mercredi 6 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #70 : Kisa ou kenbe finalman ?


Lontan, pou w te fè yon rechèch ou te dwe ale nan yon bibliyotèk oubyen nan yon libreri pou w achte yon liv. Pou w te enfòme, ou te dwe koute radyo oubyen peye lè nan yon sibèkafe pou w navige sou entènèt. Jounen jodi a, gras ak rezo sosyo yo e telefòn tòtch yo ; ou jis bezwen aktive entènèt ou epi kòmanse ak lepous ou sou ekran an pou gen aksè a tout bagay : nouvèl sou politik peyi w ak lòt peyi, espò, teoris, katastwòf natirèl, mizik, sinema, envansyon nouvèl teknoloji a ap fè, zafè relijyon….
Si nan yon bò, entènèt la pa bon akoz videyo e imaj imoral ke moun pa sispann pibliye pa eksprè, nan yon lòt bò, li bon paske li rann bagay sa yo fasil : evanjelizasyon, ansèyman labib, piblisite, mesaj pozitif, edikasyon, leson sou sajès, angwo, li fè pase enfòmasyon enpòtan. 

Lontan, se te yon gwo bagay pou yon moun te gen yon laptòp. Tout moun te bezwen gen youn. Jounen jodi a se etone nou ke moun yo pito yon telefòn tòtch. Ou ka pote li pi fasil, li pa chè e ou ka chaje li tout kote. An pasan, m ap fè w konnen ke pi bèl kado ou ka bay pitit ou, zanmi ou oubyen yon moun ki premye nan yon konkou se yon telefòn tòtch. Eseye epi w’a banm nouvèl. 

Men finalman, ou menm ki toujou sou rezo sosyal yo, ki li tout bagay, kisa ou kenbe ? Ou layk (like), kòmante e pataje, sa ki montre ke ou dakò ak sa ou li yo. Eske ou vin pi saj pase avan ? Si se pa sa, èske se pa yon tan pèdi ? Ki avantaj ou jwenn nan pase tan ou sou entènèt ki pa vrè vi a ?

Nou nan sizyèm jou ane 2016 la. Ou te swete moun pase bòn ane menm jan gen moun ki te swete w sa tou. Kilè tout bagay pral kòmanse pou ou ? Nan mwa fevriye  oubyen nan mwa desanm pwochen ? Mwen pa konnen repons ou yo ak tout kesyon sa yo men pa bliye verite sa a ki egziste depi plis pase 1960 lane :

« Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n’ap twonpe. Paske lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre an yon zòrèy soti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l’ap fè a”.

Pase yon bon jounen

Jérôme Dorsonne Emerson

Méditation du jour #70 : Qu’avez-vous retenu finalement ?


Autrefois, il fallait aller à la bibliothèque ou à la librairie pour s’acheter un livre afin de faire une recherche. Pour s’informer, il fallait écouter la radio ou payer des heures dans un cybercafé pour surfer sur l’internet. De nos jours, grâce aux réseaux sociaux et l’apparition des téléphones intelligents; il suffit d’activer les données et utiliser d’abord son pouce pour accéder à tout : les nouvelles sur les politiques nationale et internationale, le sport, le terrorisme, les catastrophes naturelles, la musique, le cinéma, les inventions de la nouvelle technologie, la religion…

Si, d’un côté, l’internet est mauvais à cause des rumeurs, des images et des vidéos indécentes que des gens bien intentionnés ne cessent de publier, d’un autre côté, il est bon parce qu’il facilite l’évangélisation, l’enseignement biblique, les publicités, les messages positifs, l’éducation, les leçons de sagesse, bref la propagation des infos importantes.

Autrefois, posséder un laptop était un luxe. Tout le monde voulait en avoir. C’est bizarre que de nos jours, un smartphone (téléphone intelligent) est préférable. Il est plus portatif que le laptop, plus économique et se charge partout. En passant, sachez que le plus beau cadeau que vous pouvez offrir à votre enfant, votre ami ou le premier gagnant d’un concours est un téléphone intelligent. Essayez et vous verrez la preuve.

Mais, finalement, vous qui naviguez sur les réseaux sociaux tous les jours et qui lisez tout, qu’avez-vous retenu ? Vous avez aimé, commenté et partagé, des gestes qui montrent votre approbation. Etes-vous devenu plus sage qu’auparavant ? Sinon, n’est-ce pas une perte de temps ? Quel avantage tirez-vous de vos heures dans cette vie virtuelle ?

Nous sommes au 6e jour de l’an 2016. Vous avez fait des vœux de bonheur et reçu autant par vos amis en retour. Quand est-ce que tout va commencer ? Au mois de février ou en décembre prochain ? Honnêtement, j’ignore vos réponses à toutes ces questions mais n’oubliez pas cette vérité, elle existe depuis plus de 1960 ans :

« Mettez en pratique la parole, et ne vous bornez pas à l'écouter, en vous trompant vous-mêmes par de faux raisonnements. Car, si quelqu'un écoute la parole et ne la met pas en pratique, il est semblable à un homme qui regarde dans un miroir son visage naturel, et qui, après s'être regardé, s'en va, et oublie aussitôt quel il était. Mais celui qui aura plongé les regards dans la loi parfaite, la loi de la liberté, et qui aura persévéré, n'étant pas un auditeur oublieux, mais se mettant à l'œuvre, celui-là sera heureux dans son activité.» (Jacques 1.22-25)

Bonne journée !

Jérôme Dorsonne Emerson

Méditation du jour #69: mardi 05 janvier 2016 (Créole et français)


Vos excuses et ses excuses

Les excuses existent dans les deux camps. Si les personnes que nous évangélisons s'excusent pour ne pas se convertir au christianisme, les chrétiens s'excusent aussi pour ne pas évangéliser.

Dieu est Tout-Puissant. Rien ne lui est impossible. C'est une vérité qui est acceptée par les païens et par les chrétiens. Pourtant, dans la pratique, ils sont confus.

Qu'est-ce qui vous empêche de devenir chrétien? Je vis dans le concubinage. Si je me repens, mon partenaire me quittera et mes enfants ne pourront plus aller à l'école. C'est réel mais Dieu peut résoudre ce problème! Oui, je sais mais je dois réfléchir.

Qu'est-ce qui vous empêche d'évangéliser? Je n'ai pas assez de temps à cause du travail. En plus, je suis trop timide. D'accord, mais d'après 2 Timothée 1.7, un chrétien ne peut pas être timide. Oui, je sais mais je ne peux pas.

Imaginez vous, un chrétien, et un païen au jour du jugement. Vous êtes tous deux accusés d'excuses. Quel sera le verdict du juge? Vous êtes tous coupables.

Un pauvre a volé  5 gourdes et un riche 5 millions gourdes. Ne sont-ils pas tous deux des voleurs? Il est possible qu'ils ne subissent pas la même peine mais devant la loi, ils sont tous coupables.

Moi, je n'ai plus d'excuses. J'ai donné ma vie à Jésus, mon Sauveur et Maître et j'obéis à son ordre dans la moisson (Marc 16.15). Je n'ai pas honte d'annoncer la Bonne nouvelle(Romains 1.16).

Et vous?

En attendant votre réponse, je vous souhaite une agréable journée.

Jérôme Dorsonne Emerson
Emerson

Meditasyon pou jodi a #69: madi 05 janvye 2016

Eskiz ou yo ak eskiz lòt moun yo

Eskiz yo egziste nan de kan yo. Si moun n ap evanjelize yo bay eskiz pou yo pa vin jwenn Kris, kretyen yo fè menm jan an pou evanjelizasyon an.

Bondye gen tout pouvwa. Pa gen anyen li pa ka fè. Se yon verite ke ni moun ki pa kretyen ni moun ki kretyen aksepte. Poutan, sou tèren an, yo nan konfizyon.

Kisa ki fè w pa ka konvèti? M ap viv nan plasay. Si m repanti, mesye a ap kite m e timoun yo p pa ka ale lekòl ankò. Se vre men Bondye ka rezoud pwoblèm sa! Wi, li kapab men fò'm reflechi.

Kisa ki fè w pa ka evanjelize?  Mwen pa gen tan akoz travay mwen. Epi tou, mwen twò timid. Oke men daprè sa nou li nan 2 Timote 1.7, yon kretyen pa dwe timid. Wi, mwen konn sa menm m pa kapab.

Imajine ou menm, ki se yon kretyen, ak yon moun ki pa kretyen nan jou jijman an. Nou tou de akize pou eskiz. Kòman rezilta jijman an ap ye? Nou tou de koupab.

Yon pòv vòlè 5 goud e yon rich vòlè 5 milyon goud. Eske tou de pa vòlè? Li posib pou yo pa gen menm pèn men devan lalwa, yo tou de koupab.

Mwen menm, mwen pa gen eskiz ankò. Mwen te bay Jezi lavi m, li menm ki se Sovè m e Mèt mwen, e mwen obeyi ak lòd li pou m evanjelize (Mak 16.15). Mwen pa wont fè sa. (Women 1.16).

E ou menm?

Pandan repons ou an nan wout, m ap swete w pase yon bon jounen.

Jérôme Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...