dimanche 12 juillet 2020

Dizyèm obstak ki ka fè w pa ka sèvi Bondye byen



|PIBLIKASYON/EVANJELIK 

Dizyèm obstak
W AP PRATIKE PECHE SEKSYÈL YO
___________________________
📚 Èske w li premye nimewo a deja? Klike sou tit la pou w telechaje l REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN

___________________________
📧 Ekri JDE nan profesame@gmail.com 
📞 (509) 3639-6642
Like Facebook Page: Jde-Haiti-Officiel
___________________________

Dènye obstak sa a se youn nan pi gran yo. 

Mwen raple m pastè Marcello Tunasi, nan youn nan mesaj li yo, te bay rezon ki fè peche seksyèl se peche ki pi difisil pou kite. Se paske chak lè w fin fè l, ou toujou anvi refè l. Se tankou li vin yon dwòg ou pa ka pa pran pou w viv. Se pa menm jan ak yon mal ou ka fè pa aksidan e ou evite l. 

Fònikasyon ak adiltè se de peche moun pa kite fasil e se yo ki kreye gwo obstak nan lavi anpil moun ki vle sèvi Bondye. Ou ka li liv sa a pou w jwenn mwayen pou w lite kont yo. Klike la pou w telechaje l gratis 👉KONSÈY POU EVITE FÒNIKASYON.

Peche sa yo mete nan lavi w dout, perèz, kè sote, neglijans pou lapriyè, distans kont tout sa ki twò esprityèl ak santiman kilpabilite. Se ou menm ki pou deside kite yo, sinon w ap rive nan yon moman y ap vin nòmal. E lè sa a, se nan ipokrizi ou pral sèvi Bondye. Konsyans ou p ap janm sispann di w lavi w pa pwòp.



Jérôme Dorsonne Emerson 
Ektrè REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN, #2
P27,28

Setyèm obstak ki fè w pa ka sèvi Bondye byen


|PIBLIKASYON/EVANJELIK 

Setyèm obstak
OU PLIS SIVEYE LAVI LÒT MOUN PASE PA W
___________________________
📚 Èske w li premye nimewo a deja? Klike sou tit la pou w telechaje l REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN
___________________________
📧 Ekri JDE nan profesame@gmail.com 
📞 (509) 3639-6642
Like Facebook Page: Jde-Haiti-Officiel
___________________________

Gen de vèsè m toujou itilize pou m esplike reyaksyon yon kretyen ta dwe genyen anfas peche lòt moun: 

1. Jak 5.19-20
2. 1 Jan 5.16

Nan Jak 5.19-20 an, apot Jak montre ramne yon frè nan yon move chemen ka fè de byen: 1) li rache yon nanm anba lanmò epi 2) li jwenn padon pou anpil peche. Sa fè, li pi bon pou w chache ede moun k ap viv nan peche pase pou w ap siveye yo pou denonse yo. Se pa travay sèvitè Bondye sa, daprè tèks sa a. Sa pa vle di pou w tolere yon peche nonplis, men pale yon frè mal pa miyò pase tolere l nan peche. Bondye pa mande fè ni youn ni lòt. 

Nan 1 Jan 5.16 la, apot Jan montre sèvitè Bondye a dwe fè prèv konpasyon ak entèsesyon lè li wè yon frè tonbe. Li pa ka nan denonse ni nan pran plezi nan chit li, li dwe lapriyè pou li. Pwiske apot la pa mansyone ki peche pou yo pa priye pou li a, sèvitè Bondye a dwe lapriyè pou tout peche. 

Konesans Bondye ba ou a se pa pou w jije moun, rann lavi yo enposib, denonse yo, fache ak yo, domine yo, abize yo. Li ba w li pou w fè travay li e aplikasyon de vèsè sa yo antre nan sèvis tout kretyen k ap sèvi Bondye byen.


Jérôme Dorsonne Emerson 
Ektrè REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN, #2
P27,28

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...