samedi 27 juin 2020

Papa m ki lakoz



M te fin damou byen damou mwen nan yon segonn. M te tèlman santi m ap bon, m pa t panse m t ap jwenn yon lòt moun tankou l. 

Kisa ki te pase menm? Kòman m te fè rankontre l?

Nou nan lane 2005, nan lavil Pòtoprens, nan zòn Nazon. Nou pa t rete lwen COMCEL la, tou prè yon machann pate kòde. Depi w te viv la, w ap konnen. Ebyen se la m te rankontre l, yon swa pandan l t ap sot achte fritay pou manman l. 

Limyè kamyonèt yo te ede m wè bote l pi byen. Se te tankou yon flash, yon siyal, yon siy ki t ap di m : " Men li, se li wi. Ti grenn ou t ap chache depi lontan an. Nan yon ti kadè, m te santi m disloke, lòk, pòk, kè m t ap fè tòk tòk devan l. 

M te pè men m pa t pè avanse. M te la, devan l, anfas li, tou prè l, ap gade l, souri ba li epi m di l: 

- Madmwazèl bonswa wi.

Nèg pa t twò fò nan koze, ou konnen. Li reponn mwen, men sanble l te sou san l, li genlè te sot adore Legliz osinon, bon, m pa konnen. Antouka, m tou pwofite epi m di l: 

- Se pou premye fwa m rankontre w nan zòn nan. Kòman m pa t fè remake w pou jan w espesyal. 

A, li gade m bi w, epi l souri ba w, li di m:

- Poutan, m te toujou wè w. M te konn ap gade w men m pa t janm kite m wè m. 

Tankou yon egare, m di l: 

- E vre?
- Wi, e m konn kòman w rele.
- Kisa? Manti.
- Ou rele Kaliks. 

M sezi, m kontan, m pa kwè men m byen kontan. Alò, m vin ap panse konsa:

- M te panse m ta pral pase mizè wi. Apa m tou bon. Si l gentan gen tout enfòmasyon sa yo sou mwen, sa vle di l renmen m. Pa gen dout nan sa. 

Nou pa t ap ka rete plis paske l te gentan fin achte. Avan li deplase, li di m:

- Se pa Chal ou siyen?

En en! M frikat epi m reponn tou sispèk : 

- E wi, Chal Kaliks.
- Ebyen, m se Chal Widlin. Ou gen ven lane pa vre?

O O! Fwa sa, m reponn tou tris.

- Wi, m gen ven lane. Men kòman w fè konn tout bagay sa yo de mwen? Kilès ki di w sa? 

Li di m kareman:

- Mwen se ti sè w Kaliks, pitit Chal Wadnè. 
- Kisa? Mantò! 

M pa bezwen fin di w rès istwa a. Men w ka imajine kòman m regrèt e kontan rankont sa. Papa m ki lakoz! 

M vin konprann kòman gen danje nan fè pitit pasi pala san kontwòl. Domaj papa m pa la pou m te rakonte l kòman li fè m manke fè afè ak ti sè m. 

Yon lòt fwa nou te rankontre, li di m konsa: 

- Ou pa t gentan wè m se sè w pou jan m t ap ba w tout enfòmasyon sa yo? Ou genlè te renmen m tout bon?
- Istwa sa pase Widlin. Tann mwen, ti gason sa m wè lòt bò a, se ou l ap tann la si m byen konprann?
- Men wi, li se menaj mwen.
- Menaj ou? 
- Wi, ben wi. Alò, ou te wè m bon pou renmen men w pa vle m renmen? 

Widlin tèlman rete kè m, m te vle fè twa jou jèn pou patnè sa m te wè a ta di l se frè l menm jan avè m.

Jérôme Dorsonne Emerson Jde

Jeunesse et Lecture

® 9 avril 2019
Lyankou, Latibonit

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...