vendredi 8 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #72: 4 konsèy pou w ka gen kè kontan


Nou tout ap chache viv byen. Paske nou soti nan Adan ak Èv, je nou toujou sote sou sa ki bon pou manje, sa ki bèl e sa ki ka fè je nou louvri (Jenèz 3.6). Men sa kap fè n tonbe souvan nan tantasyon an.

Apot Jan te di : « Pa renmen lemond, ni anyen ki soti nan lemond. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki soti nan lemond se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k’ap vire tèt moun lè yo gen anpi byen sou latè » (1 Jan 2.15-16)

Olye pou w ap chache kè kontan nan lemond kote li posib pou w tonbe anba anpriz satan (1 Jean 5.19), pratike pito 4 konsèy sa yo ke nou jwenn nan Som 1.1-2.

1. Pa koute konsèy mechan yo

Yon konsèy se sa yon moun panse ke li di w ki ka fè w poze yon aksyon. Nan sans sa a, gen bon ak move konsèy. Yon moun ki mechan pa ka bay bon konsèy. Jezi te di : « Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase l ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo » (Matye 12.35)  David te di : « Mwen rayi tout moun k’ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo » (Som 26.5).

2. Pa swiv egzanp moun k’ap fè sa ki mal yo

La a, otè a pap pale de tout moun antanke pechè, men moun k’ap viv nan peche. Yon kretyen ki fèt yon dezyèm fwa pap pratike peche (1 Jan 3.9). Apot Pòl te deklare : “Piga nou twonpe tèt nou; move zanmi gate bon levasyon” (1 Korent 15.33) Si Jezi se chemen ki mennen kot Bondye, moun k’ap fè peche yo se chemen ki mennen nan pèdisyon.

3. Pa chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz

Rizib se youn nan siy dènye jou yo (2 Pyè 3.3). Salomon pale de youn nan defo moun kap pase moun nan rizib nan sa li t ap di yo: “ Moun k’ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy” (Pwovèb 15.12). Si ou chita ansanm ak yo, teste sajès ou.

 4. Repase lalwa Senyè nan tèt ou
Medite, se reflechi anpil e nan yon fason apwofondi sou yon bagay. Se lè ou konsantre ou sou yon pawòl, yon vèsè oubyen yon panse. Youn nan kondisyon pou Jozye te reyisi se te medite pawòl ki nan liv lalwa a lajounen kou lannwit (Jozye 1.8). Izaak te konn medite (Jenèz 24.63). Salomon te di : « Yon moun ki dwat kakile anvan li bay repons. Men mechan yo prese bay move pawòl » (Pwovèb 15.28) Medite pa vle di reflechi sou yon bon sijè paske ou ka panse sou yon mal avan ou fè l : « Li kouche sou kabann li, l’ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tout sa ki mal » (Pwovèb 36.4)

Meditasyon w ap fè chak jou yo pa anven. Ou tankou yon pyebwa yo plante bò kannal: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p’ap janm fennen. Tou sa l fè soti byen » (Som 1.3)

Mwen swete ou byen medite !
Pase yon bon midi !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...