samedi 27 juin 2020

Uit (8) mwayen w ka rankontre Bondye



ENTWODIKSYON 

Kèk fwa, nan lavi, ou konn panse se yon sèl chemen, yon sèl mwayen ki genyen pou w jwenn sa w bezwen. Depi w pa ka jwenn li aprè plizyè esè, ou panse li enposib, se pa t destine w epi w reziye w nan sa w genyen an. Se konsa, ou konn ap chache Bondye, ou vle rankontre Jezi, men w pa kapab paske mwayen w itilize a pa efikas. 

Jodi a, nou pral wè uit (8) mwayen w ka rankontre Bondye nan tout egzistans ou. 

DEVLOPMAN 

1. Nan lapriyè 

Lapriyè se yon mwayen ki pi popilè moun konnen pou pale ak Bondye. Li pi fasil men li fèt pi mal tou. Bib la bay plizyè egzanp moun ki te konn rankontre Bondye gras ak lapriyè yo: Abraram, Danyèl, Pòl, elatriye. Si w pa ka jwenn Bondye nan lapriyè, ou ka jwenn li pandan w ap li Bib la. 

2. Nan lekti Bib la

Fè lekti se pran konesans de sa ki ekri. Sa ki ekri nan Bib la se sa ki te pase, sa Lespri Bondye a te enspire lòm mete sou papye pou tout lòt jenerasyon te ka konnen (Detewonòm 29.29, 2 Timote 3.16). Ebyen, pandan w ap li, li posib pou w rankontre ak Bondye nan dekouvri travay li, pouvwa li, renmen li ak pwomès li fè lèzòm. Se pandan etyopyen an t ap li, Lespri Bondye te fè Filip al jwenn li pou esplike l sa l pa konprann. E se konsa li ta pral konvèti e batize (Travay 8.26-40). Nan Som 119.105, nou wè pawòl la se chandèl pou klere chemen.

3. Nan refleksyon 

Ou ka rankontre Bondye lè w ap reflechi. Se ka pandan w ap kontanple nati a, w ap medite sou sa w wè, sa w te tande, sa k ap pase. Nan Jozye 1.8, Bondye mande pou n repase pawòl la lajounen kou lannwit. Li posib pou w gen vizyon pandan w ap reflechi. Ou ka jwenn yon revelasyon sou yon mo, yon deklarasyon, yon ansèyman, yon bagay ki te difisil pou w konprann e ki pral louvri pòt pou w rankontre Bondye. 

4. Nan kontanple mèvèy li yo

Kò w sèlman ta dwe sifi pou kontanple grandè Bondye. Mwen gen 34 lane depi kè m ap bat san kanpe. Gade solèy la k ap klere monn lan, zetwal yo ki nan syèl la, dlo lamè a ki rete san anvayi nou. Envansyon lèzòm poko janm egale sa Bondye fè. E menmsi l ta egale youn, se t ap glwa pou Bondye ankò paske se li menm ki te kreye lòm. Si w entelijan vre, pèsonn pa t dwe di w sèvi Bondye. Ou gen twòp prèv. 

5. Nan yon danje 

Pòl (Sòl) pa t janm kwè Jezi ki te mouri a te vivan nan disip yo jiskaske li rankontre l sou wout Damas (Travay 9). Avan sa, nan mitan lanmè wouj, lame farawon an te rankontre Bondye nan pouswiv pèp li a. Ananyas ak madanm li Safira te byen kontre ak Bondye nan bay manti (Travay 5.1-10). Si Pòl te epanye nan danje pa l la, gen anpil lòt ki te pèdi. Alò, pa tann se nan yon ka parèy pou w rankontre Bondye.

6. Pandan yon sèmon

Imajine twa (3) mil nanm repanti e batize aprè yo fin tande predikasyon yon grenn disip (Travay 2.14-41). Se menm jan an, ou ka rankontre Bondye nan yon mesaj. Ou pa oblije legliz pou sa fèt. Se ka nan radyo, sou entènèt, sou televizyon, nan lari, nan yon kwazad, lakay ou. Sa ki esansyèl, se tande vwa Bondye.

7. Nan yon vizyon

La a, mwen p ap pale de vizyon moun fè pou ou. Se vizyon ou genyen ou menm. Li pa enposib pou yon lòt moun wè pou ou men m vle w konnen ou ka wè tou paske Bondye konnen w, ou se youn pami 7 milya vivan ki sou tè a. Se lòm parèy nou ki vle mete baryè ant ou menm ak Bondye men depi lè Kris la fin mouri, ou lib pou w rankontre l san èd obligatwa pèsonn. 

8. Nan jou jijman an

Kapasite w pou w fè diskisyon, ekri e pale pou w di Bondye pa egziste se prèv li egziste. 1) Pa gen okenn rezon pou pale sou sa ki pa egziste sinon bay agiman pou w jistifye pozisyon w parapò ak sa w pa wè e konprann. Yon lòt moun ka jistifye pozisyon l tou, ki vin kreye yon kontwovès. 2) Sèl Bondye ki dakò lòm di sa l vle san pini l touswit. Se pa tout dirijan nan monn lan ki dakò sa, tankou Ponyong ak tout lòt diktatè yo. Se lib ou lib ki fè w ka pale, sa pa vle di w gen rezon. Nan jou jijman an, w a konprann paske pa gen moun ki p ap pase la (Revelasyon 20).

KONKLIZYON 

Gen de (2) evenman w pa ka evite nan egzistans ou: lanmò ak jijman. Gen yon sèl pou evite lanmò: pa vin sou tè sa a e gen yon sèl pou w evite jijman: aksepte Jezi. Pa vle konvèti pou w rankontre Bondye oswa rankontre Bondye pou w konvèti se CHWA w. Ou konn uit mwayen pou w fè sa. 

JDE
Like paj JDE a.
http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...