mechan an pou l tiye, plezi koriptè a pou l detounen lajan, plezi Satan pou l fè w pa sove. 

Ebyen, lè w vin kretyen, chaje plezi ladan: adore Bondye, bay sila ki nan bezwen, evangelize, anseye pawòl la, marye....gen plezi tout kote. 

Men tris diferans ki genyen nan tout plezi sa yo se lafen. Mechan an pral jije pou plezi pa l yo men w pral rejwi pou paw yo. Fin fè lemond plezi pandan w sipèsta, lè w pap mennen yo bliye w. Panse ak tout atis ki mouri nan fè moun plezi. Panse ak anpil moun rich ki tap pran plezi e ki pati kite richès yo sou kabann Lopital. 

Vin jwenn Kris zanmim pou w vin pran plezi nan Levanjil, plezi ki pap janm fini. Aprè lanmò, plezi moun ki nan mond lan fini, men nou kretyen nou pral rejwi nan Wayòm Bondye a pou tout tan, se atò pral gen plezi. 

Chape poul ou avan lanmò pase!

JDE

Papa m ki lakoz



M te fin damou byen damou mwen nan yon segonn. M te tèlman santi m ap bon, m pa t panse m t ap jwenn yon lòt moun tankou l. 

Kisa ki te pase menm? Kòman m te fè rankontre l?

Nou nan lane 2005, nan lavil Pòtoprens, nan zòn Nazon. Nou pa t rete lwen COMCEL la, tou prè yon machann pate kòde. Depi w te viv la, w ap konnen. Ebyen se la m te rankontre l, yon swa pandan l t ap sot achte fritay pou manman l. 

Limyè kamyonèt yo te ede m wè bote l pi byen. Se te tankou yon flash, yon siyal, yon siy ki t ap di m : " Men li, se li wi. Ti grenn ou t ap chache depi lontan an. Nan yon ti kadè, m te santi m disloke, lòk, pòk, kè m t ap fè tòk tòk devan l. 

M te pè men m pa t pè avanse. M te la, devan l, anfas li, tou prè l, ap gade l, souri ba li epi m di l: 

- Madmwazèl bonswa wi.

Nèg pa t twò fò nan koze, ou konnen. Li reponn mwen, men sanble l te sou san l, li genlè te sot adore Legliz osinon, bon, m pa konnen. Antouka, m tou pwofite epi m di l: 

- Se pou premye fwa m rankontre w nan zòn nan. Kòman m pa t fè remake w pou jan w espesyal. 

A, li gade m bi w, epi l souri ba w, li di m:

- Poutan, m te toujou wè w. M te konn ap gade w men m pa t janm kite m wè m. 

Tankou yon egare, m di l: 

- E vre?
- Wi, e m konn kòman w rele.
- Kisa? Manti.
- Ou rele Kaliks. 

M sezi, m kontan, m pa kwè men m byen kontan. Alò, m vin ap panse konsa:

- M te panse m ta pral pase mizè wi. Apa m tou bon. Si l gentan gen tout enfòmasyon sa yo sou mwen, sa vle di l renmen m. Pa gen dout nan sa. 

Nou pa t ap ka rete plis paske l te gentan fin achte. Avan li deplase, li di m:

- Se pa Chal ou siyen?

En en! M frikat epi m reponn tou sispèk : 

- E wi, Chal Kaliks.
- Ebyen, m se Chal Widlin. Ou gen ven lane pa vre?

O O! Fwa sa, m reponn tou tris.

- Wi, m gen ven lane. Men kòman w fè konn tout bagay sa yo de mwen? Kilès ki di w sa? 

Li di m kareman:

- Mwen se ti sè w Kaliks, pitit Chal Wadnè. 
- Kisa? Mantò! 

M pa bezwen fin di w rès istwa a. Men w ka imajine kòman m regrèt e kontan rankont sa. Papa m ki lakoz! 

M vin konprann kòman gen danje nan fè pitit pasi pala san kontwòl. Domaj papa m pa la pou m te rakonte l kòman li fè m manke fè afè ak ti sè m. 

Yon lòt fwa nou te rankontre, li di m konsa: 

- Ou pa t gentan wè m se sè w pou jan m t ap ba w tout enfòmasyon sa yo? Ou genlè te renmen m tout bon?
- Istwa sa pase Widlin. Tann mwen, ti gason sa m wè lòt bò a, se ou l ap tann la si m byen konprann?
- Men wi, li se menaj mwen.
- Menaj ou? 
- Wi, ben wi. Alò, ou te wè m bon pou renmen men w pa vle m renmen? 

Widlin tèlman rete kè m, m te vle fè twa jou jèn pou patnè sa m te wè a ta di l se frè l menm jan avè m.

Jérôme Dorsonne Emerson Jde

Jeunesse et Lecture

® 9 avril 2019
Lyankou, Latibonit

Uit (8) mwayen w ka rankontre Bondye



ENTWODIKSYON 

Kèk fwa, nan lavi, ou konn panse se yon sèl chemen, yon sèl mwayen ki genyen pou w jwenn sa w bezwen. Depi w pa ka jwenn li aprè plizyè esè, ou panse li enposib, se pa t destine w epi w reziye w nan sa w genyen an. Se konsa, ou konn ap chache Bondye, ou vle rankontre Jezi, men w pa kapab paske mwayen w itilize a pa efikas. 

Jodi a, nou pral wè uit (8) mwayen w ka rankontre Bondye nan tout egzistans ou. 

DEVLOPMAN 

1. Nan lapriyè 

Lapriyè se yon mwayen ki pi popilè moun konnen pou pale ak Bondye. Li pi fasil men li fèt pi mal tou. Bib la bay plizyè egzanp moun ki te konn rankontre Bondye gras ak lapriyè yo: Abraram, Danyèl, Pòl, elatriye. Si w pa ka jwenn Bondye nan lapriyè, ou ka jwenn li pandan w ap li Bib la. 

2. Nan lekti Bib la

Fè lekti se pran konesans de sa ki ekri. Sa ki ekri nan Bib la se sa ki te pase, sa Lespri Bondye a te enspire lòm mete sou papye pou tout lòt jenerasyon te ka konnen (Detewonòm 29.29, 2 Timote 3.16). Ebyen, pandan w ap li, li posib pou w rankontre ak Bondye nan dekouvri travay li, pouvwa li, renmen li ak pwomès li fè lèzòm. Se pandan etyopyen an t ap li, Lespri Bondye te fè Filip al jwenn li pou esplike l sa l pa konprann. E se konsa li ta pral konvèti e batize (Travay 8.26-40). Nan Som 119.105, nou wè pawòl la se chandèl pou klere chemen.

3. Nan refleksyon 

Ou ka rankontre Bondye lè w ap reflechi. Se ka pandan w ap kontanple nati a, w ap medite sou sa w wè, sa w te tande, sa k ap pase. Nan Jozye 1.8, Bondye mande pou n repase pawòl la lajounen kou lannwit. Li posib pou w gen vizyon pandan w ap reflechi. Ou ka jwenn yon revelasyon sou yon mo, yon deklarasyon, yon ansèyman, yon bagay ki te difisil pou w konprann e ki pral louvri pòt pou w rankontre Bondye. 

4. Nan kontanple mèvèy li yo

Kò w sèlman ta dwe sifi pou kontanple grandè Bondye. Mwen gen 34 lane depi kè m ap bat san kanpe. Gade solèy la k ap klere monn lan, zetwal yo ki nan syèl la, dlo lamè a ki rete san anvayi nou. Envansyon lèzòm poko janm egale sa Bondye fè. E menmsi l ta egale youn, se t ap glwa pou Bondye ankò paske se li menm ki te kreye lòm. Si w entelijan vre, pèsonn pa t dwe di w sèvi Bondye. Ou gen twòp prèv. 

5. Nan yon danje 

Pòl (Sòl) pa t janm kwè Jezi ki te mouri a te vivan nan disip yo jiskaske li rankontre l sou wout Damas (Travay 9). Avan sa, nan mitan lanmè wouj, lame farawon an te rankontre Bondye nan pouswiv pèp li a. Ananyas ak madanm li Safira te byen kontre ak Bondye nan bay manti (Travay 5.1-10). Si Pòl te epanye nan danje pa l la, gen anpil lòt ki te pèdi. Alò, pa tann se nan yon ka parèy pou w rankontre Bondye.

6. Pandan yon sèmon

Imajine twa (3) mil nanm repanti e batize aprè yo fin tande predikasyon yon grenn disip (Travay 2.14-41). Se menm jan an, ou ka rankontre Bondye nan yon mesaj. Ou pa oblije legliz pou sa fèt. Se ka nan radyo, sou entènèt, sou televizyon, nan lari, nan yon kwazad, lakay ou. Sa ki esansyèl, se tande vwa Bondye.

7. Nan yon vizyon

La a, mwen p ap pale de vizyon moun fè pou ou. Se vizyon ou genyen ou menm. Li pa enposib pou yon lòt moun wè pou ou men m vle w konnen ou ka wè tou paske Bondye konnen w, ou se youn pami 7 milya vivan ki sou tè a. Se lòm parèy nou ki vle mete baryè ant ou menm ak Bondye men depi lè Kris la fin mouri, ou lib pou w rankontre l san èd obligatwa pèsonn. 

8. Nan jou jijman an

Kapasite w pou w fè diskisyon, ekri e pale pou w di Bondye pa egziste se prèv li egziste. 1) Pa gen okenn rezon pou pale sou sa ki pa egziste sinon bay agiman pou w jistifye pozisyon w parapò ak sa w pa wè e konprann. Yon lòt moun ka jistifye pozisyon l tou, ki vin kreye yon kontwovès. 2) Sèl Bondye ki dakò lòm di sa l vle san pini l touswit. Se pa tout dirijan nan monn lan ki dakò sa, tankou Ponyong ak tout lòt diktatè yo. Se lib ou lib ki fè w ka pale, sa pa vle di w gen rezon. Nan jou jijman an, w a konprann paske pa gen moun ki p ap pase la (Revelasyon 20).

KONKLIZYON 

Gen de (2) evenman w pa ka evite nan egzistans ou: lanmò ak jijman. Gen yon sèl pou evite lanmò: pa vin sou tè sa a e gen yon sèl pou w evite jijman: aksepte Jezi. Pa vle konvèti pou w rankontre Bondye oswa rankontre Bondye pou w konvèti se CHWA w. Ou konn uit mwayen pou w fè sa. 

JDE
Like paj JDE a.
http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

Sa w panse a ak sa ki verite a se pa menm bagay


Èske sa pa konn rive w souvan w santi w ta pale, kraze, brize e menm ekspoze w anfas nenpòt danje lè w santi w gen rezon? Ou konn abitye asiste vwazinay nan zòn ou k ap joure. Yo tèlman panse sa y ap di yo se verite, yo anime katye a nan fè bri. 

Bon, èske w pa abitye patisipe nan deba, politik, espòtif oswa biblik, epi gen yon ide ki vin nan tèt ou. Pou ou, se sa l ye menm. Pa gen dout. Pa mande Bondye si gen lòt moun k ap sipòte w, deba tou kraze paske w p ap dakò pèdi. Se nòmal. Sa w santi a se yon konfizyon w genyen ant sa w panse ak sa ki verite. Ou ka korije sa si w byen li tèks sa.

Mwen pote yon ide pou ede w fè diferans sa: 

"Panse w pa toujou verite"

Panse se yon aktivite ki fèt nan lespri w. Entèlijans ou, konesans ou fè w ap reflechi sou sa ou aprann nan. W ap imajine kisa ki lakoz sa w wè a, sa w te konn wè e sa ki ta dwe fèt. Se tout refleksyon sa yo ki pral ba w enpresyon ou konprann sa k ap pase a. Ou nan faz imajinasyon, se pa reyalite. 

Imajinasyon w se kapasite w genyen nan lespri w pou w kreye e envante. Ou wè sa yon lòt pa wè epi w di se sa l ye san w pa gen prèv. Gen yon bann imaj ki pa reyèl k ap pase nan lespri w. Genyen tou ki te ka rive lontan, se kòmsi w ap reviv yo. 

Si yo te fè w sibi yon abi, ou te wè yon vòl, yon krim, ou te konn tande yon vwa, ou te viv bon moman, tout sa sifi pou kreye nan lespri w pakèt imaj ki ka menm fè w anvi fou, kouri e pote akizasyon. 

Blaise Pascal te di: imajinasyon se mèt erè ak foste. Sa vle di, majorite erè ou fè sot nan lespri w. Ou panse sa w santi a se sa, epi w eseye ou echwe. Sa yo di w la sanble vrè, ou kwè l epi defann li. Pou Blaise, imajinasyon se yon gwo pwisans, yon enmi larezon. Nan plas bon sans, ou reyaji ak emosyon. 

Pou n evite ale pi lwen, ann defini verite. Nan relijyon ak filozofi, yo defini konsa: koyerans ki genyen ant ide w la, imajinasyon w lan, panse w la ak sa w ka wè a, touche a. Se sa ki fè gen moun ki pa kwè Bondye egziste paske yo pa ka wè l.Kidonk, Bondye se pwodwi yon imajinasyon. Friedrich pral di: Bondye mouri. Poutan, pou Dostoïevski, si Bondye pa egziste tout bagay ka fèt. 

Kidonk, tout sa w pa ka pwouve, montre pa oswa poko verite. Se nan lespri w sa ye, ou menm ki panse l, men l pa fòseman verite. Pa mande si Bondye egziste, van ak kouran egziste menmsi yo envizib. 

Alò, èske w pa abitye patisipe nan deba, politik, espòtif oswa biblik, epi gen yon ide ki vin nan tèt ou. Pou ou, se sa l ye menm. Pa gen dout. Pa mande Bondye si gen lòt moun k ap sipòte w, deba tou kraze paske w p ap dakò pèdi. Se nòmal. Sa w santi a se yon konfizyon w genyen ant sa w panse ak sa ki verite. Ou ka korije sa si w te byen li tèks sa a.

JDE
Jis like paj sa a si w te apresye tèks sa a: http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

ATITID NOU ANFAS PWOBLÈM YO

Atitid ou, anfas yon pwoblèm, se fason ou 
konpòte w, mennen tèt ou, dispozisyon w pran lè li deklare. Daprè sitiyasyon an, matirite w ak etadam ou, ou ka reyaji emosyonèlman oswa rezonableman lè w devan reyalite a. 

Annou wè 7 fason nou ka reyaji lè gen pwoblèm. 

1. Atitid yon pwovokatè 

Se ou menm ki pwovoke pwoblèm nan akoz 
yon sitiyasyon kèlkonk. Ou kreye li pou nwi lòt moun oswa pou defann tèt ou. 

- Chofè a pakin machin li an nan mitan wout la
- Ti gason vwazin nan kase ponyèt li
- Twa vòlè kase kay matant mwen an

2. Atitid yon obsèvatè

Ou gade pwoblèm nan nan tout eleman li yo :
koz ak konsekans li. Ou pa entèvni pou patisipe oswa bay yon solisyon.

- Jonas wè kilès ki gen rezon men l pa di anyen
- Ou kwaze bra w ap gade de (2) timoun k ap goumen

3. Atitid yon meprizan 

Ou konnen pwoblèm nan men li pa enpòtan 
pou w pale de li alewè pou w ta pwopoze yon solisyon. Ou montre w trè endiferan e ou ka menm ridikilize pwoblèm sa. 

- Pil fatra ki nan ri w la pa di w anyen
- Yon moun ki bezwen sekou w, ou refize l sa
- Okenn pwoblèm nan zòn ou an pa entèpele w

4. Atitid yon akizatè

Lè gen yon pwoblèm, ou chache moun ki 
koupab la pou w pa montre w konsène. Poutan, anpil fwa, ou se youn nan responsab yo dirèkteman oswa endirèkteman. Moun ki gen atitid akizatè yo renmen bay eskiz. 

- Ri nan zòn an chaje fatra : meri a ki pa fè travay li.
- Zòn ou an pa gen sekirite : leta ki responsab
- Ou pa jwenn travay : peyi a pa ofri w anyen

5. Atitid yon reziye

Ou reziye w devan pwoblèm nan, ou aksepte sa w jwenn nan, sa w wè a san chache aji pou w chanje sa. Pou ou, se konsa sa te ye, konsa l dwe ye, ou pa gen anyen pou wè nan sa. 

- Bondye ka chanje sa. 
- Se konsa l ye depi lontan. 
- Ri a pa gen anyen, li pa bezwen netwaye. 

6. Atitid yon pwofitè 

W ap chache pwofi ki nan pwoblèm nan 
sèlman san sousye de koz li yo ak viktim yo. Pou ou, nenpòt chemen ou pase a bon, depi li ba w sa w t ap chache a. Ou se yon aktè tou, men aksyon w yo se pou tire benefis pou ou oswa pou yon gwoup kontrèman ak aktè a pou l rezoud li oswa anpeche l. Pwofitè yo renmen tout lòt atitid yo sof pa aktè a.

- M pral òganize yon jounen netwayaj ak pati politik mwen an, ONG m nan, asosyasyon m nan.
- Peyi a lòk, m ap monte tout pwodwi yo.
- M byen kontan pa gen kouran, m ap byen fè kòb mwen nan rechaje aparèy.

7. Atitid yon aktè

Sigmund Freud te di : « Nan kòmansman, se 
aksyon ki te genyen » pou fè nou sonje se ak aksyon Bondye te kreye tout bagay: « Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak latè a. » (Jenèz 1.1). Voltaire pral di : « N ap viv pou n fè aksyon ». Konsa, atitid yon aktè fas ak pwoblèm yo se poze aksyon pou rezoud yo. 

- M pral motive kèk jèn parèy mwen pou ramase (metòd kiratif)
- Nou pral netwaye kannal yo avan lapli a tonbe pou evite inondasyon (metòd prevantif)

Koulye a ou fin konnen 7 atitid yon moun ka 
genyen fas ak yon pwoblèm, gen de (2) bagay enpòtan pou w fè :

1. Idantifye ki atitid ou genyen fas pwoblèm 
yo
2. Aprann konnen kòman ou ka patisipe nan 
chanjman nan ou, nan fanmi w, nan kominote w

JDE

6 ETAP POU W ABÒDE YON PWOBLÈM AK POZITIVITE

Annou fè listwa!


Ou abiye jan w vle. Ou kale kò w, ou met rad ou vle e w fè sa w vle ak cheve w, gason ou fanm. 

Poukisa w rele kretyen a  tèt mare paske l chwazi kenbe kò l ak menm libète w genyen an?

Mwen pou yon sosyete kote rasta pa dwe gen pwoblèm nan je yon tèt kale. Chak moun gen dwa pou yo itilize kò yo jan yo vle. Nòmalman, m t ap toujou swete w fè l menm jan ak mwen. Men sa dwe rete nan yon swè, li pa dwe yon obligasyon ni m pa dwe jije w sou sa. 

Pou n konstwi yon sosyete kote dwa tout moun respekte, li enpòtan pou n divòse ak tout eskiz e rapèl k ap fè n regrese. 

M pa gen pwoblèm ak ou si w pa vle aksepte Jezi men pinga w wè m mal paske m ap sèvi l. Se kòmsi w pa vle m di w konvèti epi ou menm w ap rale m vin jwenn ou. Tankou, se pa w la ki pi bon. Se menm bagay la ki fèt lè nou youn ap choute sou lòt. 

Preche levanjil ta dwe senp. M gen anpil zanmi m konn pataje moso Labib ak yo san li pa aksepte Kris epi nou fini, nou kontinye zanmi. Gen twòp faktè ki lye nou nan yon kominote pou n kite yon sèl ap detwi nou: relijyon. 

Si n ap swiv mwen byen, m sipòte tout sa m kapab, san bezwen konnen si moun sa a se kretyen, vodouyizan, renmen, plase, marye, divòse. Chwa pou m ede kominote m pa chita sou kwayans yon moun, li chita sou entansyon pou m fè byen. Toutfwa, si byen sa a m ap fè a ka fè m pèdi moral kretyen mwen, m ap kite l.

M p ap kondane w pou fimen, alkòl, vodou, elt, men nan oken ka ou pa ka ankouraje m ni fòse m fè l. Lè m gade w, m pa wè fimè a, alkolik la ni sèvitè lwa a. Dabò, m wè yon kreyati Bondye tankou m, yon pechè tankou m, yon ayisyen tankou m ki ka vin sa l vle ye demen. Dayè...

M leve nan fanmi vodou. Grangranigrann mwen te manbo. M raple m se jis nan laj 19 lane yo konsa m te deside m pa pral kay bòkò ankò. M gen souvni plizyè fwa manman m konn al wè houngan ak mwen pou maladi. M pa ka konte konbyen fwa m manje kay Djeve, Wilbè, Fènan e kay Grann mwen nan manje lakou, latounen, gerizon anba peristil. Fòk mwen ta ekri yon liv pou m esplike istwa m nan koze vodou depi lè m piti rive 18-19 lane. Sa vle di m konnen anpil koze. 

Jounen jodi a, jèn ki fèt an lan 2000 yo pa konn anyen nan sa ki te konn pase Lyankou lè bòkò yo ap fete, chanpwèl. Nan Monkamèl, Djeve p ap pa voye plizyè gode degouden, dis kòb anlè pou timoun ramase. Koulye a, nou jèn jan, nou demwazèl, nou gen telefòn, nou eklere. Lontan, la a, nan Lyankou,...m p ap pale. 

Se pou m di w orijin nou pa diferan. Se la a nou tout soti depi w se vrè pitit Lyankou. Kidonk, levanjil pa ka divize nou sou plan sosyal, ekonomik ak edikatif. E li pa ta dwe posib menm sou plan politik. Se istwa nou nou pa konnen ki fè nou ka kite politik vin antre nan mitan nou e fè n dozado. M pa t leve jwenn kilti sa isit la. 

Lontan, te gen plizyè lakou: Mapou, Desten, Djeyis, Chalestan, Fènan, elt. Nou te toujou rankontre nan foutbòl, jwèt mab, domino, bann rara, pike diri. Pi gwo abiman nou se te chòt oswa eslip pou gason, kilòt pou timoun e wòb pou demwazèl. Konsa tou, si w se gason, ou ka gen yon mayo anwo do w. Se nan pita nèt ou te konn met sandal. M a gentan vin ak lòt koze.

Pou koulye a, m ta renmen tout jèn k ap grandi yo aprann listwa Lyankou anba bouch granmoun pou n pa kite relijyon ak politik divize nou. Annou toujou wè enterè Lyankou avan tout bagay. Sinon, se nou ankò k ap detwi l. 

Randevou a kase soti 12 pou rive 16 jiyè 2020, live sou Facebook, pou m pote yon bouyon enfòmasyon pou ou sou Lyankou nan tèt kole ak plizyè lòt pitit kay la ki te la. 

Si nou vle develope lakay nou, ann pa fè biznis, mizik, etidye, politik, bati kay ak legliz sèlman. Annou fè listwa. 

JDE

Senk (5) rezon ki fè tèt ansanm pa bay rezilta

|LIDÈCHIP 

Plis n ap aji san reflechi se plis aksyon nou yo p ap pote fwi. N ap swe, bouke, bay tout enèji pou anyen. Poutan, nou gen ase fòs pou n goumen, nou gen volonte men eksperyans montre nou manke anpil bagay pou n pote laviktwa menm lè nou met tèt ansanm.

M ap pataje 5 nan tèks sa a pou ou menm k ap li ka wè lòt yo.

1. Nou youn pa fè lòt konfyans

Konfyans se baz tout inyon k ap pote fwi. Se sa k fè m santi m ansekirite lè m met ansanm ak ou pou n travay. Malerezman, malgre nou ansanm, nou youn ap doute sou entansyon lòt, nou pè pou yo pa twonpe nou. Dout sa a ka soti nan jijman nou fè de pase alye nou yo, swa paske yo te echwe. Yon echèk pa defini defèt total. Okontrè, se sa ki bay eksperyans. Pou n rive ansanm, fòk nou ka padone sa ki te pase yo, sinon rankin ka kraze plan nou genyen an. Si gen dout, nou dwe chita pou n regle tout sa ki ka kreye dout. Sinon, tèt ansanm nou se yon lòt fòm divizyon.

2. Nou pa met tèt ansanm nan solidarite

Si n ap batay ansanm, nou youn dwe ede lòt. Pa ka gen vrè inite si m ap soufri pandan w ap rejwi. Vant ou plen, m grangou. Ou chaje privilèj, mwen m ap mande. Si se konsa, tèt ansanm nou an p ap dire ni pote fwi paske gen inegalite antre nou. M p ap pa ka kenbe paske m pa fòs ou genyen. Nou gen dwa pa gen menm resous men pandan tèt ansanm nou an, fòk nou youn sipòte lòt.

3. Nou pa met tèt ansanm nan renmen

Trè souvan, nou youn pa renmen lòt. Sa te fè n pa t janm dyaloge. Men, pou w atenn yon objektif, ou vle mete avèk enmi w. Otomatikman, nou nan ipokrizi paske se pa kè nou ki ini vre. Okontrè, si nou te renmen alye nou yo, konba n ap fè yo te gendwa pa t posib. Nou t ap defann yo, yo pa t ap vyole dwa yo jis pou n ta bezwen goumen pou fè respekte l. Si nou te konn panse e aji pou n manje ansanm, nou pa t ap bezwen goumen pou grangou. Renmen t ap gentan rezoud pwoblèm sa.


4. Nou pa met tèt ansanm pou nou youn pwoteje lòt

Se pa lè nou andanje pou n wè nesesite met tèt ansanm. Nou youn te dwe sekirite pou lòt avan. E malgre sa pa t konsa, si n deside ini nou, li dwe posib. Ou gen parapli pou  w evite mouye nan lapli, li pa genyen. Lè li andanje, ou pa pote l sekou. Ou gen mwayen pou w jwenn swen sante, li pa genyen. Tèt ansanm nou pa ka pote fwi.


5. Nou tout bezwen dirije

Depi gen omwen twa moun ki met tèt ansanm, fòk gen yon lidè. Depi gen yon lidè, fòk li gen moun pou l dirije. Nou tout pa ka lidè prensipal men nou chak gen yon pwen fò k ap itil nan lit la. Esansyèl la se atenn objektif la. Si nou met tèt ansanm pou n ka dirije, se pa chanjman nou vle tout bon paske se divizyon ki lakoz lidè yo pa ka bay rezilta. Yon sistèm pa yon wobo. Se yon seri eleman ki la pou n itilize pou bay rezilta. Rezilta a se prèv nou byen oswa mal itilize l.

Tèt ansanm se yon nesesite pou tout batay k ap fèt pou kolektif la, men si nou youn pa fè lòt konfyans, nou pa solidè, nou youn pa renmen lòt, nou youn p ap pwoteje lòt e nou tout bezwen dirije, nou p ap janm pote yon viktwa ki dire e benfik pou nou tout.

JDE


On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...