vendredi 22 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #86 : Yon panse pou Ayiti


Pale de Ayiti, se pale de ayisyen : gason ak fanm ; timoun, jèn ak granmoun. Ayisyen yo se kreyati Bondye, se pou nanm yo Jezi te vin mouri tou.

Mwen pa gen mo [maten an] pou m pale de lanmou mwen, enkyetid mwen yo ak sa mwen swete pou ou, men mwen imajine ke se menm bagay la ki rive’w tou, paske nan jou malè a, se nou tout k ap nan kouri. Nou chak ap bezwen lòt. Genyen moun k ap kontan pou yon tan, men gen yon tan k ap vini, moun sa yo pral kriye.

Kisa sa ta sèvi m pou m gen kè kontan si pa gen pèsonnn pou pataje kè kontan sa a ? Eske se pa egoyis ? Poukisa m ap viv kot frè mwen yo ak sè mwen yo nan chagren si yo pa ka konsole mwen? Eske se pa imilyasyon?

Si gen nan nou ki retire nepe li pou yo atake, gen lòt moun k ap blese. Men si yo bay vag, p ap gen pyes moun blese. Konsa, sa ki mal ak sa ki byen depan de nou. Tèt ansanm ak divizyon depann de nou, paske tèt ansanm ak divizyon pa moun. Yo se santiman ki ka rete nan moun.

Filozòf la di : « Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen » (Pwovèb 15.22) Li di ankò : « Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye » (Pwovèb 16.1).

Ke Bondye beni Ayiti !

Pase yon bon jounen !

Jérôme Dorsonne Emerson

Méditation du jour #86 : Une pensée pour Haïti


Parler d’Haïti, c’est parler des haïtiens: hommes et femme; enfants,  jeunes et adultes. Les haïtiens sont des créatures de Dieu, des âmes pour qui Jésus était venu mourir aussi.

Je n’ai pas les mots qu’il faut [ce matin] pour vous décrire mon amour, mes inquiétudes et mon souhait pour vous, mais j’imagine que c’est la même chose qui vous arrive car au jour du malheur, nous serons tous exposés au danger. Chacun de nous aura besoin de l’autre. Certains seront joyeux pour un temps, mais il viendra un autre temps où ils vont pleurer.

A quoi ça sert d’être heureux s’il n’y a personne pour partager mon bonheur? N’est-ce pas de l’égoïsme ?  Pourquoi vivre parmi mes frères et mes sœurs  dans le chagrin s’ils ne peuvent pas me consoler ? N’est-ce pas de l’humiliation ?

Si quelques-uns d’entre vous tirent leurs épées pour attaquer, d’autres seront blessés. Mais s’ils abandonnent, il n’y aura aucun blessé. Ainsi, le mal et le bien dépendent de nous. L’unité et la division dépendent de nous, car l’unité et la division ne sont pas des hommes. Ce sont des sentiments qui peuvent habiter dans l’homme.

Le philosophe dit : « Les projets échouent, faute d'une assemblée qui délibère; mais ils réussissent quand il y a de nombreux conseillers. » (Proverbes 15.22) Il a dit aussi : « Les projets que forme le cœur dépendent de l'homme, Mais la réponse que donne la bouche vient de l'Éternel. » (Proverbes 16.1)

Que Dieu bénisse Haïti !

Bonne journée

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...