vendredi 7 août 2020

OKAZYON POU FÈ BYEN RANN NOU RESPONSAB

|EVANJELIK
Chak fwa ou devan yon sitiyasyon ki fè w wè
ou ka fè byen, konnen ou responsab. Lè w wè yon pòv ap mande, ou dwe ba li nan sa w genyen.

Gen yon timoun ki grangou, ou dwe ba li nan sa w ap manje. E si yon moun bezwen yon èd, devwa ou se ede li depi w kapab e nan mezi w kapab.

Lè w kiltive bon abitid sa yo nan lavi w, l ap difisil pou w nan jije, pale mal, akize e denonse. Paske, antanke kretyen, ou responsab tankou tout kretyen pou w fè sa tout kretyen te ka fè.

Pa akize moun ki gen anpil lajan pou w pa bay nan sa w genyen ki pa anpil. Ou menm ak tout moun rich yo se menm. Nou chak dwe bay selon sa nou genyen, se pa egzije moun ki gen plis pou bay.

Si w ka montre verite a, ou pa bezwen tann yon lòt ki ka fè l. Ou ka lapriyè, pa tann lòt moun pou fè l.

Pa ale di sa w te wè, pandan ou wè a, tou di sa w dwe di a. Se konsa w ap evite peche e w ap sove moun anmenm tan.

Jérôme Dorsonne Emerson 

Poukisa paran w jalou?

|EDIKASYON SEKSYÈL

Paran w pa ba w levasyon pou w vyole prensip li yo. Sinon, li pa t ap enpòtan e li t ap kite w fè sa w vle. Alò, si li te pran responsablite li nan ba w sa w te dwe konnen, l ap atann w ap mete yo anpratik pou w ka vin moun ou dwe ye a.

Pou sa rive, fòk ou fidèl ak prensip li yo. Ebyen, chak fwa ou nan yon pozisyon, ou fè yon zanmi, ou gen yon konpòtman ki ale kont
prensip sa yo, li pè pou ou. Se sa k fè, lè li aprann yon moun ap koze avè w, ou renmen an kachèt, enkyetid li manifeste nan plizyè santiman tankou kòlè ak dout. Se kèk nan santiman ki ka mennen joure, vyolans, entèdiksyon, pale anpil ak tout sa w konn wè oswa konn sibi yo.

Se pa mechan paran w mechan, li pa egare tou, li pè pou ou. Malerezman, se pa tout paran ki konn kòman pou jere kòlè yo lè y ap fè jalou. Si w konnen sa, se ou ki pou evite sa. Ou pa dwe eksite paran w, depase limit li ba w. Lè konsa, se ou ki sous fristasyon li yo e ou ka viktim
pou lavi nan reyaksyon li.

Se dwa paran w pou l jalou nan sans sa a. Ou pa dwe wè sa mal. Paran ki pa sousye de ou a p ap janm di w anyen. Kèk timoun wè se libète, paran yo koul paske yo pa janm montre yo jalou. Se pa sa li ye tout bon. Paran w dwe yon gid pou ou, yon pwotektè, yon egzanp e nan anpil ka, yon konfidan.

Ou pa oblije di li tout sa ki nan panse w, tout sa w ap fè men si w santi w gen dout sou yon moun ou renmen oswa k ap fè w menas, ofri w lajan, premye moun pou w konfye sa se paran w.

Jérôme Dorsonne Emerson
In "ÈSKE W PRÈ?" PDF
paj 26-27

🔺 On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...