vendredi 8 janvier 2016

7/01/16:Meditasyon pou jodi a #71 :Gen yon pri pou w peye nan di verite


Gen plizyè fason ou ka di yon sèl verite, men verite a pap chanje. Konsa, Jezi ak apot yo te itilize anpil imaj pou yo pale de sove (delivre). Wayòm syèl la, Wayòm Bondye a, kay Papa a, syèl la, bagay ki anwo nan syèl la, tout bay menm ide a : sove. Rezon an se paske se moun ki sove yo k ap toujou avèk Jezi aprè anlèvman an (1 Tesalonisyen 4.17). Dènye pawòl nan katriyem chapit liv 1 Tesalonisyen an montre ke ansèyman Pòl la se yon verite : « Se pou nou youn ankouraje lòt ak pawòl sa yo » (1 Tesalonisyen 4.18).

Sa apot yo di yo pa ka kontredi Bib la, alewè pou sa Jezi di. Si ou nan konfizyon nan sa fo doktè yo ap preche, pa doute de verite ki nan Bib la paske nan oken ka, Bib la pa ka kontredi tèt li. Egzamine sa w ap tande, Bondye p ap pini ou pou sa (Travay 17.11). Esdras ki te prèt ak yon nonm save te pase tout tan li ap etidye lalwa Senyè a. (Esdras 7.10)

Pran prekosyon ak predikatè avèg yo, w ap tonbe nan menm twou ak yo (Matye 15.14). Mwen repete sa, Bib la pa ka kontredi tèt li. Si gen yon erè, yon manti oubyen yo ta tòde sans yon vèsè,  sa pa soti nan Bondye ni nan moun li te itilize pou ekri pawòl li yo. Yon predikatè ka fè yon erè, men si Sentespri Bondye nan lavi li e ou fè l wè erè li fè a, l ap aksepte ak tout imilite, paske men sa nou li nan 1 Korent 2.14-16 :

« Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l egzamine yo. Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l, li kapab jije tout bagay. Men li menm, pèsonn pa ka jije li. Jan sa ekri nan Liv la:  Ki moun ki pou moutre l sa pou l fè ? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris. »

Pa preche pou yo ka wè w diferan de lòt predikatè kòmsi preche te yon konkirans epi prim yo t'ap delivrans (sove), benediksyon materyèl ak popilarite. Preche verite a jan Bondye revelew li a e pinga ou pè devan menas ni anndan ni deyò legliz. Yo te pase apot Pyè ak Jan lòd pou pa pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi, men anba pouvwa Sentespri a, yo te reponn konsa : « Jije nou men kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande, » (Travay 4.19-20).

Pòl sa a ki te di Timote : « Sa ou te tande m di ou devan anpil temwen, se pou ou remèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka montre lòt moun yo tou » (2 Timote 2.22) se li menm ankò ki te di kretyen Galasi yo : « Men kounye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m ap di nou laverite ? » (Galat 4.16). Lè ou gen pou preche verite, ou gen pou w fè enmi men toujou sonje ke anyen pap rive ou si pa volonte Bondye paske « Pou nou menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte » (Matye 10.30).

Pase yon bon jounen
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...