lundi 9 mars 2020

Abitid ak angajman: èske w te deside fè sa w ap fè a vre?

Achiv: 19 janvye 2020

Nou fèt lib, Bondye te kreye nou lib e nou lib pou n deside mennen vi nou vle a. Men trè souvan, nou fè anpil bagay san n pa t deside fè l. Nou pa t janm reflechi pou n wè bon ak move kote aksyon n ap fè yo, kote n prale yo, zanmi n chwazi yo, metye n ap fè yo.

Ou leve nan yon fanmi kretyen, ou wè tout moun pral Legliz, ou ale tou. Ou wè moun ap met pantalon, jip, achte, jwe, ou fè yo tou. Se aksyon sa yo, konpòtman sa yo, pawòl ou tande w ap repete yo ki detèmine abitid lakay ou. Men èske w renmen yo vre? Èske se sa w vle tout bon vre? Èske w pa anvi chanje zòn, zanmi, metye, kay, telefòn, brèf, èske w pa anvi dekouvri kilès ou ye vre e kisa w ka fè tout bon?

Abitid ou genyen yo se aksyon w leve w jwenn y ap fè ki enfliyanse w, sa yo tèlman di w fè ki vin obligatwa pou ou. Se sa ki fè yo di w moral, bon moun, poze, danje. Ou oblije leve, benyen, bwose bouch ou, fè travay nan kay, fè manje, monte machin oswa moto pou w al yon kote, ale lekòl. Ti ameriken an pa gen menm abitid ak ou paske moun nan kominote w la pa aji menm jan ak moun nan kominote l la.

Angajman w se sa w deside fè pou kont ou oswa aksepte fè pou w kolabore, travay e pran plezi w. Angajman w soti nan gou w, vizyon w, kwayans ou, valè w. Ou reflechi avan w deside, moun pa ka fòse w aji, egzanp fè w marye ak yon patnè ou pa renmen oswa w poko vle.

Alò, èske sa w ap fè yo, nan sa w ye koulye a, metye w ap aprann nan, Legliz ou ye a, kote w ap travay la, se sa w vle tout bon vre? Si se sa, kontinye fè l. Sinon, deside fè yon lòt bagay k ap fè kè w kontan. Chanje objektif ou, chanje atitid ou, chanje aksyon w yo pou w ka jwenn lòt rezilta.

Pa gen moun k ap vin chanje sa w pa deside chanje. Men si toutfwa w renmen kote w ye a, pa bay moun responsab rezilta w jwenn, ni pa mande yon lòt moun chanje kote l ye paske chak moun lib pou yo fè sa yo vle tout bon vre.

JDE
ATELIER 2020

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...