mercredi 6 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #70 : Kisa ou kenbe finalman ?


Lontan, pou w te fè yon rechèch ou te dwe ale nan yon bibliyotèk oubyen nan yon libreri pou w achte yon liv. Pou w te enfòme, ou te dwe koute radyo oubyen peye lè nan yon sibèkafe pou w navige sou entènèt. Jounen jodi a, gras ak rezo sosyo yo e telefòn tòtch yo ; ou jis bezwen aktive entènèt ou epi kòmanse ak lepous ou sou ekran an pou gen aksè a tout bagay : nouvèl sou politik peyi w ak lòt peyi, espò, teoris, katastwòf natirèl, mizik, sinema, envansyon nouvèl teknoloji a ap fè, zafè relijyon….
Si nan yon bò, entènèt la pa bon akoz videyo e imaj imoral ke moun pa sispann pibliye pa eksprè, nan yon lòt bò, li bon paske li rann bagay sa yo fasil : evanjelizasyon, ansèyman labib, piblisite, mesaj pozitif, edikasyon, leson sou sajès, angwo, li fè pase enfòmasyon enpòtan. 

Lontan, se te yon gwo bagay pou yon moun te gen yon laptòp. Tout moun te bezwen gen youn. Jounen jodi a se etone nou ke moun yo pito yon telefòn tòtch. Ou ka pote li pi fasil, li pa chè e ou ka chaje li tout kote. An pasan, m ap fè w konnen ke pi bèl kado ou ka bay pitit ou, zanmi ou oubyen yon moun ki premye nan yon konkou se yon telefòn tòtch. Eseye epi w’a banm nouvèl. 

Men finalman, ou menm ki toujou sou rezo sosyal yo, ki li tout bagay, kisa ou kenbe ? Ou layk (like), kòmante e pataje, sa ki montre ke ou dakò ak sa ou li yo. Eske ou vin pi saj pase avan ? Si se pa sa, èske se pa yon tan pèdi ? Ki avantaj ou jwenn nan pase tan ou sou entènèt ki pa vrè vi a ?

Nou nan sizyèm jou ane 2016 la. Ou te swete moun pase bòn ane menm jan gen moun ki te swete w sa tou. Kilè tout bagay pral kòmanse pou ou ? Nan mwa fevriye  oubyen nan mwa desanm pwochen ? Mwen pa konnen repons ou yo ak tout kesyon sa yo men pa bliye verite sa a ki egziste depi plis pase 1960 lane :

« Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n’ap twonpe. Paske lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre an yon zòrèy soti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l’ap fè a”.

Pase yon bon jounen

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...