jeudi 11 février 2016

Les lecteurs ont écrit....


Bonjour frère Emerson. Map félisite esprit de Dieu ki nan la viw lan. Akoz meditasyon yo, mwen aprann e chanje anpil bagay... Se byen mwen swetew gen plis foli pou travay w ap fe a. Bonne continuité dans le Seigneur.
Soeur Jonatha
Delmas 19, Haïti
*********
Mesi frè pou kouraj ou. Menm jan Bondye te sèvi ak Pòl kòm yon enstriman se konsa Bondye utilize w pou w ede pèp li a avanse nan levanjil. Mwen remèsye Bondye paske li mete w pou w ede m konprann pawòl la plis. Pafwa yon senp meditasyon ede m reprann mwen. Ke Bondye kontinye sèvi avew paske li pa peye kòmansman men se finisman. Rekonpans nan Bondye frè.
Sr Angeline Montinat
Liancourt, Haïti
**********
Mwen toujou jwenn meditasyon yo ki edifyan anpil. Mwen swete ke BonDye beniw e baw fòs pouw pa janm dekouraje... Bon travay....
Remy Schadrac
Clercine, P-au-P, Haïti
************
Bondye beni'w fr Emerson. Mwen bay Bondye glwa pou ou, pou gras, konesans, sajes ak intelijans ke Dye ba ou. Mwen remesye Dye pou ou paske ou toujou dispoze e disponib pou travay sa a ki se ministère de la prédication. Mwen toujou beni chak jou nan pawòl yo. Kontinye travay pou glwa non Bondye, se pa fasil men pa dekouraje. Ke Dye ogmante dimansyon predikasyon ou davantaj. Bondye beni'w sang Jesus kouvri'w ak tout fanmiw.
Sr Batia
Floride, USA

No 106: Comment decouvrir votre don spirituel (5e partie)

La prière (4e)
La prière est une étape très importante dans la recherche de votre don. Malheureusement, certains chrétiens ne prient que pour demander des choses matérielles. Si vous croyez que Dieu peut exaucer vos prières pourquoi ne pas lui demander de vous révéler votre don ? Il peut le faire. Cependant, vous ne devez pas avoir des mauvaises intentions comme la rivalité ou la supériorité. Ce sont des fausses motivations qui peuvent devenir des obstacles dans votre demande.
Souvenez-vous toujours que les dons sont là pour l’utilité commune (Ephésiens 4.11) et non pour l’utilité personnelle ou pour être le meilleur à l’église. Ne minimisez pas un don par rapport à un autre comme s’il n’est pas trop nécessaire. L’exemple de Paul dans 1 Corinthiens 12.21-22 nous apprend que les membres du corps qui paraissent être les plus faibles sont nécessaires : les yeux, les doigts, etc. L’essentiel est l’amour dans l’exercice de votre don (1 Corinthiens 13.1-3)
Si vous méprisez votre don parce qu’il vous semble insignifiant et que vous en voulez un qui puisse vous mettre en valeur dans votre assemblée, votre intention est mauvaise. Vos prières deviennent automatiquement mauvaises aussi à cause de votre motivation. Dans ce cas, vous ne recevrez rien même si vous priez (Jacques 4.3). Vous ne recevez pas un don pour devenir une vedette dans votre assemblée ou dans le monde, mais plutôt un instrument à leur service. Les apôtres n’étaient pas des vedettes ni des hommes célèbres. Ils étaient au service du Seigneur en dépit de tout ce qu’il endurait.
Une autre mauvaise motivation dans la prière pour découvrir votre don est la convoitise d’un autre don qui semble être privilégié dans l’assemblée. L’exemple du magicien Simon est approprié. Il voulait payer les apôtres pour recevoir le pouvoir de conférer le Saint-Esprit aux croyants par imposition des mains. Sa convoitise déterminait l’état de son cœur devant Dieu. Pour cela, il devait donc se repentir (Actes 8.18-24). De nos jours, certaines personnes sont comme Simon. Elles sont prêtes à tout offrir pour occuper une place dans l’église de Jésus-Christ. Une telle motivation est mauvaise et peut-être sujette à la condamnation vu ses résultats déplorables dans le monde évangélique : cupidité, corruption, fausses doctrines, mondanité et autres choses semblables.
Maintenant, si vous n’êtes pas certain que vous avez reçu un don, vous pouvez demander à Dieu de vous donner ce qui lui plait, comme Jésus qui priait: «Toutefois, non pas ce que je veux, mais ce que tu veux. » (Matthieu 26.39). Alfred Kuen dit : « Une prière humble et soumise à la volonté de Dieu nous gardera de tout piège ».
Que votre prière soit d’une bonne intention dans la recherche de votre don !
Bonne journée !
Jérôme Dorsonne Emerson

CREOLE

Sijè : Kòman pou w dekouvri don espirityèl ou (5e pati)

Lapriyè (4e)
Lapriyè se yon etap enpòtan nan chache don w lan. Malerezman, gen kèk kretyen ki priye sèlman pou bagay materyèl. Si ou kwè ke Bondye ka reponn priyè ou yo poukisa ou pa mande li pou l fè w konnen don ou genyen an tou? Li ka fè l. Sepandan, ou pa dwe gen move motivasyon tankou rivalite ak siperyorite. Motivasyon sa yo pa bon, yo ka tounen obstak nan demand ou a.
Toujou sonje ke don yo la pou sèvi tout moun (Efezyen 4.11) e non pou itil yon moun oubyen pou moun sa a pase pou pi bon nan legliz la. Pa minimize yon don parapò ak yon lòt kòmsi li pa twò nesesè. Egzanp Pòl la nan 1 Korent 12.21-22 aprann nou ke manb ki parèt pi fèb yo nan kò a pi nesesè : je yo, dwèt yo, elatriye. Sa ki esansyèl se lanmou ou genyen nan egzèse don w lan (1 Korent 13.1-3).
Si ou meprize don ou an paske li sanble pa gen enpòtans epi ou vle youn ki ka fè yo bò w valè nan asanble a, entansyon ou an pa bon. Priyè ou yo p ap bon tou akoz motivasyon ou an. Nan ka sa a, ou p ap resevwa anyen menmsi ou priye (Jak 4.3). Ou pa resevwa yon don pou w vin fè atis nan asanble w la ni nan lemond, men pito pou w vin yon enstriman pou rann yo sèvis. Se pa t atis non apot yo t ap fè ni yo pa t gen renome. Yo t ap rann Senyè a sèvis malgre tout sa yo t ap sibi.
Yon lòt motivasyon ki pa bon ankò nan lapriyè pou w dekouvri don ou an se lè ou konvwate yon lòt don ki sanble gen avantaj nan asanble a. Egzanp majisyen Simon an ale nan sans sa a. Li te vle bay apot yo lajan pou l te ka fè moun resevwa Sentespri a nan mete men sou tèt yo. Konvwatiz li a te montre nan ki eta kè li te ye devan Bondye. Pou sa, li te dwe repanti (Travay 8.14-24). Jounen jodi a, anpil moun tankou Simon. Yo prè pou yo ofri tout bagay pou yo ka okipe yon plas nan legliz Jezikri a. Yon motivasyon konsa pa bon e li ka lakoz kondanasyon daprè move rezilta li bay nan mond evanjelik la : renmen lajan, koripsyon, fos doktrin, abitid lemond nan legliz la ak lòt bagay ki menm jan yo.
Koulye a, si ou pa sèten ke ou te resevwa yon don, ou ka mande Bondye pou l bò w sa k ap fè l plezi a, tankou Jezi te priye : « Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a » (Matye 26.39). Alfred Kuen di : « Yon priyè nan imilite e ki soumèt anba volonte Bondye ap pwoteje nou de tout pyèj.
Ke ou gen bon entansyon nan priyè w ap fè pou w chache don ou lan !
Pase yon bon jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson

No 105. Mercredi 10 février 2016: Comment découvrir votre don spirituel (4e partie)

Disponibilité (3e)
Votre don est une responsabilité. Le pasteur est responsable des fidèles, l'évangéliste embrasse l'évangélisation sous toutes ses formes et le prophète est disponible pour Dieu parce qu'il est sa bouche.
Si vous voulez découvrir votre don, il faut que vous soyez disponible pour vous mettre au service de Dieu et des autres (1 Pierre 4.10). N'aspirez pas à devenir pasteur si vous n'avez pas le temps pour l'église. Le mécanicien est au garage. Le pilote est dans l'avion et le président est dans son palais. Vous serez exactement là où Dieu vous placera (1 Corinthiens 12.18).
Avez-vous déjà vu un aveugle qui identifie les couleurs? Non. Sa vue n'est plus, il ne peut pas. Ainsi, si vous n'êtes pas disponible pour vous mettre au service des autres membres, vous n'appartenez pas au corps. L'apôtre Paul dit: "Vous êtes le corps de Christ, et vous êtes ses membres, chacun pour sa part."(1 Corinthiens 12.27) Votre indisponibilité pour découvrir et exercer votre don peut être la preuve que vous n'êtes pas un membre du corps de Christ. Dans ce cas, vous n'avez pas reçu le Saint-Esprit, car si vous l'aviez reçu vous auriez reçu son don également.
Vous acceptez que le Saint-Esprit vous donne une puissance mais vous n'acceptez pas d'utiliser cette puissance pour être le témoin de Jésus-Christ (Acte 1.8) Quelle hypocrisie! Vous savez que Dieu est grand mais vous refusez le choix de sa grandeur.
Que faites-vous si vous n'êtes pas disponible? Êtes-vous mort? Mais les morts ne savent rien. Êtes-vous malade? Allez à l'hôpital. Sinon, soyez disponible pour découvrir votre don et le mettre au service des autres.
Bonne journée!
(Vos questions sont les bienvenues sur ma pagehttps://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/)
Jérôme Dorsonne Emerson
SOLI DEI GLORIA! MARANATHA!

Sijè: Koman pou w dekouvri don espirityèl ou (4e pati)
Disponibilite (3e)
Don ou se yon responsablite. Pastè a responsab fidèl yo, evanjelis la responsab tout sa ki gen rapò ak evanjelizasyon, e pwofèt la disponib pou Bondye paske se bouch Bondye li ye.
Si ou vle dekouvri don ou, fòk ou disponib pou w ka rann Bondye ak lòt moun yo sèvis (1 Pyè 4.10),
Pa chache gen don pastè si ou pa gen tan pou legliz la. Mekanisyen an nan garaj la. Pilòt la nan avyon an e prezidan an nan palè a. Wap egzakteman kote Bondye mete w la (1 Korent 12.18)
Eske w wè yon avèg k ap idantifye koulè deja ? Non. Li pa kapab. Konsa, si ou pa disponib pou rann lòt manm sèvis, ou pa fè pati kò a. Apot Pòl di :" Nou tout nou se kò Kris la.: nou chak se yon manm nan kò a."(1 Corinthiens 12.27). Endisponiblitew pou dekouvri e egzèse don ou se ka prèv ou pa nan kò Kris la. Nan ka sa a, ou pat resevwa Sentespri a paske siw te resevwa l, ou tap resevwa yon don tou.
Ou dakò ke Sentespri a bò w yon pwisans men ou pa dakò itilize pwisans sa a pou w sèvi Jezikri temwen (Actes 1.8) Gade yon ipokrizi!
Ou konnen ke Bondye gran men ou refize chwa grandè li.
Kisa w ap fè si w pa disponib. Ou genlè mouri? Men moun mouri pa konn anyen. Ou genlè malad? Ale lopital. Sinon, se pou w mete w disponib pou w dekouvri don ou epi rann lòt moun sèvis.
Pase yon bon jounen!
(Ou ka poze kesyon sou paj mwen anhttps://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/)
Jérôme Dorsonne Emerson
SOLI DEI GLORIA! MARANATHA!

No 104. Mardi 09 février 2016 Sujet : Comment découvrir son don spirituel (3e partie)


La foi (2e)
La Bible est la parole de Dieu et Dieu n'a jamais menti. Donc, la Bible dit la vérité. Celui qui ne croit pas en Dieu ne croit pas non plus en sa parole qui est dans la Bible.
La Bible nous dit que Dieu opère en tous (1 Corinthiens 7.6). Tous, pas une majorité ni une minorité de chrétien, mais tous les chrétiens. Elle dit encore :"Or, à chacun la manifestation de l'Esprit est donnée pour l'utilité commune. "(v7). Les mots "chacun" et "commune" retirent les doutes d'un chrétien qui aurait pensé qu'il n'a pas reçu un don.
En Ephésiens 4.11, l'apôtre utilise les locutions pronominales "les uns les autres" qui signifient "chacun avec réciprocité ". L'apôtre Pierre est du même avis quand il dit "que chacun de vous mette au service des autres le don qu'il a reçu ".(1 Pierre 4.10) Les dons sont donc là pour nous unir et maintenir l'unité chrétienne (Ephésiens 4.13). Voilà pourquoi nous sommes divisés et confus. Nous n'utilisons pas les dons spirituels.
Avoir la foi pour découvrir votre don est important parce que vous devez croire que vous avez un don et que ce don est en vous. Sinon, vous n'êtes pas né de nouveau, car chaque enfant de Dieu a au moins un don. Quand vous dites "je n'ai pas de don", vous signifiez que Dieu est un menteur parce que sa parole dit que chaque chrétien a reçu un don.
Votre foi est nécessaire pour découvrir votre don. Si vous êtes vraiment sauvé, vous avez reçu un don. Il peut être caché mais soyez certain qu'il est là. Je vous encourage à suivre les 5 prochaines méditations au cas où vous aimeriez vraiment découvrir votre don.
Que votre journée soit agréable dans le nom de Jésus-Christ.
Jérôme Dorsonne Emerson
(Les deux premières méditations sur cet enseignement sont disponibles sur ma page Facebook Cliquez icihttps://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/ Consultez-la si vous avez raté une méditation)


Sijè: Kòman pouw dekouvri don espirityèl ou (3e patie)
Lafwa(2e)
Labib se pawòl Bondye li ye e Bondye pa janm bay manti. Kidonk, Labib di verite. Yon moun ki pa kwè nan Bondye pa kwè pawòl li tou ki nan Labib.
Labib di nou ke Bondye bay tout moun travay yo nan tout sèvis kap fèt. (1 Korent 12.6). Tout moun, se pa yon majorite ni yon minorite, men tout kretyen. Li di ankò : « Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun men li fè l pou byen tout moun » (1 Korent 12.7) Mo sa yo ki se « chak moun » e « tout moun » retire dout yon kretyen ki ta panse ke li pa gen yon don.
Nan Efezyen 4.11, apot Pòl itilize “youn lòt” ki vle di “chak moun resipwòkman”. Apot Pyè pataje menm lide lè li di « Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt sèvis »(1 Pyè 4.10) Don yo la pou ini nou e kenbe inite sa a (Efezyen 4.13). Men poukisa nou divize e nou nan konfizyon. Nou pa itilize don espirityèl yo.
Gen lafwa pou w dekouvri don ou enpòtan paske ou dwe kwè ke ou gen yon don e don sa a nan ou. Sinon, ou poko fèt yon dezyèm fwa, paske chak pitit Bondye genyen yon don pou pi piti. Lè ou di « mwen pa gen don », ou deklare ke Bondye konn bay manti paske pawòl li di ke chak kretyen resevwa yon don.
Lafwa ou nesesè pou w dekouvri don ou. Si ou sove vre, ou resevwa yon don. Li ka kache men ou mèt sèten li la. Mwen ankouraje w swiv 5 lòt meditasyon kap vini yo si ou ta renmen dekouvri don ou an vre.
Ke jounen ou an agreyab pou ou nan non Jezikri.
Jerôme Dorsonne Emerson
(De premye meditasyon sou ansèyman sa a disponib sou paj Facebook mwen an. Klike la a : ici https://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/Konsilte li si ou te rate yon meditasyon.

No 103: Lundi 08 fevrier 2016: Comment découvrir son don spirituel

(Aimez ma page afin de ne pas rater les méditations au cas où il serait impossible de les recevoir sur whatsapp. Actuellement, le blogg présente des difficultés. Cliquez ici https://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/Merci)
La connaissance (1)
Découvrir votre don doit commencer par la connaissance de tous les dons. Il en existe environ 21, selon un classement de quatte groupes par Alfred Kuen.
1) Les dons de proclamation (7)
apôtre, prophétie, exhortation, évangéliste, enseignement (pasteur-docteur), parole de connaissance, parole de sagesse
2) Les dons de services(7)
diaconie, don d'aider, habilité manuelle, libéralité, miséricorde, hospitalité, présidence ou direction.
3) Les pouvoirs spéciaux (4)
don de foi, dons de guérisons, dons de miracles, don du discernement des esprit.
4) Les dons de louange et de prière (3)
dons musicaux, don du parler en langues, don d'interprétation des langues.
On les retrouve dans les versets suivants: 1 Corinthiens 12.4-11; 12.28-32; 13.1-3; Romains 12.4-8; Ephésiens 4.7-22.
Un chrétien peut avoir plusieurs dons, Paul est un exemple. Maintenant que vous avez la liste, votre travail est de connaître la valeur de chacun. Mais n'oubliez jamais ces versets:
"Comme de bons dispensateurs des diverses grâces de Dieu, que chacun de vous mette au service des autres le don qu'il a reçu, Si quelqu'un parle, que ce soit comme annonçant les oracles de Dieu; si quelqu'un remplit un ministère, qu'il le remplisse selon la force que Dieu communique, afin qu'en toutes choses Dieu soit glorifié par Jésus Christ, à qui appartiennent la gloire et la puissance, aux siècles des siècles. Amen! (1 Pierre 4.10-11)
Vous êtes un instrument de Dieu. Soyez donc utile dans votre église et dans le monde.
Bonne journée!
Jérôme Dorsonne Emerson


CREOLE
No 103. Lendi 08 fevriye 2016
Sijè: Kòman dekouvri don espirityèl ou (2e partie)
Konesans (1)
(Renmen paj mwen an sou Facebook pouw pa rate meditasyon yo si li ta enposib pou w resevwa yo sou whatsapp. Aktyèlman blogg la bay pwoblem. Klike sou sa a https://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/Mèsi)
Dekouvri don ou dwe kòmanse nan konnen tout don yo. Genyen 21 konsa, dapre yon klasman ke Alfred Kuen fè nan 4 gwoup.
°°°°°°°°°
1) Les dons de proclamation (7)
apôtre, prophétie, exhortation, évangéliste, enseignement (pasteur-docteur), parole de connaissance, parole de sagesse
2) Les dons de services(7)
diaconie, don d'aider, habilité manuelle, libéralité, miséricorde, hospitalité, présidence ou direction.
3) Les pouvoirs spéciaux (4)
don de foi, dons de guérisons, dons de miracles, don du discernement des esprit.
4) Les dons de louange et de prière (3)
dons musicaux, don du parler en langues, don d'interprétation des langues.
°°°°°°°°°
Nou jwenn yo nan vèsè sa yo: 1 Korent 12.4-11;12.28-32;13.1-3; Women 12.4-8; Efezyen 4.7-22.
Yon kretyen ka gen plizyè don, Pòl se yon egzanp. Koulye a, ou gen lis la, travay ou se konnen valè chak ladan yo. Men pa bliye vèsè sa yo:
"Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn"(1 Pyè 4.10-11)
Ou se enstriman Bondye. Se pou w itil nan legliz ou e nan lemond.
Pase yon bon jounen!
Jérôme Dorsonne Emerson

No 102: Dimanche 07 fevrier 2016: Comment découvrir votre don spirituel

FRANCAIS
Votre don spirituel est une preuve que vous êtes sauvé, parce que c'est le Saint-Esprit qui vous le donne (1 Corinthiens 12.7) et c'est grâce à lui que vous êtes devenu enfant de Dieu (Jean 3.6).
Par conséquent, découvrir votre don spirituel est très important si vous aimeriez tester votre salut. Voilà pourquoi je vous propose une étude détaillée sur les 7 moyens de découvrir votre don spirituel.
Dans son livre "Don pour le Service", le docteur Alfred Kuen donne 7 marches à suivre pour connaître son don. 
Ce sont:
1) Connaissance
2) Foi
3) Disponibilité
4) Prière
5) Activité
6) Dispositions
7) Efficacité
Découvrir votre don, c'est découvrir la capacité que Dieu vous a donnée par son Saint-Esprit pour lui servir et servir les autres. Votre place dans une assemblée ne consiste pas à vous asseoir et écouter pour dire "amen" seulement et critiquer les autres.
Je vous le dis ce matin, Dieu vous permet de voir les faiblesses de votre frère pour l'aider et non pour le critiquer. Si les choses vont mal dans votre assemblée, ne soyez pas Judas, soyez plutôt Paul. C'est là que commence le développement de votre don.
A suivre...
Bon dimanche!
Jérôme Dorsonne Emerson

CREOLE

Jan pou w dekouvri don espirityel ou
Tardiksyon: Sè Joseph Micheline
Don espirityèl ou a se yon prèv ke ou sove, paske se Sentespri a ki ba ou li (1 Korentyen 12.7) e se gras ak li ou vin pitit Bondye (Jan 3.6).
Konsa, dekouvri don espirityèl ou vrèman enpotan si w ta renmen teste sali ou. Se poutèt sa mwen pwopozew yon etid detaye sou 7 mwayen ki ka fè w dekouvri don ou.
Nan liv " Dons pour le service" li ekri, doktè Alfred Kuen bay 7 bagay kap ede w konnen don ou. Se:
1) Konesans
2) Lafwa
3) Disponibilite
4) Lapriyè
5) Aktivite
6) Dispozisyon
7) Efikasite
Dekouvri don ou se dekouvri kapasite Bondye ba ou pa mwayen Sentespri li pou sèvi li e sèvi lòt moun. Plas ou nan asanble a se pa vin chita epi tande pou di "amen" sèlman e kritike lòt moun.
Maten an map di w sa, Bondye kitew wè feblès frè w la pou ka ede l men se pa pou kritike l. Si bagay yo prale mal nan asanble w la, pa fè tankou Juda, fè tankou Pòl pito. Se la don w lan ap kòmanse devlope.
Pase bon dimanch!
Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...