mercredi 15 juillet 2020

Motivasyon jounen an

| MOTIVASYON

"Fè atansyon ak felisitasyon y ap ba w jodi a pou sa w ap fè byen paske se li menm ki ka koz yo blame w demen."

Pafwa, nan lavi, ou konn panse w p ap janm fè sa ki grav paske yo toujou felisite w pou anpil bagay ou fè. Lè konsa, ou santi w fyè. Se nòmal. Tout moun ta renmen konsa.

Men konsa tou, nan panse w fò, ou konnen, ou kapab, ou ka pran gwo so. Ou ka menm rive fè sa yo pa t janm panse epi se lè sa a, ou pral reyalize ou te dwe toujou pridan.

Si w wè y ap aplodi w jodi a pou sa w fè ki bon, pa met nan lespri w moun yo blame yo enferyè ou. Fòk ou toujou kenbe tèt ou pou jiskaske w mouri.

Byenke pawòl "Bondye pa peye kòmansman se lafen li peye a pa evanjelik", nou ka itilize l pou n aprann leson sa a: "Pa janm panse w fin bon akoz aplodisman".

Pase bon lajounen!

JDE


On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...