samedi 29 février 2020

Sispann egzije moun posede sa ki nan panse w

Gen bagay ou wè yon moun pa genyen w ap egzije l genyen l oswa kritike l paske l pa genyen l se wont ou wont di l al vòlè.

Franchman!

Paske si l te fasil, ou t ap fè l kado l. Se paske w te travay pou genyen l ki fè w pa ba li l. Poukisa w ap minimize l pou sa l manke? Èske mizè se kritè pou valorize moun?

Ou konnen byen peyi a pa gen travay, lavi a chè, e ou vle malgre tout pwoblèm sa yo pou vwazin ou an gen recho agaz, Canal Sat, Wi-Fi, twalèt ijyenik ak dènye mak telefòn ki soti a. Ou mechan!

Èske l di w li nan bezwen?

Kilè l te mete w chita rakonte w priyorite l ak objektif li nan lavi?

Pouki n ap blame moun pou vizyon yo, chwa yo, prensip yo bay tèt yo, kwayans yo, Legliz yo chwazi mache?

Nou pa bezwen fè sèman men nan anpil ka, ayisyen frè n ak sè n yo kontribye nan rann jèn fi ak jèn gason fè tout vye bagay pou yo viv, byen pase, fre, klere, alamòd.
Si w gen ase, bay yon lòt ki pa genyen. Sinon, sispann wè l mal. Se kè w ki di, se chich ou chich ki fè moun ki pwòch ou a pa gen sa w genyen. Se pa sa l vle. L ap goumen lontan, li pa ka rive. Si Bondye fè jou pa w la rive deja, l ap fè l pou li tou. Dayè, ou pa miyò pase l e sa w genyen pa fè w siperyè li.

Antouka, m espere ou menm ki li tèks sa a ou pa fè pati moun k ap rabese lòt pou sa yo pa genyen, pou chwa yo fè.

Monn la gen twòp prejije, ann sispann kwè sa n panse de moun. Yo gen dwa viv jan yo vle. Pa enpoze yo chwa nou, yo pa esklav nou ni yo pa oblije pran nou pou modèl.

M preche tout moun Kris men m pa enpoze pèsonn li. M ap fè devwa m nan respè libète tout moun, se sa Bondye fè tou. Li ban n lavi men l pa fòse n viv pou li. Pouki nou vle oblije yon lòt viv pou nou?

Kite moun yo viv jan yo vle pandan n ap kontinye preche renmen, tolerans, konpasyon, solidarite, moralite ak respè dwa moun. Ou konnen byen leta retire "J'aime Haïti" nan edikasyon sivik, pa kondane sitwayen ki se patripòch la, li se rezilta sistèm nan. Kritik ou yo p ap itil anyen sinon ogmante fristasyon.

Pandan n ap mande pou Leta pran responsablite l, ann aprann respekte limit dwa nou e fè devwa nou.

Nou tout lib!

Viv Ayiti! Viv Jezi nonm Nazarèt la!

JDE

Kèk konsèy pou w kiltive onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon



(swit atik Kòman w pou viv ak onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon?)

Ou konn ap pratike anpil bon prensip nan lavi w epi w panse se ou ki pa bon, pi diferan. Poutan, se paske w nan bon chemen an ki fè w pa jwenn plis moun ak ou. Se pa sa ki pi popilè a, pi alamòd la ki pi bon men se sa ki reflete vrè moun ou ye a selon moralite ak lalwa. Konsa, ban m atire atansyon ou sou plizyè jès, konpòtman ki ka fè w vin onèt oswa dekouvri onètete lakay ou. 

      1.      Pa pran sa ki pa pou ou

Pito mank ba w pwoblèm pase pou genyen nan move kondisyon toumante w. Lè sa a, w ap gen lòt pwoblèm. Ala bèl bagay lè w posede sa w te travay pou achte! Gen plizyè fason ou ka posede : jwenn lè w mande, achte lè w gen lajan, pran sa ki pa pou ou. Gen moun ki chwazi mande swa paske yo pòv osnon yo se mandyan osnon yo nan yon ijans. Gen lòt moun ki chwazi travay pou l gen lajan. Ak lajan sa a, li ka ofri tèt li sa l pito. E gen yon lòt kategori moun ki itilize tout taktik pou l pran sa lòt posede. Si w vle onèt, pa pran sa kip a pou ou paske sa ka mennen w lwen e sal non w pou jamè.
     
      2.      Kontante w ak sa w genyen

M pa di pou w reziye w ak sa w genyen, ki diferan de kontante. Lè w reziye w, ou pa bezwen plis e ou menm vle bay sa w genyen. Tandike kontante w se aksepte viv ak sa w genyen an pandan w ka travay pou w gen plis. Ak 500 goud ou ka kòmanse yon biznis k ap ba w 50 goud anplis pandan yon tan byen detèmine. Ak pasyans, li ka vin twa fwa plis e pèmèt ou fè sa w vle. Pou w onèt, ou dwe aprann viv ak sa w genyen pou sa lòt moun genyen pa kreye titalbè ni jalouzi lakay ou.
      
      3.      Pa antre nan konkirans ak pèsonn

Nan tout sa ki ka kreye konkirans, mwen jwenn de nan refleksyon m sou sijè sa a :ògèy ak jalouzi. Ògèy paske w vle posede plis pase lòt pou yo ka valorize w. Jalouzi, paske w vle posede zafè yon lòt moun. Si w antre nan pratik sa a ki trè popilè nan monn lan, w ap fè sakrifis ou pa t ap janm fè pou w nan menm nivo oswa pi wo pase lòt. Sa ki esansyèl la, se pa genyen sa tout moun genyen men sa w bezwen tout bon vre chak jou oswa chak fwa ou bezwen l. Konbyen fwa ou fè sakrifis pou w genyen yon gwo mak pandan w pa fè bidjè pou w manje nan yon semèn? Depans ki pa itil sa yo lakoz anpil jèn pèdi diyite yo akoz yon grapday yo te ka genyen san pase mizè.

      4.      Pa depanse kapital ou nan swiv sila k ap depanse benefis yo

Kapital ou se fon w genyen pou w monte oswa fè biznis ou a mache. Se byen w, tout sa w posede, lajan ou mete yon kote pou fè lajan. Alòske benefis la se avantaj la, sa w genyen an, pwofi ou fè sou kapital la. Ebyen, ki atitid ou ta dwe genyen fas ak depans ki se sa ki soti ki p ap antre? Yon moun ka depanse jan li vle men, poze tèt ou kesyon sa a: ki kòb l ap depanse a? Èske se kapital li oswa benefis li? M garanti w pa konnen. Si nou imajine se kapital li, ou pa ta dwe swiv li paske li nan wout fayit. Si se benefis li, pa swiv li tou paske l p ap pèdi pandan ou menm w ap swiv li nan depanse kapital ou. Yon eksè konsa ka fè w pran angajman ki pral lage w nan difikilte lè w fin satisfè. 

      5.      Byen jere sa w responsab

Lè w byen jere sa ki pa pou ou, ou kite yon palmarès ki ka itil plizyè jenerasyon aprè w M vle pale de pitit ou e tout moun ki ta vin genyen w pou referans. Mete sou sa, ou ka jwenn òf ou pa t janm atann nan lavi w. Y ap vin fè w konfyans e lè sa a, jan sa di nan Bib la : Moun ki fidèl nan ti bagay, yo konfye l gwo bagay. Katriyèman, toujou pran swen sa w responsab la tankou se te pa w. Si w kraze l, se tankou pèsonalite w kraze. 

      6.      Pa prete san w pa gen vrè bezwen

Tout moun pa renmen prete men si w ta nan nesesite pou w fè sa, pa fè l pou plezi. Fè sa pou yon bon koz. Pou anpil dezi k ap travay nan ou, si w te ba yo yon ti tan pou yo parèt klè, ou t ap epanye plizyè dega nan lavi w. Yon dezi ka vini rapid, se nòmal. Sonje se li ki vini, se pa ou ki te al chache l. Avan w materyalize l, reflechi sou ki koz ki mennen l e ki konsekans li ka kreye lè l fin ale. Ak teknik sa a, w ap evite toumant.

      7.      Evite pran travay ou pa ka fè

Gen yon otè ki di : Si yo ba w fè yon djòb ou pa ka fè, pran l epi al aprann fè l. Wi, se trè entèlijan men se pa nan tout ka sa ap mache. Ou ka sensè pou w di w pral eseye, w ap mande konkou men pa bay lespwa w ap ka reyalize l si w pa sèten ou kapab. Kèk fwa, anbarase ak yon djòb ou pa ka fè konn fè w pèdi yon djòb ou ka fè. Mete sou sa, ou pral fè l mal e yo ka mande w reparasyon oswa ranbousman. Poutan, li t ap pi senp si w te refize pou evite anbrouy.

      8.      Pa bay manti pou w jwenn sa w bezwen

Bay manti pou w jwenn sa w bezwen pi raz pase aksepte mank ou genyen pou w mande sa w bezwen. Pa janm bliye menm pi gran milyadè ki nan monn lan konn mande. Chak moun, rich oswa pòv, gen yon bagay yon lòt pa genyen e ki trè ijan nan yon sikonstans. Bay manti ka kouvri wont pou yon ti tan men verite ap fè w wont pou tout tan. Jan yo di l la, pito w mande w pa jwenn pase pou w bay manti.

      9.      Pa pwomèt sa w pa ka onore

Ala bèl sa bèl lè w pwomèt! Ou santi w kontan paske w mete lajwa ak lespwa nan kè moun k ap tann sa w pwomèt la. Pasyans li chita sou ou. Li pa ta swete okenn malè rive w pandan peryod pwomès ou fè l la. E ou imajine w ki pral di l ou pa kapab aprè? Se fache ak regrè ki pral ranplase lajwa ak lespwa nan kè l. Lè konsa : ou malonèt! Pito w santi w alèz paske w di w pa genyen pase pou w mete w nan ti soulye w ak pòch ou vid. Se de pwoblèm yon sèl kou.

     10.  Toujou bay rapò sou sa yo ba w fè

Kèk moun kwè konfyans sifi pou yo jere. Non, konfyans la pa sifi, aksyon ak rapò trè enpòtan. Depi w te responsab, ou dwe bay rapò, jodi oswa demen. Sinon, y ap fè rapò pou ou. Menm lè w pa gen lide pou antre nan koripsyon, ou ka tonbe ladan pi fon pase moun ou konn ap kritike si w pa renmen bay rapò sou sa w te responsab. Pa mete sa pou pita, se chak jou w dwe prepare l.  
      
      11.  Pa wont rekonèt erè oswa yon dezòd ou te fè

Se moun ki eseye ki fè erè ak moun k ap aji ki fè dezòd. Si erè a oswa dezòd la gentan fèt, tan an p ap efase l pou ou. Pi gwo obstak la se pa vle rekonèt li. Lè konsa, ou fè tèt ou pase pou moun san peche, san fay alòske se pa vre. Admèt tò ou genyen san w pa nan pran eskiz sou anyen ni pèsonn. Sa se prèv w ap grandi.

Dènye koze

Onètete a pral depann de sa w ap fè, nan ki konba ou ye, tip de moun ou ye tou e ki sa w vle pou demen. Pa bliye sa w plante se li ou rekòlte. Si w vle moun onèt ak ou, ou bezwen onèt ak tèt ou avan. Chaje moun ki la pou ede, men tout pa ede menm jan. Onètete se youn nan mwayen pou w jwenn èd sa yo. Alò, apati jodi a, si w pratike 11 konsèy sa yo mete sou sa w genyen deja, ou ka kòmanse wè siksè ou te toujou reve a. Toutfwa, pa bliye : MONN LAN ANKOURAJE KORIPSYON. Kidonk, viv ak onètete se yon konba. Mwen swete w pote laviktwa.

Jérome Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...