jeudi 22 novembre 2018

Woy! Frè entèl mouri!


Ou gen pou w sezi, ou gen pou w regrèt, ou gen pou w san mo lè w va tande gwo nouvèl sa.

Ou pa tap janm panse si sa tap rive men se sa ki rive. Rapid rapid, tout bon moman yo vini nan lespri w. Ou te renmen l, se te yon bon moun, li pat janm fè mal, li te saj, li te renmen sesi, li te rayi sela.

Frè entèl w ap dekri a, franchman li pat egziste. Non, si sa w ap di la yo se verite, kwè m, moun konsa pat janm egziste. Kou lòt la te di: "Yo renmen w lè w fèt e aprè w fin mouri". Nan de ka sa yo, ou pa ka fè anyen.

N ap viv tankou nou prale ak sa nou posede. Se lè lanmò pase nou sonje n ap pase e sa ki la yo ap rete. Lè lanmò menase nou, nou reyalize okenn bagay materyèl pa ka sove n. Pa gen pyès zanmi ki la pou bay vi l nan plas nou. E se atò, nou rann nou kont lavi se pi gwo kado e pi gwo benediksyon nou resevwa chak jou.

Gen yon otè ki te di: "W ap kraze kò w pou yon travay yo pral ranplase w yon semèn aprè w fin mouri. Pran swen kò w." Tout lit ou yo, tout rezistans w ap fè yo, tout defans w ap pran yo dwe gen yon sans nan vivan w paske aprè lanmò, youn pap ka resisite w.

Sezisman akoz lanmò vini paske w pat panse si entèl ta prale rapid konsa men w bezwen yon ti kras volonte pou w renmen yon moun ki pèdi lespwa nan wout la.

Pa tann se lanmò ki pou enfòme w de eta yon zanmi te ye. Pa kite sezisman fè w regrèt ou pat sove yon fanmi ki te nan bezwen. Ann sispann panse ak nou sèlman pandan chaje lòt k ap tann yon jès, yon ti mo, yon padon, yon bourad, yon pousad...

Ki sans lit nou yo si moun ki nan bezwen yo ap mouri pandan nou posede sa ki ka ranvwaye sèkèy yo?

Ki sans levanjil nan lavi nou si frè nou ak sè nou ap mouri lopital pandan n ap rejwi lakay?

Èske lanmou Kris la ret nan Bib la oswa li nan kè nou?

Lavi la. Lanmò la. Sezisman la. Jou jijman an la. E menm lè n mouri, n ap toujou la.

JDE

Pa doute sou sa pawòl Bondye a di

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

9. Pa doute sou sa pawòl Bondye a di

Bib la di : « …Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat » (Ebre 12.6).

Tantasyon yo ka epwouve w, yo ka fè w konnen si w se kretyen tout bon. Se sa ki fè, si w kontinye ap fè peche san w pa janm jwenn pinisyon, sa vle di ou pa pitit li tout bon.

Se pa yon bon siyal pou ou si w ap viv nan peche ou pa janm santi w koupab, ou toujou gen kè kontan malgre ou konnen w ap fè sa ki pa bon. Pou yon ti tan, ou ka santi w byen paske pèsonn pa konnen lavi an kachèt w ap mennen men Bondye konnen.

Chak fwa ou jwenn posiblite pou w rekonèt peche w yo, se yon okazyon pou w repanti oswa konvèti. Nan je pa w, ou ka wè gen plizyè lòt moun k ap viv nan peche ki pa janm soufri.

Pafwa, ou konnen kòman yon kretyen ap viv mal, ou konn anpil nan sa l ap fè an kachèt e ou di tèt ou si moun ki nan levanjil la lontan, moun ki gen plis konesans pase w la ap fè yon peche, ou ka fè l tou. Konsa, ou plis kwè gen moun ki ka fè sa Bondye pa konnen pase pou w kwè Bondye ka pini moun k ap fè sa l pa vle.

Poutan, se pa sou lavi yon moun ou dwe gade pou w gen krentif pou Bondye, byenke yon moun ka ede w gen krentif pou li. Gade pito sou fidelite yon moun nan levanjil ki chita sou sa Bib la di e non sou peche l ap fè ki kont pawòl ki nan Bib la.

Èv tap panse ak avantaj fwi a. Li pat panse ak sa Bondye te di a : « …jou ou manje l w ap mouri » (Jenèz 2.17). Adan ak Èv te meprize entèdiksyon Bondye, se sa ki fè yo te chase yo nan jaden an.


JDE

Sa tantatè a di a ka yon verite

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

10. Sa tantatè a di a ka yon verite

Devan tantasyon yo, menm jan ak Èv, ou ka anvi kwè, wè sa k ap lemante w la. Ou ka bezwen konnen si se manti oswa verite. Se sa ki te pouse Èv al manje fwi a. Bib la di : « Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi ».

Menm jan an, pou w ka wè si fè sèks bon, ou aksepte fònike. An reyalite, li bon vre. Sinon, Bondye pa tap mete l. Zanmi w ki fè l deja ap di w li bon, w ap santi w gason/fanm aprè w fin fè l, men yo gen dwa pa janm di w sa ki ka rive aprè bon an. Se sa Èv pat panse a byenke li te konnen deja paske Bondye te di l l ap mouri jou li manje l. Ebyen, li te plis bezwen wè si sa sèpan an di a se verite pase pou l te pè lanmò.

Jezi te ka chanje wòch la an pen, Bondye te ka sove l si l te lage kò l anba e li te ka aksepte pouvwa dirije lemond, men se tap yon peche paske l tap aji sou lòd Satan.

Gen yon pwovèb kreyòl ki di « Chemen lajan pa gen pikan ». Sa fè, nenpòt kondisyon yo bay pou gen lajan, gen moun ki dakò. Malerezman, anpil pikan pral pike yo paske pou tout chwa w fè, gen konsekans.

Pa chache wè sa yo di a, se ka yon verite. Pa chache konnen sa ki kache a. Verite pa vle di bon bagay e Bondye pa entèdi nou bay manti sèlman, gen verite li vle nou evite tou. Li pat di Èv li pa tap wè si l te manje fwi a. Wè a se yon verite, men koute sèpan an pou fè l, se tonbe nan tantasyon.

Bib la di : « Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l pou li menm»
(Detewonòm 29.29). Si Èv ak Adan te fè Bondye konfyans, yo pa tap janm deyò nan jaden an.

JDE

Pa konfonn mirak/volonte Bondye ak tantasyon

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

12. Pa konfonn mirak/volonte Bondye ak tantasyon

Gen opòtinite ki parèt devan w, li pa gen lòt sans : se Bondye ki vle, se mirak Bondye. Depi w fin met nan tèt ou se sa, pa gen okenn vèsè ni konsèy k ap anpeche w pwofite l. Konsa, gen anpil kretyen ki kite chemen lafwa akoz yon djòb, yon relasyon, yon plezi.

Bib la pap bay manti:"...moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k ap fè moun pèdi tout sa yo genyen,  k ap fin nèt ak yo. Paske renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa ti soufrans ki tonbe sou yo. (1 Timote 6.9-10)

Pa janm bliye plan Bondye yo sou kontwòl Bondye. Li pap tante w, sa vle di li pap mete okenn sitiyasyon devan w pou fè w dezobeyi pawòl li. Alò, tout sikonstans ki kilpabilize w, ki ka fè w aji kont volonte Bondye se tantasyon.

Ann pran egzanp yon gason ki pran randevou ak fiyanse li. Li di tèt li si l vini, pa gen moun nan kay la, sa vle di Bondye dakò pou l fònike. Sa se pa volonte Bondye, se tantasyon ki vini nan premeditasyon li.

Ou ka di tèt ou si tèl bagay rive, yon moun di tèl koze, w ap fè oswa di tèl bagay. Depi sa w ap di oswa fè a kont pawòl Bondye a, konnen ou nan tantasyon paske Bondye pa ka kontredi tèt li.

Ka toujou gen mirak, dayè Bondye granmoun men pa entèprete tonbe nan tantasyon pou mirak. Ou ka fè siksè, ou gen gwo renome epi w pase akote plan Bondye a.

Li fasil pou w konnen lè w tonbe nan tantasyon: sa ki tante w la fè w pèdi prezans Bondye. Ou pa gen tan pou levanjil ni legliz ankò. Tout sa ki nan lespri w se pouswiv chemen lanbisyon w.

Reziste!

JDE

13. Sispann panse ou se yon moun ki echwe

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON 

13. Sispann panse ou se yon moun ki echwe

Santiman echèk se yon gwo danje devan tantasyon. Pwiske w konnen w pap ka reyisi, ou pa anyen, yo pa vle wè w, tout sa w eseye pa mache, ou di tèt ou, ou pa vo anyen. E se la w 
kòmanse reziye w. Tout sa k vin devan w pou w repouse, ou anbrase l paske pa gen okenn rezon pou w konbat, reziste. Dayè, ou deja echwe. Si w twouve w nan sitiyasyon konsa deja konnen se taktik dyab la pou w tonbe nan tantasyon. Santiman konsa pa soti nan Bondye. Okontrè, se nan moman ou santi w echwe yo pou w goumen plis paske trè souvan se nan dènye konba a ou ye. 

Echèk yo vle di w eseye, plis ou echwe se plis ou te eseye. Koulye a, ou dwe gade tout faktè ki te lakoz ou echwe yo epi repran kouraj pou tantasyon yo pa febli w. Nou ka pran egzanp yon jèn manman. Aprè l fin fè yon pitit, li gen dwa pa wè l enpòtan pou l evite fònikasyon ankò. Yon jèn papa, menmsi l ta legliz, gen dwa pa pè fònike ankò. Se pa yon bon atitid devan Bondye. Si w te fè yon erè, ou pa ka bay tèt ou rezon kontinye fè l. Si w pèdi yon fwa, ou pa ka panse w ap toujou pèdi. 

Listwa nan peyi Lafrans pandan lagè (1940) kite yon fraz selèb pou tout konbatan : «Lafrans pèdi yon batay ! Men Lafrans pa pèdi lagè » (Charles de Gaulle, 1890-1970). Fèlevanjil se mennen yon batay depi jou w te konvèti jouk ou mouri. 

Raple w pawòl apot Pòl yo akpitit li Timote nan lafwa: “ Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kousmwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye ». Kidonk, se pa nan bay vag w ap jwenn rekonpans Bondye sere pou konbatan yo men se nan kontinye batay devan tout sikonstans sanpèdi lespwa paske n ap sèvi yon Bondye fidèl. 

Reziste !

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...