lundi 31 décembre 2018

Kilès ki ka fiyanse ?


Si nou pati sou youn nan rezon nou sot site sou nesesite fiyansay la ki se refleksyon sou avni koup la nan fwaye a, nou ka di fiyansay la posib si 6 kondisyon sa yo respekte (w ap jwenn 4 nan atik sa, 2 lòt yo nan liv la k ap soti nan mwa janvye a):

1. De kretyen ki renmen tout bon

Tonbe damou yon gason pa vle di renmen l si fi a pa chache konnen l paske pasyon fè
moun fè move chwa yo regrèt lè yo pran konsyans de reyalite a. Gen relasyon seksyèl ak yon fi, ba l lajan pa vle di gason an renmen l pou sa paske gen anpil relasyon ki pa rive nan maryaj atout yo
tap mache byen nan pataj byen ak lajan. Vrè renmen an pa chita sou imajinasyon, lespwa san konsyans reyalite yo. Ou pa ka fiyanse ak yon moun ou pa prè pou marye, yon moun ou pa fè konfyans, yon moun ki pa konn paran w, ki pa respekte chwa w, kwayans ou, vizyon w ak opinyon w. E pou sa fèt, fòk renmen an gen dyalòg, senserite ak respè youn pou lòt.

2. De kretyen ki gen laj pou renmen

Se vre laj pa detèmine kapasite oswa lè pou renmen. Gen kretyen ki marye a dizwit lane, alewè pou renmen e fiyanse. Sepandan, eksperyans chak moun pa eksperyans tout moun e ou pa
oblije defini yon laj pou w renmen ni fiyanse. Paske n ap viv nan yon sosyete ki gen prensip, nou pa ka vyole tout sou pretèks nou gen dwa fè sa n vle. Anplis de sa, lalwa detèmine laj pou marye pou
gason e pou fi, e paran yo, ki gendwa pa kretyen, pap aksepte yon fiyansay ak tout laj. Laj ou detèmine kantite lane ou egziste, konsa tou, li ka detèmine eksperyans ou fè. A 12 lane, li difisil pou yon jèn gason di l ka pran swen yon fanm paske li poko gen matirite. Yon fi 13 lane pa ka leve yon
pitit paske l manke konesans sou ledikasyon. Angwo, laj defini eksperyans nou, eksperyans montre konesans nou e konesans fè matirite nou. Si w pa gen laj (ase konesans) pou renmen, ou pa ka
fiyanse.

3. De kretyen ki pa renmen an kachèt

Youn nan rezon ki fè renmen an kachèt pa ka mennen fiyansay se paske paran yo dwe
konnen. Nou pa menm bezwen pale de legliz ak lòt zanmi. Yon renmen ki pa ka ofisyèl pa ka bay nesans ak fiyansay. Alò, si w ta bezwen fiyanse, premye pwoblèm pou rezoud nan relasyon w lan se fè moun konnen l.

4. De kretyen ki respekte moralite evanjelik yo

Pwiske n ap pale sou sa ki konsène fiyansay kretyen, patnè ki pral fiyanse yo dwe byen
konnen sa Levanjil di sou konpòtman fiyanse pou yo pa vyole prensip moralite l yo. Konsa, yon fi pap bezwen repete sa l pa vle osinon sa Bib la pa vle pou de moun ki renmen fè. Yon senp rapèl, konsèy ka desann volim move entansyon pou fè peche. Nenpòt fiyansay ki okazyone fònikasyon, san rete, pap ka bay yon maryaj ki nan volonte Bondye tou. Yon maryaj ki beni se pa yon relasyon Bondye konnen nan seremoni an men ki kòmanse nan sanktifikasyon e ki kontinye ladan aprè. Pa
gen tante chans nan benediksyon, Bondye mete prensip pou sa fèt (1 Korentyen 6.18-20).

....

Jérôme Dorsonne Emerson
FI

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...