mardi 3 mars 2020

Aprann sipòte biznis nan zòn ou!



(Foto nan kloti dezyèm pwomosyon J.A.S nan Lyankou, 9 fevriye 2020)

Ou pa entèlijan ni w pa ede kominote w la lè w prefere pran machin al achte yon lòt kote akoz 5, 10 ak 15 goud anplis.  Pandan w ap li rès refleksyon sa a, mete nan lespri w m p ap ankouraje mache nwa.

Ann reflechi byen...

Moun k ap fè biznis nan zòn ou an, se kote w achte an detay la li achte angwo pi souvan. Kidonk, li pa ka vann nan menm pri ak gwosis la paske l peye lòt frè e fò l fè benefis, mete sou risk li pran ke w pa pran.  Tankou, li ka pèdi pwodwi, yo ka gate, yo ka vòlè yo, dat yo ka ekspire e yo pèdi valè yo. Se tout risk sa yo ki konn lakoz yon pwodwi vann nan yon pri pase yon lòt.

Dèfwa, lè pwodwi a ekspire nan men machann lan, li pèdi kapital li te envesti a. E se pou ou li te achte yo. Nan yon sans, ou pa ede l e ou pa ede tèt ou paske kote w ka jwenn pwodwi sa a nan nenpòt lè nan men l k ap vann an detay, gwosis la gen yon lè egzat li fèmen. Sa se yon avantaj ou peye.

Lè w pa achte nan men detayan an paske lòt ki lwen an vann li pi ba, swa ak yon diferans 10 goud, ou pa kontribye nan ekonomi zòn ou an. Anplis de sa, ou riske vi w pran machin oswa moto ki ka fè w depanse plis.Ankò, ou pèdi yon tan ou te ka itilize pou w fè yon lòt aktivite.

Annou imajine LE FOURNISSEUR vann papye an gwo Lyankou ak 600$ht. POWERGRAPH MULTI-SERVICES reachte li a 620$ht, yon diferans 20$ht. Èske PGMS pèdi? Non, paske li t ap bezwen depanse omwen 40$ht anplis (defisi 20$ht). Kidonk, se yon sèvis LE FOURNISSEUR rann li. Men, èske LE FOURNISSEUR pa fè Gwosis li achte nan men l lan tò? Non. Rezon? Gwosis la toujou vann e LE FOURNISSEUR fasilite kliyan l yo jwenn sèvis la pi rapid e pi pre. Plis kliyan ki pi lwen yo ap jwenn sèvis, se plis gwosis la ap vann.

Malerezman, anpil moun k ap fè biznis pa analize reyalite sa yo ki te pi bon. Antouka, fò n kòmanse reflechi sou jan n ap envesti e achte pou ekonomi zòn nou ka pi djanm.

Ou pa ka fè yon machann kado 25 goud, achte pou 25 goud nan men l, w a ankouraje l. Ou pa ka peye lekòl pitit li, omwen sipòte l nan aktivite l ap fè a, sa ap ede l peye l.Ou t ap wè plis moun t ap fè biznis, lè konsa volim delenkans la, vòl, ensekirite a, pwostitisyon an t ap diminye. Dayè, lè w byen reflechi, se grangou ki alabaz ensekirite ak delenkans. Se pou rezon sa a, mwen ap ankouraje Leta peyi m ak tout envestisè ki swete jèn yo viv nan moralite pou yo envesti nan talan yo, komès y ap fè. Se la a pou n kòmanse vrè devlopman an e sa ta dwe kòmanse lekòl, paske twòp elèv ki fin etid klasik chita ap tann djòb pandanke yo te ka kòmanse fè kòb nan plizyè mouvman ki genyen nan lari a.

Jan m toujou di, nou pa bezwen anpil pou n fè lòt yo jwenn tout sa yo bezwen.Richès yo ap gaspiye, ann depanse, envesti e sipòte yon lòt fason. Se pa biznismann nan oswa antreprenè ou anrichi lè w achte nan men l, se zòn ou an w ap bay jarèt nan ekonomi.Pa wè kòb l ap fè a, wè ekonomi zòn nan. M panse li lè li tan pou antreprenè yo jwenn pi bon tretman nan men popilasyon an. Konsa tou, yo dwe envesti nan edikasyon jèn yo. Nou gen twòp timoun k ap fin lekòl pou n pa ka devlope zòn nou. Se kòmsi lekòl la kontribye nan rann peyi a pi pòv. An reyalite, se pa sa, men si n ap kontinye frekante lekòl pandan n ap antre pi fon nan povrete, fò n repanse misyon ak rezilta lekòl la.

M panse si n repanse fason n ap viv, depanse, envesti e sipòte, n ap dekouvri anpil tò nou fè tèt nou pandan n panse n ap byen aji.

Ann sipòte biznis lakay!

Atik sa a se opinyon pa m nan lide pou m kontribye nan sansibilize lektè yo sou enpòtans antreprenarya ak lidèchip nan devlopman Ayiti. Kisa w panse de sijè sa a? Bay opinyon wnan kòmantè a. M ap kontan fè lekti fidbak ou.

Jérome Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...