samedi 29 février 2020

Sispann egzije moun posede sa ki nan panse w

Gen bagay ou wè yon moun pa genyen w ap egzije l genyen l oswa kritike l paske l pa genyen l se wont ou wont di l al vòlè.

Franchman!

Paske si l te fasil, ou t ap fè l kado l. Se paske w te travay pou genyen l ki fè w pa ba li l. Poukisa w ap minimize l pou sa l manke? Èske mizè se kritè pou valorize moun?

Ou konnen byen peyi a pa gen travay, lavi a chè, e ou vle malgre tout pwoblèm sa yo pou vwazin ou an gen recho agaz, Canal Sat, Wi-Fi, twalèt ijyenik ak dènye mak telefòn ki soti a. Ou mechan!

Èske l di w li nan bezwen?

Kilè l te mete w chita rakonte w priyorite l ak objektif li nan lavi?

Pouki n ap blame moun pou vizyon yo, chwa yo, prensip yo bay tèt yo, kwayans yo, Legliz yo chwazi mache?

Nou pa bezwen fè sèman men nan anpil ka, ayisyen frè n ak sè n yo kontribye nan rann jèn fi ak jèn gason fè tout vye bagay pou yo viv, byen pase, fre, klere, alamòd.
Si w gen ase, bay yon lòt ki pa genyen. Sinon, sispann wè l mal. Se kè w ki di, se chich ou chich ki fè moun ki pwòch ou a pa gen sa w genyen. Se pa sa l vle. L ap goumen lontan, li pa ka rive. Si Bondye fè jou pa w la rive deja, l ap fè l pou li tou. Dayè, ou pa miyò pase l e sa w genyen pa fè w siperyè li.

Antouka, m espere ou menm ki li tèks sa a ou pa fè pati moun k ap rabese lòt pou sa yo pa genyen, pou chwa yo fè.

Monn la gen twòp prejije, ann sispann kwè sa n panse de moun. Yo gen dwa viv jan yo vle. Pa enpoze yo chwa nou, yo pa esklav nou ni yo pa oblije pran nou pou modèl.

M preche tout moun Kris men m pa enpoze pèsonn li. M ap fè devwa m nan respè libète tout moun, se sa Bondye fè tou. Li ban n lavi men l pa fòse n viv pou li. Pouki nou vle oblije yon lòt viv pou nou?

Kite moun yo viv jan yo vle pandan n ap kontinye preche renmen, tolerans, konpasyon, solidarite, moralite ak respè dwa moun. Ou konnen byen leta retire "J'aime Haïti" nan edikasyon sivik, pa kondane sitwayen ki se patripòch la, li se rezilta sistèm nan. Kritik ou yo p ap itil anyen sinon ogmante fristasyon.

Pandan n ap mande pou Leta pran responsablite l, ann aprann respekte limit dwa nou e fè devwa nou.

Nou tout lib!

Viv Ayiti! Viv Jezi nonm Nazarèt la!

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...